Prepare odyans ou an
Aprann ki prèv ou ka ranmase ak soumèt anvan odyans refijye ou la. Konprann sa Komisyon Imigrasyon e Estati Refijye Kanada (KIER) ap chèche pou pran yon desizyon ak kijan prèv ou yo ka sipòte reklamasyon refijye ou la.
Konprann Definisyon Legal yo
Pou yo aksepte demann azil ou a, ou dwe montre swa ou se yon Refijye Konvansyon oubyen yon Moun ki bezwen Pwoteksyon. Yon Manm nan IRB-RPD ap deside apre yo fin li dokiman ou yo epi tande istwa ou a.
Ou bezwen konprann definisyon ak kijan pou ranmase prèv ki ka ede demann ou a
Li chak pati nan definisyon yo. Pou chak pati ki vre pou ou, fè yon lis prèv ou ka jwenn pou montre ke li vre. Bay reprezantan legal ou a lis lan.
Refijye Konvansyon
Pou w ka konsidere kòm yon refijye Konvansyon, ou dwe rampli 6 condisyon sila yo:
- Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen ap pwobableman fè fas ak pèsekisyon (sibi tretman ki move anpil).
- Mwen ka sibi move tretman poutèt ras mwen, relijyon mwen, nasyonalite mwen, opinyon politik mwen, oswa paske mwen manm yon gwoup sosyal.
- Mwen onètman pè retounen.
- Mwen gen rezon valid pou m pè viv nan peyi mwen.
- Gouvènman mwen an pa ka pwoteje mwen.
- Mwen pa ka viv an sekirite oubyen nan kondisyon rezonab nan oken lòt pati nan peyi a.
Moun ki bezwen pwoteksyon
Pou yo ka konsidere kòm yon moun ki bezwen pwoteksyon, ou dwe montre ke youn nan de kondisyon sa yo se laverite:
- Si mwen retounen nan peyi mwen, moun ki gen pouvwa yo ap ka maltrete mwen. OUBYEN
- Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen ka mouri oswa sibi move tretman oswa pinisyon, epitou…
- Gouvènman mwen pa ka pwoteje mwen
- Mwen pa ka viv an sekirite oswa nan kondisyon ki rezonab nan okenn lòt pati nan peyi a.
- Mwen an danje men se pa tout moun nan peyi mwen ki gen risk sa a.
- Mwen pa an danje sèlman paske peyi mwen vle pini m paske m fè yon bagay ki se yon krim nan Kanada, epi
- Mwen pa an danje sèlman akoz sèvis sante ki pa bon nan peyi mwen
Rasanble prèv yo
Li enpòtan pou rasanble epi voye prèv sou demann azil ou a bay IRB-RPD. Prèv ki gen ladan enfòmasyon ki montre w ap di laverite sou kiyès ou ye, sa ki te rive w deja ak sa ou pè ki ka rive ou si w retounen nan peyi w. Li kapab dokiman, lèt, atik jounal, rapò medikal oswa sikolojik, foto, anrejistreman odyo, oswa menm videyo yo.
Prèv yo ede Manm nan kwè nan sa ki te rive w la, epi konprann sitiyasyon an nan peyi w ak poukisa w pa ka retounen.
Kilè pou w kòmanse rasanble prèv
Rasanble prèv pran tan, sitou si w ap eseye jwenn li nan yon lòt peyi. Kòmanse rasanble prèv pi vit ke posib. Si w gen yon reprezantan legal, mande yo ki prèv ki ka ede, di yo sa w genyen, epi mande yo pou yo egzamine yo. Aji rapidman.
Kondisyon pou tradiksyon
Tout prèv, enkli anrejistreman son, dwe nan lang Anglè oswa Fransè. Pa itilize Google Tradiksyon oswa tradui dokiman yo poukont ou. Li preferab pou w pran yon tradiktè pwofesyonèl. Si w gen yon avoka asistans legal, pri tradiksyon an ka kouvri an pati oswa konplètman pa asistans legal. Si ou pa ka peye pou sa, ou ka fè yon moun ou fè konfyans ki pale kouraman lang epi swa anglè oswa fransè tradui dokiman ou yo.
