Seksyon sa a ba ou yon apèsi sou preparasyon enfòmasyon pou demann ou a. Li ofri ou yon ide sou prèv enpòtan pou sipòte istwa ou. Li eksplike kijan pou jere ak pataje enfòmasyon enpòtan ou yo.
Aprann plis sou prèv ak dokiman sipò nan Seksyon 5: Prepare pou Odyans ou a.
Ekri istwa ou a
Li itil pou ekri istwa a sou sa ki te pase ou ak poukisa ou pè pou retounen nan peyi ou. Òganize istwa w lan nan lòd kronolojik, depi nan kòmansman rive nan fen an, epi mete otan dat ke posib. Sa ka ede ou idantifye prèv enpòtan pou demann ou a. Asire w ke ou enkli chak detay enpòtan epi pa bliye okenn enfòmasyon enpòtan. IRB-RPD ka dezapwouve si w kache enfòmasyon oswa prezante nouvo detay nan odyans ou a.
Ranmase prèv ou yo
Li enpòtan pouw rasanble prèv pou sipòte demann ou. Prèv yo ede IRB-RPD kwè sa ki te rive ou epi konprann sitiyasyon nan peyi ou ak rezon ki fè ou pa ka retounen.
Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble:
- Dokiman ki pwouve kiyès ou ye
- Prèv ki montre sa ki te pase ou a se laverite
- Dokiman oswa rapò nouvèl ki montre akisa lavi a sanble nan peyi w ak poukisa w an danje ladan l.
- Lèt oswa dokiman legal (afidavi) ke lòt moun ka temyanye ke istwa ou a se laverite.
- Rapò ki montre ou te mande yon ajans gouvènman nan peyi ou èd
Eseye jwenn nenpòt bagay ou bezwen nan peyi lakay ou (peyi ou oswa kote ou te konn viv) pi vit posib. Jwenn rapò polis oswa lopital ka pran anpil tan. Si ou pa ka jwenn yon bagay, kenbe yon dosye sou kijan ou te eseye jwenn li.
Revize dokiman ak prèv ou yo
Li enpòtan pou ou revize tout prèv ak dokiman ou yo pou w chèche erè. Yon moun ka ekri yon lèt sipò pou ou ki pa matche ak enfòmasyon nan BOC ou a. Ou ka bezwen pale ak moun ki ekri lèt la pou ka eksplike nan odyans ou a. Pale ak reprezantan legal ou sou sa pou fè. Li trè enpòtan pou IRB-RPD kwè tout pati enpòtan nan istwa ou a.
Tradwi tout dokiman yo
Tout prèv yo dwe tradui an Anglè oswa an Fransè. Sa pran tan, kidonk fè li le pli vit posib. Tcheke ak reprezantan legal ou sou sa ou bezwen fè tradwi.
Kenbe yon kopi tout dokiman ou yo
Kenbe fotokopi tout dokiman ou yo:
- BOC ou a ak tout lòt dokiman immigrasyon w yo
- Istwa w lan
- Tout prèv, aplikasyon, ak lèt ke ou menm oswa reprezantan legal ou a bay IRB, CBSA or IRCC
Jwenn yon dosye pou kenbe dokiman ou yo òganize epi an sekirite. Kenbe dokiman ou yo jiskaske ou vin yon sitwayen Kanadyen.
Mete adrès ou ajou
Toujou kenbe adrès ou ajou. Sa enpòtan pou ou pa rate okenn enfòmasyon sou demann ou a.
