Rasanble prèv yo

Li enpòtan pou ranmase ak voye prèv sou demann refijye ou bay IRB-RPD. Prèv ki gen ladan nenpòt enfòmasyon ki montre w ap di laverite sou kiyès ou ye, sa ki te deja rive w, ak sa ou pè ki ka rive ou si ou retounen nan peyi w. Li kapab dokiman, lèt, atik jounal, rapò medikal oswa sikolojik, foto, anrejistreman odyo, oswa menm videyo yo.

Prèv yo ede Manm nan kwè sa ki te rive ou, epi konprann sitiyasyon an nan peyi ou ak poukisa ou pa ka retounen.

Kilè pou w kòmanse rasanble prèv

Rasanble prèv pran tan, sitou si w ap eseye jwenn li nan yon lòt peyi. Kòmanse ranmase prèv ou yo osivit ke posib. Si ou gen yon reprezantan legal, mande yo ki prèv ki ka ede, di yo sa ou genyen, epi mande yo pou yo egzamine li. Aji rapidman.

Kondisyon pou tradiksyon

Tout prèv, enkli anrejistreman son, dwe nan lang Anglè oswa Fransè. Pa itilize Google Translate oswa tradui dokiman yo poukont ou. Li preferab pouw pran yon tradiktè pwofesyonèl. Si ou gen yon avoka asistans legal, pri tradiksyon an ka kouvri an pati oswa konplètman pa asistans legal. Si ou pa ka peye pou sa, ou ka fè yon moun ou fè konfyans ki pale kouraman lang epi swa anglè oswa fransè tradui dokiman ou yo.

Tradiktè ou a dwe siyen yon deklarasyon ke ou dwe voye bay IRB-RPD ansanm ak dokiman ki te tradui a. Deklarasyon an dwe genyen:

  • Non tradiktè a
  • lang lan ak dyalèk (si genyen),
  • yon deklarasyon ke tradiksyon an egzat, ak
  • siyati tradiktè a.

Prèv sipò ou yo

Gen kat tip prèv ou ka rasanble pou sipòte demann ou a

Prèv kiyès ou ye

Ou bezwen prèv sou idantite ak sitwayènte ou. Sa ka gen ladan:

  • yon paspò
  • kat idantifikasyon nasyonal
  • batistè
  • Sètifika mariyaj
  • relve akademik oswa sètifika,
  • lisans chofè,
  • idantite militè, oswa
  • manm pwofesyonèl oswa relijye.

Lòt prèv ka ede tou. Mande reprezantan legal ou a ki prèv ou ka bezwen pou montre idantite ou.

Prèv sou demann ou a

Ou bezwen prèv ki ka montre:

  • Istwa ou ak evènman nan naratif ou a se laverite
  • Ou vrèman pè retounen nan peyi ou
  • Ou an danje nan peyi ou
  • Gouvènman ou a pa ka pwoteje w
  • Li pa rezonab oswa sekiritè pou ou viv nan yon lòt vil nan peyi w

Men kèk kesyon pou ede ou jwenn prèv pou demann ou a:

  • Èske ou gen foto, lèt, videyo, imel, mesaj tèks, oswa lòt dokiman ki montre pwoblèm ou te genyen?
  • Èske ou te ale nan lapolis oswa yon ajans gouvènman pou èd? Jwenn yon kopi rapò lapolis oswa prèv vizit ou a.
  • Èske ou te resevwa èd medikal? Jwenn yon kopi dosye lopital oswa doktè a.
  • Èske gen atik nan jounal oswa piblikasyon sou entènèt ki gen rapò ak moun oswa evènman ki konekte ak demann ou a?
  • Èske gen moun ki te wè sa ki te rive ou a? Mande yo pou ekri sa ki te pase a epi voye li ba ou. Si posib, mande yo pou deklare ke sa se vre devan yon avoka oswa notè piblik. Toujou mande yo pou yon kopi kat idantite yo.
  • Èske gen moun ki te wè sa ki te rive ou a? Mande yo pou ekri sa ki te pase a epi voye li ba ou. Si posib, mande yo pou deklare ke sa se vre devan yon avoka oswa notè piblik.
  • Èske demann ou a baze sou relijyon w oswa ide politik ou, oswa lòt gwoup ou te ladanl? Jwenn dokiman ki montre ou se manm.
  • Èske ou gen pwoblèm mantal akòz sa ki te pase a? Jwenn yon rapò doktè, psikològ, oswa konseye nan Kanada. Sa pran tan, kidonk fè sa pi vit ke ou kapab.
  • Èske ou sou rezo sosyo? Pran eskrinshòt nenpòt pòs ki dirèkteman sou istwa ou.

Ou ka pa kapab jwenn tout prèv ou bezwen nan peyi ou paske li pa an sekirite oswa paske li twò difisil pou jwenn. Fè tout sa ou kapab pou jwenn prèv yo, e si ou pa ka jwenn yon prèv, eksplike an ekri bay KIER-SPR poukisa ou pa t kapab jwenn li.

Prèv sou kondisyon nan peyi a

Ou ka soumèt prèv ki montre kondisyon nan peyi ou ak kijan yo gen rapò ak demann ou an. Sa enkli rapò ki fyab sou kondisyon politik, sosyal, kiltirèl, ekonomik, ak dwa moun nan peyi ou.

KIER-SPR kenbe dokiman piblik sou kondisyon nan peyi atravè mond lan nan Katak Nasyonal Dokimantasyon (KND).

Fè atansyon! Gen kèk dokiman nan KND yo ki ka ansyen. Kondisyon nan peyi ou ka chanje oswa eksperyans ou te viv yo ka pa nan KND a. Pale ak reprezantan legal ou pou wè ki nouvo enfòmasyon ki ka ede ou nan reklamasyo ou lan.

Pa egzanp, ou ka voye:

  • Atik nouvèl aktyèl oswa videyo,
  • Deklarasyon temwen ekspè yo,
  • Atik akademik, oswa
  • Rapò sou dwa moun.

Katak Nasyonal Dokimantasyon pou peyiw.

Prèv temwen bay

Ou ka gen temwen nan odyans ou pou pale sou demann ou. Yon temwen se yon moun ki gen enfòmasyon enpòtan sou ou ak sou demann ou. Pandan odyans lan, temwen yo pral reponn kesyon e avoka ou e Manm nan ap poze a. Temwen yo pa ka koute sa ou di nan odyans lan, epi ou pa ka pale ak yo pandan poz yo. Pafwa, Manm lan ka pa bezwen mande temwen ou yo pou pale.

Si ou gen yon temwen, bay KIER-SPR enfòmasyon sa yo alekri omwen dis jou anvan dat odyans ou an:

  • Enfòmasyon pou kontakte yo (adrès, nimewo telefòn, ak nimewo faks)
  • Yon ti deklarasyon sou poukisa y ap pale
  • Pandan konbyen tan ou panse yo pral pale
  • Relasyon ou avèk yo
  • Si y ap pale an pèsòn, pa videokonferans, oswa pa telefòn
  • Si yo bezwen yon entèprèt, lang lan ak dyalèk la
  • Si temwen an se yon ekspè oswa yon spesyalis, bay enfòmasyon sou kompetans yo,Yon ti rapò sou sa yo pral di, e yo dwe siyenl.