Èske tout moun ki fè demann yo gen dwa a yon odyans?

IRB-RPD deside kèk demann azil san yon odyans, oswa avèk sèlman yon odyans kout. Yo rele sa pwosesis demann mwens konplèks. IRB-RPD ka idantifye w pou pwosesis sa a si:

  • demann tankou pa w la oswa ki soti nan peyi ou anjeneral yo apwouve,
  • li fasil pou yo konnen idantite w,
  • prèv la sou risk ou a klè ak dirèk, epi
  • li pa two pwobab ke yon kèlkonk pwoblèm konplike ta rive.

IRB-RPD ka deside sa:

  • yon odyans pa nesesè pou apwouve demann azil ou a, oswa
  • se sèlman yon ti odyans ki nesesè pou deside demann ou a.

Demann yo deside san yon odyans

Si IRB-RPD panse demann ou a ka deside san yon odyans, y ap voye yon avi ba w ke demann ou a nan Pwosesis Dosye Revize (FRP). Nan avi sa a, IRB-RPD ap mande w oswa reprezantan w lan pou voye nenpòt lòt prèv ke ou genyen. Ou dwe siyen yon fòm konfimasyon tou epi retounen li ak prèv ou.

Apre IRB-RPD resevwa fòm ou a, yo pral revize ka w la. Yo pral swa:

  • Aksepte demann ou a san yon odyans. Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon Avi Desizyon ki di yo aksepte demann ou a, oswa
  • Deside yon odyans oswa yon ti odyans kout nesesè pou pran yon desizyon sou demann ou a. Ou pral resevwa yon lèt ki gen detay sou odyans ou a.

Demann ki ka gen yon odyans kout

Yon odyans tipik dire 3-4 èdtan, pandan y ap yon odyans kout dire sèlman 1-2 èdtan. IRB-RPD ka ofri w yon ti odyans si:

  • Pifò demann ki soti nan peyi w yo ka swa aksepte oswa PA aksepte (sa vle di yo gen swa yon trè wo oswa trè ba pousantaj akseptasyon),
  • demann ou a gen sèlman youn oubyen de pwoblèm enpòtan pou diskite, epi
  • pa gen okenn pwoblèm konplike nan demann ou a.

Si IRB-RPD panse yo ka deside demann ou a ak yon ti odyans kout, y ap voye yon Avi espesyal pou w parèt. Si w panse odyans ou a bezwen plis pase de zèdtan, mande pou yon odyans ki pi long touswit epi eksplike poukisa. Si IRB-RPD dakò, y ap ba ou yon odyans ki pi long nan menm jou a, oswa nan yon dat apre.

Demann ki pa ka gen yon odyans kout

Yo pap kapab pran desizyon sou demann ou a ak yon odyans kout si:

  • Yon avoka Minis la vle entèvni pou opoze demann ou a nan odyans ou a
  • IRB-RPD te di Minis la ta ka gen yon pwoblèm grav ak demann ou a.