Chwazi yon reprezantan legal trè zenpòtan. Aprann kijan reprezantan legal ou ta dwe travay ak ou, kisa yo pa dwe fè, ak wòl ou. Dekouvri kisa pou fè si ou panse reprezantan ou a pap fè yon bon travay.
Wòl yon reprezantan legal
Reprezantan legal a dwe:
- Fikse yon dat pou rankontre ou sou demann ou a, kote yo:
- Pale w de eksperyans legal yo
- Mande w enfòmasyon sou demann ou epi koute istwa ou a
- Eksplike w lwa ou bezwen konnen yo
- Di w ki opsyon ou genyen
- Di w konbyen tan pwosesis la ap pran
- Eksplike pwochen etap yo
- Eksplike kijan n ap rete an kontak youn ak lòt
- Li ak reponn mesaj sou telefòn oswa imel ou yo
- Reponn kesyon legal ou yo
- Di w ki prèv ou bezwen pou demann ou an.
- Revize prèv ou yo epi voye yo bay IRB-RPD
- Rankontre avè w pou prepare ou pou odyans ou
- Prepare temwen yo pou odyans ou a
- Pou yo montre ke yo pare pou odyans ou a
- Jwenn yon entèprèt pou reyinyon ak odyans ou, si sa nesesè
- Fè ou konnen si yo fè yon erè
- Koute lide w yo epi w swiv enstriksyon ou yo (oswa si yo pa dakò, eksplike pou kisa).
- Vini nan odyans refijye ou a òganize epi prepare
Wòl antan ke kliyan
Menm si ou gen yon reprezantan legal, sa se demann PA W li ye. Wòl ou kòm kliyan se:
- Bay reprezantan legal ou tout prèv ak dokiman yo mande ak nenpòt nouvo enfòmasyon ou genyen. Reprezantan legal ou a ap soumèt dokiman yo bay IRB-RPD pou ou.
- Pataje nenpòt nouvèl ki enpòtan sou peyi ou avèk yo.
- Li ak reponn mesaj telefòn oswa imel yo.
- Li dokiman oswa enfòmasyon yo ba ou.
- Pataje avèk yo nenpòt dokiman oswa lèt ou resevwa ki soti nan IRCC, CBSA, oswa IRB-RPD.
- Asire w ke yo konnen enfòmasyon kontak aktyèl ou epi kote yo ka kite mesaj pou ou.
- Mande èd lè w bezwen
- Pale sou nenpòt dezakò ou genyen.
- Ou dwe onèt pou yo ka ede w nan pi bon fason.
- Kenbe dokiman ou òganize epi pran nòt de nenpòt travay yo mande w fè
- Rive alè pou nenpòt randevou ak odyans.
Kisa reprezantan legal ou a pa dwe fè
Reprezantan legal ou pa dwe:
- Sispann kontakte ou
- Voye yon fòmilè san non yo sou li kòm reprezantan ou
- Di w pou w fè manti oswa retire enfòmasyon sou dokiman
- Sigjere w itilize fo dokiman oswa fo prèv
- Mande w siyen yon fòm vid oswa ki pa konplè
- Refize eksplike w sa y ap fè, reponn kesyon w, oswa ba w kopi dokiman ak fòm ou yo.
- Refize fè sa ou mande san yon bon rezon
- Aji yon fason ki pa profesyonèl (pa egzanp, fè kòlè oswa enpasyan ak ou)
- Pwomèt ke w ap reyisi nan demann azil ou a. Se sèlman IRB-RPD k ap deside si w ka rete Kanada. Fè atansyon si yo diw ke yo “konnen yon moun” nan IRCC, IRB-RPD, oswa yon anbasad Kanadyen.
Dout sou reprezantan legal ou a
Ou ka enkyè si reprezantan legal ou a pa fè travay li byen. Si w kapab, eseye pale ak yo pou rezoud pwoblèm lan. Si sa pa ede:
- Si ou gen yon avoka asistans legal, kontakte biwo asistans legal lokal ou. Pafwa ou ka chanje avoka asistans legal ou si ou gen yon bon rezon. Si asistans legal pèmèt ou fè chanjman, ou dwe enfòme avoka ou a pa ekri, epi yo ap bay nouvo avoka a dokiman ou yo.
- Si reprezantan ou an travay nan yon konpayi, mande sipèvizè l pou ede w.
- Kontakte òganizasyon pwofesyonèl reprezantan ou a pou jwenn èd.
