Pwosesis pou fè demann azil lan konplike. Li bon pou w gen yon reprezantan legal ki ka gide w nan pwosesis lan. Ou pa oblije gen yon reprezantan legal, men li ka ede w fè bagay pi byen. Yon reprezantan legal ka ede w soumèt demann ou a, prepare prèv ou yo, epi sipòte w nan odyans ou a.
Kilè mwen ta dwe jwenn yon reprezantan legal?
Eseye jwenn yon reprezantan legal anvan ou kòmanse demann azil ou a. Si sa pa posib, jwenn youn pi vit posib anvan yo pwograme odyans ou a. Konsa, ou menm ak reprezantan w lan ap gen anpil tan pou prepare.
Ki sa yon reprezantan legal ka fè?
- Fè w konnen si ou ka fè yon demann azil, epi si se yon bon lide.
- Eksplike tèm Refijye Konvansyon ak Moun ki bezwen pwoteksyon epi di ki pati ki aplikab pou ou.
- Ede w ak sa pou mete nan Fòm BOC ou a
- Di w ki prèv ou bezwen rasanble
- Revize prèv ou yo epi voye yo bay IRB-RPD
- Kominike avèk IRB-RPD (ak Ministè a si yo enplike).
- Prepare w pou odyans ou a epi ede w pratike repons kesyon yo.
- Sipòte w nan odyans ou a epi ede w prezante demann ou bay IRB-RPD.
- Eksplike desizyon ki soti nan IRB-RPD epi di w ki pwochen etap laN oswa opsyon ou genyen.
Kiyès ki ka reprezante m?
Moun sa yo ka reprezante ( travay pou) ou pandan demann ou kòm refijye a:
- Avoka
- Konsiltan nan imigrasyon
- Notè piblik (nan pwovens Kebèk)
- Paralegal lisansye (nan pwovens Ontaryo)
Chwazi reprezantan legal ou ak anpil prekosyon. Èske yo pral tande w ak anpil atansyon? Èske yo pral gen tan pou ou? Èske yo toujou vini lè w bezwen yo? Èske yo onèt? Èske yo chaje w yon kantite lajan ki kòrèk? Si ou pa sèten, mande yon travayè sosyal ou fè konfyans sou yo.
Sosyete Legal yo ak Òganizasyon Pwofesyonèl
Ou vle kwè ke reprezantan legal ou a ap gide ou byen epi l ap ba w bon konsèy. Verifye ke yo se yon manm nan òganizasyon pwofesyonèl yo.
Men lyen pou sosyete legal nan pwovens ou a:
- Bawo nan Alberta
- Bawo nan Kolonbi Britanik
- Bawo nan Manitoba
- Bawo nan Nouvo Bwunswick
- Bawo nan Newfoundland ak Labrador
- Bawo Nova nan Scotia Barrister
- Bawo nan Ontaryo
- Bawo nan Zile Prens Edwa
- Bawo nan Kebèk
- Bawo nan Saskatchewan
Si ou anboche yon konsiltan imigrasyon, asire w ke yo se yon manm nan Kolej Konsiltan Imigrasyon ak Sitwayènte. Konsiltan imigrasyon yo dwe sètifye pou pratike devan IRB. Ou ka verifye estati yon konsiltan imigrasyon nan Rejis Piblik lan.
Si ou anboche yon asistan jiridik nan Ontaryo, verifye dosye yo nan Bawo nan Ontaryo.
Si ou anboche yon notè nan Kebèk, verifye dosye yo avèk Chanm Notè nan Kebèk.
Reprezantan san frè
Ou gen dwa gen yon moun ou fè konfyans (tankou yon manm fanmi oswa zanmi) ki ba ou èd gratis ak demann ou an. Moun sa a rele “reprezantan san frè.” Men, toujou eseye jwenn yon reprezantan legal.
Kijan pou mwen jwenn yon reprezantan legal?
- Mande ajans k ap ede w enstale w lan pou kèk non.
- Pale ak kèk reprezantan legal diferan pou wè si ou renmen yo. Li avi sou yo.
- Si ou pa gen lajan pou èd legal, mande Asistans Legal oswa klinik legal san pwofi pou jwenn yon reprezantan gratis oswa ki gen yon pri ba.
Asistans legal ak klinik legal
Klike sou pwovens ou a pou w jwenn sèvis legal ki ka gratis oswa pi ba pri ki disponib lan.
Apre ou fin voye BOC ou a, kontakte Èd legal nan Alberta (LAA) pou mande yon avoka ki ka reprezante w nan odyans refijye ou a. Lè w aplike, LAA ap poze w kèk kesyon sou sitiyasyon w ak sou kantite lajan ou genyen pou wè si ou kalifye. Yo ka mande w pou w bay dokiman. Si yo apwouve w, w ap toujou oblije peye avoka w, men sa ap fèt ak yon to ki pi ba.
