Nouvo lwa nan Kanada ka afekte kalifikasyon w pou fè demann azil, menm si w te deja soumèt aplikasyon ou an. Kèk enfòmasyon sou sit entènèt sa a pa ajou. N ap mete l ajou. Pale ak yon avoka oswa yon founisè sèvis etablisman ke w fè konfyans. Aprann Plis

Refugee Hearing Preparation Guide

Gid Preparasyon pou Odyans Refijye yo

Gid Preparasyon pou Odyans refijye (RHP) pou moun ki pale plizyè lang rete itil pou edike, gide, ak sipòte moun k ap fè demann azil yo – nan lang pa yo – k ap prepare pou odyans refijye yo.

Enfòmasyon ajou ak agrandi yo disponib nan www.myrefugeeclaim.ca, men (pou kounye a) sèlman an Angle.

Sèvi ak Gid RHP a pou

  • Rasanble prèv
  • Prepare pou odyans refijye a

Kontinye jwenn Kontni ki gen anpil Valè nan lang ou a

Gid RHP la rete gen anpil valè, sitou paske li disponib nan 12 lang pou moun ki fè demann azil yo.

Paj 16-27 nan seksyon Preparasyon pou Odyans Refijye w la genyen kontni ki estab, itil.

Si lang ou prefere pa disponib pou rejyon ou ye a, men li disponib pou yon lòt rejyon, pa ezite itilize li. Fè atansyon ke kèk nan kontni an ka pa aplike pou rejyon ou an.