Tradiktè ou a dwe siyen yon deklarasyon ke ou dwe voye bay IRB-RPD ansanm ak dokiman ki te tradui a. Deklarasyon an dwe genyen:
- Non tradiktè a
- lang ak dyalèk la (si genyen),
- yon deklarasyon ki di ke tradiksyon an egzat, ak
- siyati tradiktè a.
Prèv sipò ou yo
Gen kat tip prèv ou ka rasanble pou sipòte demann ou a
Prèv sou kiyès ou ye
Ou bezwen prèv sou idantite ak sitwayènte w. Sa ka gen ladan:
- yon paspò
- kat idantifikasyon nasyonal
- batistè
- Sètifika mariyaj
- relve akademik oswa sètifika,
- pèmi kondi,
- idantite militè, oswa
- manm pwofesyonèl oswa relijye.
Lòt prèv ka ede tou. Mande reprezantan legal ou a ki prèv ou ka bezwen pou w montre idantite ou.
Prèv sou demann ou a
Ou bezwen prèv ki ka montre:
- Istwa ou ak evènman nan naratif ou a se laverite
- Ou vrèman pè retounen nan peyi w
- Ou an danje nan peyi ou
- Gouvènman ou an pa ka pwoteje w
- Li pa rezonab oswa sekiritè pou ou viv nan yon lòt vil nan peyi w
Men kèk kesyon pou w ede w jwenn prèv pou demann ou a:
- Èske ou gen foto, lèt, videyo, imel, mesaj tèks, oswa lòt dokiman ki montre pwoblèm ou te genyen?
- Èske w te ale nan lapolis oswa yon ajans gouvènman pou èd? Jwenn yon kopi rapò lapolis oswa prèv vizit ou a.
- Èske ou te resevwa èd medikal? Jwenn yon kopi dosye lopital oswa doktè a.
- Èske gen atik nan jounal oswa piblikasyon sou entènèt ki gen rapò ak moun oswa evènman ki konekte ak demann ou a?
- Èske gen moun ki te wè sa ki te rive ou a? Mande yo pou yo ekri sa ki te pase a epi voye li ba w. Si posib, mande yo pou deklare ke sa se vre devan yon avoka oswa yon notè piblik. Epi mande yo pou yon kopi kat idantite yo.
Èske gen moun ki te gen pwoblèm tankou pa w la? Mande yo pou yo dekri sa ki te pase a epi ekri li. Si posib, mande yo pou yo deklare ke sa se vre devan yon avoka oswa notè piblik.
- Èske demann ou a baze sou relijyon w oswa ide politik ou, oswa lòt gwoup ou ladan yo? Jwenn dokiman ki montre ou se manm.
- Èske ou gen pwoblèm mantal akòz sa ki te pase a? Jwenn yon rapò doktè, psikològ, oswa konseye nan Kanada. Sa pran tan, kidonk fè sa pi vit ke posib.
- Èske ou sou rezo sosyo? Pran eskrinshòt nenpòt pòs ki dirèkteman sou istwa ou.
Ou ka pa kapab jwenn tout prèv ou bezwen nan peyi ou paske li pa an sekirite oswa paske li twò difisil pou jwenn yo. Fè tout sa w kapab pou jwenn prèv yo, e si ou pa ka jwenn yon prèv, eksplike na yon dokiman ekri bay IRB poukisa ou pa t kapab jwenn li.
Prèv sou kondisyon nan peyi a
Ou ka soumèt prèv ki montre kondisyon nan peyi ou ak kijan yo gen rapò ak demann ou an. Sa enkli rapò ki fyab sou kondisyon politik, sosyal, kiltirèl, ekonomik, ak dwa moun nan peyi w.
IRB-RPD kenbe dokiman piblik sou kondisyon nan peyi yo atravè mond lan nan Pake Dokimantasyon Nasyonal (KND).
Fè atansyon! Gen kèk dokiman nan NDP yo ki ka ansyen. Kondisyon nan peyi ou a ka chanje oswa eksperyans ou te viv yo ka pa nan NDP a. Pale ak reprezantan legal ou pou wè ki nouvo enfòmasyon ki ka ede w nan demann ou an.
Pa egzanp, ou ka voye:
- Nouvo atik oswa videyo,
- Deklarasyon temwen ekspè yo,
- Atik akademik, oswa
- Rapò sou dwa moun.
Wè Pake Dokimantasyon Nasyonal pou peyi w.