Si LAA pa deside ede ou paske ou pa kalifye finansyèman oswa yo panse demann ou a paP reyisi, ou ka fè apèl (mande pou revizyon). Ou ka oblije remèt tout oswa yon pati nan depans asistans legal yo.
Pou aplike nan LAA, rele: 1-866-845-3425.
Gen kèk ajans nan Calgary ak Edmonton ki ka ede w ranpli Fòm BOC ou a.
Kalgary
Jwenn konsèy legal ak èd pou Fòm BOC ou a nan konsèy Jiridik nan Calgary.
Konsèy Jiridik nan Calgary 100 – 840 – 7th Avenue SW Telefòn: 403-234-9266
Edmonntonn
Jwenn konsèy legal pou Fòm BOC ou a nan Sant kominotè Legal Edmonton (ECLC).
Sant kominotè Legal Edmonton Telus House, South Tower, 2nd Floor 10020 100 Street Telefòn: 780-702-1725
Èd legal
Kontakte Èd Legal BC (LABC) depi w kapab aplike pou èd legal
Èd Legal BC gen avoka benevòl pou:
- Demann azil – soti nan kòmansman jouk rive nan fen
- Pou kèk ka apèl
- Èd Legal ak yon reprezantan ki pou defann ou si yo arete w
Pou w aplike:
Telefòn: 604-601-6076 oswa 1-888-601-6076 (gratis)
Suite 400 – 510 Burrard Street Vancouver, BC V6C 3A8
Lè ou aplike, Èd Legal Kolombi Britanik (LABC) ap poze ou kesyon pou wè si ou kalifye. Yo ap egzamine kantite lajan ou genyen ak fòs demann azil ou a. Yo ka mande ou ba yo dokiman.
Si ou jwenn asistans legal, ou ka swa di yo non yon avoka ou vle oswa mande yo pou yo asiyen ou nenpòt avoka.
Si w gen kesyon oswa ou rankontre difikilte pou aplike pou asistans legal, ou ka mande èd nan men yon Navigatè Asistans Legal. Sa yo se anplwaye LABC ki ede moun konprann epi pase nan pwosesis asistans legal lan. Pou kontakte yon Navigatè Asistans Legal, rele 1-866-577-2525.
Si w pa ka gen èd legal
Si LABC di ou pa kalifye pou asistans, ou ka fè apèl (mande yon revizyon). Ekri yon lèt kote ou eksplike poukisa ou pa dakò epi voye li ba yo pa lapòs, imèl, oswa faks pi vit ke posib. Ou dwe voye lèt sa a nan 30 jou apre ou resevwa desizyon negatif sou asistans legal lan. Ou ka ajoute nenpòt dokiman ou panse ki ka sipòte apèl ou a.
Si ou toujou pa kalifye, yon ajans entegrasyon ka refere ou nan klinik legal oswa lòt resous nan kominote w lan.
Klinik Konsèy Legal Gratis
Si ou pa ka jwenn asistans legal, ou ka aplike pou sèvis nan:
Klinik Legal pou Imigrasyon ak Refijye Telefòn: 778-372-6583 WhatsApp: 778-222-7568 Imel: [email protected] 103 – 2610 Victoria Drive Vancouver, BC V5N 4L2
Pwogram Konsèy Legal Etidyan Dwa UBC (LSLAP) Telefòn: 604-822-5791
Si ou ta renmen pale pandan yon demi èdtan ak yon avoka imigrasyon, ou ka kontakte:
Aksede a sosyete Pro Bono Telefòn: 604-878-7400 Nimewo san frè : 1-877-762-6664
Kontakte Èd legal Manitoba (LAM) dè ke posib epi fè demann pou èd legal.
Èd legal Manitoba Enfòmasyon sou kòman pou aplike Aplikasyon èd legal sou entènèt Telefòn: 204-985-8511 San frè: 1-866-800-8056
Si LAM di ou pa kalifye, ou ka fè apèl (mande yon revizyon).
Ou ka tou kontakte Konsèy entèkonfesyonèl imigrasyon Manitoba (Plas byenveni) pou ede w ak demann ou. Yo ofri sèvis paralegal.
Konsèy entèkonfesyonèl imigrasyon Manitoba (Plas byenveni) 521 Bannatyne Place Winnipeg, Manitoba Phone: 204-977-1000 Rele oswa ale dirèkteman pou pran yon randevou
Rele oswa voye yon imèl bay Klinik Refijye Nouvo Bwonswick pou jwenn èd anvan ou kòmanse demann azil ou si ou kapab. Ou ka kalifye pou reprezantasyon legal gratis.
