About

Konsènan

Aprann poukisa Demann Azil Mwen enpòtan pou moun ki fè Demann azil yo, ak istwa ak òganizasyon ki dèyè yo.

Demann Azil Mwen an se pou moun ki fè Demann azil yo

Moun ki fè Demann azil yo se moun ki vle pwoteksyon pou refijye nan Kanada.

Moun ki kite peyi yo akoz pèsekisyon epi ki mande pwoteksyon nan yon lòt peyi, yo rele yo refijye. Nan Kanada, moun k ap chèche azil yo rele yo Demandè azil.

Lè yo rive Kanada, moun k ap fè demann azil yo kòmanse yon pwosesis ki long epi konplike. Objektif lan: pwoteksyon refijye yo. Si yo reyisi, yo ka aplike pou yo vin rezidan pèmanan. Demandè azil yo se pa Refijye ke Gouvènman Asiste oswa Refijye ke yo patwone an prive, ki vin rezidan pèmanan lè yo rive Kanada.

Demann Azil Mwen an, se travayè premye liy yo, ekspè legal yo ak moun k ap fè demann azil yo ki kreye l. Objektif la se pou rann sistèm pwoteksyon refijye a pi fasil pou tout moun ki fè demann azil yo.

Demann Azil Mwen an baze l sou kat angajman kle

Enfòmasyon ki pètinan

Nou edike ak enfòmasyon ki ajou, egzat epi apwopriye.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou konekte Demandè azil yo ak ekspè ki gen ladrès pou ede yo.

Enfòmasyon aksesib

Nou fè sistèm pwoteksyon refijye Kanada a pi fasil pou konprann ak navige.

Aprantisaj kolaboratif

Nou travay nan kreye konfyans ak relasyon pwofesyonèl ak Demandè azil yo ak moun ki nan gouvènman an, sa k pa nan gouvènman, ak ajans entègouvènmantal yo.

Resous pou Demann Azil Mwen an

Si ou se yon Demandè azil nan Kanada, Bwochi pou Oryantasyon yo ki se, MyRefugeeClaim.ca, ak Ready Tour yo fèt pou ou. Y ap ede w jwenn enfòmasyon, konekte w epi prepare w. Sepandan, yo pa fèt nan lide pou ranplase bon konsèy legal yo.

Si w se yon travayè nan yon etablisman oswa kominotè, yon avoka, epi lòt reprezantan legal oswa yon Kanadyen konsène, itilize resous sa yo pandan n ap ede Demandè azil yo nan pwosesis yo a.

Bwochi pou oryantasyon (Orientation Booklet)

Ti liv ilistre sa a ki enprime nan 28 paj (8.5″x11″) se yon gid pratik ki fèt nan plizyè lang ak enfografi, lis verifikasyon, aksyon pou w pran, ak plis enfòmasyon ankò.

MyRefugeeClaim.ca

Sit entènèt miltileng sa a bay yon apèsi konplè sou pwosesis demann azil lan, etap pa etap, depi nan kòmansman jiskaske l fini.

Ready Tours

Ready Tour yo se atelye vityèl gratis kote Demandè azil yo ka prepare yo pou odyans azil yo epi aprann sou pwosesis apèl refijye yo.

Resous pou chak etap nan demach demann azil lan

Grafik senp sa a montre ki kote resous Demann azil Mwen an pi byen sipòte Demandè azil yo nan demach yo.

Yo revize resous Demann Azil mwen an pou yo ka egzak legalman

Avoka yo revize kontni a pou presizyon legal. Gade dat dènye revizyon legal lan sou chak paj wèb.

  • Alastair Clarke, Clarke Immigration Law  (Seksyon 2, 5)
  • Amanda Aziz, Lwa Aziz (Seksyon 4, 6)
  • Chris Ghirardi, Lawyer, èd Legal nan KB (Seksyon 8)
  • Claudia Andrea Molina, Cabinet Molina Inc. (Seksyon 7)
  • Ruth Williams, èd Legal nan Alberta (Seksyon 1, 3)

Orijin

An 2008, Kinbrace, Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye (UNHCR Kanada), ak Konsèy Imigrasyon ak Refijye Kanada – Divizyon Pwoteksyon Refijye (Rejyon Lwès) ansanm te lanse Ready Tours pou Demandè azil yo nan Vancouver, BC.

Gid Preparasyon pou Odyans Refijye yo te devlope an 2010 kòm yon ti liv ki fasil li pou moun ki fè demann yo ki te patisipe nan Ready Tours  yo nan Vancouver. Popilarite li, ak diskisyon li te enspire yo, te mennen a kreyasyon yon ti liv elaji ki gen 48 paj an 2014. Yo te tradui ti liv la nan 11 lang epi yo te mete li ajou ak adapte li regilyèman pou sis rejyon nan Kanada kote odyans pou refijye yo te fèt an pèsòn. Gid plizyè lang yo rete disponib available isit la. Atansyon: Gid yo te mete ajou an 2019-2020. Sa ka rive gen enfòmasyon ki chanje.

An 2017, yo te rasanble enskripsyon Ready Tour ak Gid Preparasyon pou Odyans pou Refijye yo nan resous anliy Ready For My Refugee Hearing (fransè, anglè). Objektif lan se te pou pi byen rive sou Demandè azil yo pandan nou konekte enfòmasyon, pwosesis ak founisè sèvis yo.

Pandemi 2020 a te mennen chanjman enpòtan nan pwosesis azil yo. Sa te mennen nan reimajine yon gwo kanpay edikasyon legal piblik ak resous enfòmasyon ki ta ka aksesib pou Demandè azil yo, pandan ke li fasil pou mete founisè yo ajou epi jere yo.

Rezilta a se Demann Azil Mwen an: resous pou Demandè azil yo jwenn enfòmasyon, konekte epi prepare yo.

Finansè pwojè yo

Alberta Law Foundation
The Law Foundation of Ontario
The Houssian Foundation
The Notary Foundation
UNHCR Canada
The Law Foundation of British Columbia
Èd Legal BC
British Columbia | WelcomeBC

Kijan w ka ede

Ou ka ede Demandè azil yo enfòme yo, konekte yo ak prepare yo nan amelyore resous Demann Azil Mwen an.

Bay fidbak ou

Kinbrace Refugee Housing & Support

kominote Kinbrace ki baze li nan Vancouver, BC, akeyiDemandè azil yo ak sipò byennèt konplè ki gen ladan li lojman, akonpanyeman, travay, ak resous edikasyon piblik legal. Vizyon nou pou chak Demandè azil se yon mond akèy, yon kominote dapatenans, ak yon vi ranpli ak opòtinite.