Si ou pa ka jwenn okenn reprezantan, ou dwe fè Fòm BOC ou a ou menm, epi ale nan odyans ou a.
Si ou pa gen èd legal:
- Patisipe nan yon Ready Tour.
- Li Gid Demandè a.
- Li Pake Dokimantasyon Nasyonal pou peyi w la.
- Itilize sit entènèt sa a kòm gid ou.
- Li tout sa CBSA ak IRB-RPD voye ba ou epi suiv enstriksyon yo.
- Ou dwe abitye ak Fòm BOC ou a, naratif ou, ak prèv ou. Asire w ke tout bagay nan dokiman sa yo se verite.
- Mande èd nan men fanmi, zanmi, oswa lòt moun nan kominote a ou ka fè konfyans. Pa egzanp, yon moun ki bon nan lekti ak ekri ka kontan ede w.