Klinik Refijye Nouvo Bwonswick 327 St George Street, Suite 204 Moncton, NB E1C 1W8 Telefòn: 506 204 5781 Imel: [email protected] Faks: 506 204 6117
Kontakte Èd Legal Newfoundland pou wè si ou kalifye pou èd legal. Yon avoka èd legal kapab ede w ak Fòm BOC ou a epi reprezante w nan odyans refijye ou. Yo pral egzamine kantite lajan ou genyen ak fòs demann azil ou a.
Aplike sou entènèt, pa lapòs, pa faks, oswa an pèsòn nan biwo èd legal lokal ou. Ale sou sit Èd Legal Newfoundland pou jwenn aplikasyon an ak kote biwo yo.
Ale nan Èd Legal Newfoundland pou w ka jwen aplikasyon ak adrès diferan biwo yo
Si ou pa jwenn èd legal, ou ka fè apèl (mande yon revizyon).
Rele Halifax Refugee Clinic pou jwenn èd anvan ou kòmanse demann ou a si ou kapab. Si ou kalifye finansyèman, ou kapab jwenn reprezantasyon legal gratis.
Klinik Refijye Halifax 5538 Macara Street Halifax, Nova Scotia Imel: [email protected] Telefòn: 902 422 6736
Kontakte Èd Legal Ontaryo (LAO) dè ke posib epi fè demann pou èd legal. Si ou kalifye, LAO ap peye frè legal ou yo epi ba ou non avoka ki ka reprezante w. Si LAO di ou pa kalifye, ou ka mande yon revizyon desizyon an. Si ou toujou pa kalifye, ka gen lòt klinik legal ki ka ede w. Yon travayè entegrasyon ka gide w nan lòt resous nan kominote w.
Èd Legal Ontaryo
Pou fè demann èd legal rele: Telefòn: 416-979-1446 San frè: 1-800-668-8258
Toronto – Biwo Lwa refijye
20 Dundas Street West Suite 202 Toronto, ON M5G 2H1 Telefòn: 416-977-8111
Pou jwenn yon avoka prive nan Zile Prens Edwa, ale sou:
Kontakte Biwo èd Jiridik – Dwa Imigrasyon Kebèk dè ke posib. Si ou kalifye pou èd legal, yo ap ede w jwenn yon avoka gratis pou reprezante w. Chak rejyon nan Kebèk gen biwo èd legal diferan. Jwenn lis konplè a ak enfòmasyon kontak yo. Fè demann pou èd legal dè ke ou kapab.
Peryòd datant yo trè long pou jwenn yon avoka atravè èd legal. Souvan, ou pap jwenn yon avoka anvan dat limit pou soumèt BOC ou a.
Ou ka kontakte yon avoka poukont ou ki aksepte manda èd legal tou. Si ou kontakte yon avoka ki aksepte manda èd legal, ou ka òganize pou Èd Legal kouvri frè yo. Jwenn lis avoka imigrasyon ki aksepte manda èd legal.
Èd Legal Monreyal – Biwo dwa Imigrasyon
Telefòn: 514-849-3671 425 Maisonneuve Boulevard West Suite 400 Montréal
Si ou bezwen èd pou jwenn yon avoka oswa ou ka kontakte tou:
Telefòn: 514-484-7878 35, rue Port Royal Est, Montréal Ouvri soti lendi rive vandredi soti 9è nan maten rive 5è nan aprèmidi
Sant Refijye – Klinik Legal
Telefòn: 514-846-0005 2107 Saint-Catherine St West #100 Montreal
Kontakte Klinik “CLASSIC” San randevou nan Saskatoon pou fè demann pou èd legal ak Fòm BOC ou a ak pou reprezantasyon nan odyans refijye ou a. Yo bay sèvis pou moun ki gen revni ba nan Saskatoon. Yon avoka ap deside si ou kalifye.
Klinik “CLASSIC” San randevou 123 – 20th Street West Saskatoon, SK S7M 0W7 Telefòn: 306-657-6100 Imel: [email protected]
Lalwa Pro Bono Saskatchewan
Lalwa Pro Bono Saskatchewan gen Klinik Legal Gratis atravè pwovens lan (eksepte Saskatoon). Rele yo pou wè si ou kalifye pou yon èdtan konsèy legal gratis ak yon avoka.
Si ou kalifye, ou ka rankontre ak avoka a plis pase yon fwa. Yo pa ede w konplete Fòm BOC ou a oswa ale ak ou nan odyans ou. Men, yo ka refere w nan Pwogram Panèl Imigrasyon ak Refijye pou jwenn yon avoka ki ka fè sa.
1650 – 2002 Victoria Avenue Regina, Saskatchewan S4P 0R7 Telefòn: 306-569-3098 San frè: 1-855-833-7257 Faks: 306-569-2198 Imel: [email protected]