Prèv temwen yo bay
Ou ka gen temwen nan odyans ou pou pale sou demann ou a. Yon temwen se yon moun ki gen enfòmasyon enpòtan sou ou ak sou demann ou an. Pandan odyans lan, temwen yo pral reponn kesyon ni avoka ou ni Manm lan ap poze yo. Temwen yo pa ka tande sa ou di nan odyans lan, epi ou pa ka pale ak yo pandan poz yo. Pafwa, Manm lan ka pa bezwen mande temwen ou yo pou pale.
Si w gen yon temwen, bay IRB-RPD enfòmasyon sa yo alekri omwen dis jou anvan dat odyans ou an:
- Enfòmasyon pou kontakte yo (adrès, nimewo telefòn, ak nimewo faks)
- Yon ti deklarasyon sou rezon y ap pale la
- Pandan konbyen tan ou panse yo pral pale
- Relasyon ou avèk yo
- Si y ap pale an pèsòn, pa videyokonferans, oswa pa telefòn
- Si yo bezwen yon entèprèt, lang lan ak dyalèk la
- Si temwen an se yon ekspè, bay enfòmasyon sou kompetans yo, yon ti rapò sou sa yo pral di yo, e yo dwe siyen l.
Demann ou ak Pwoblèm Legal yo
Manm IRB-RPD an ap egzamine reyalite ki nan dosye w lan ak sitiyasyon ki nan peyi w lan pou li deside si w bezwen pwoteksyon. Gen kèk pwoblèm legal enpòtan ke Manm nan ka adrese pandan odyans refijye w lan. Li seksyon ki anba a pou konprann pwoblèm legal sa yo.
Ou dwe montre ke ou se moun ou di ou ye a. Sa vle di ou dwe montre dokiman ki pwouve ke ou se sitwayen nan peyi ou. Ou dwe montre dokiman sou sitiyasyon imigrasyon ou tou si ou te viv nan yon lòt peyi.
Li ka enpòtan tou pou montre relijyon ou oswa orijin etnik ou, afilyasyon pwofesyonèl, politik, oswa sendika, oryantasyon seksyèl ou, oswa si ou fè pati nenpòt lòt gwoup sosyal.
Si ou pa kapab jwenn kèk nan dokiman pou montre kiyès ou ye, ou dwe eksplike pou kisa nan odyans ou a. Ou ka rakonte kijan ou te eseye jwenn prèv yo.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre idantite ou:
- Pou pwouve ke ou se yon sitwayen nan peyi ou:
- Paspò
- Kat idantite nasyonal
- Kat sèvis militè
- Sètifika Ak maryaj
- Kanè lekòl
- Temwen nan peyi ou ki konnen ou oswa fanmi w
- Pou pwouve relijyon ou:
- Sètifika batèm
- Lèt ki soti nan men lidè relijye w
- Pou pwouve afilyasyon politik ou oswa gwoup pwofesyonèl ou:
- Kat manm nan yon pati politik oswa lòt gwoup
- Lèt ki soti nan men òganizasyon an
- Relve Nòt ki montre fòmasyon pwofesyonèl
- Dosye biznis
- Diplòm
- Pou pwouve oryantasyon seksyèl ou:
- Lèt ki soti nan men yon gwoup kominotè, yon patnè, oswa yon manm fanmi.
- Temwen ki ka bay detay sou fason yo konnen ou fè pati kominote LGBTQ an.
Ou dwe montre ke ou di verite epi ke tout prèv ou yo veridik.
Pou deside si yo ka kwè ou, manm IRB-RPD an bezwen wè ke tout enfòmasyon nan demann ou a mache ansanm. Manm nan ap konpare:
- Fòm BOC ou a ak istwa w lan,
- Prèv ou yo,
- Sa ou di nan odyans ou a,
- Sa temwen ou yo di, epi…
- nouvo istwa yo ak rapò sou dwa moun.
Si gen diferans ou pa ka eksplike, Manm nan ka deside li pa ka kwè ou. Sa ka gen yon enpak negatif sou nenpòt lòt tantativ ou fè pou w rete Kanada.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre ke w ap di verite epi ke ou kredib:
- Rapò peyi ak nouvo atik sou abi dwa moun
- Dosye medikal/ lopital oswa resi
- Rapò lapolis
- Foto blesi
- Deklarasyon temwen
- Yon lèt nan men doktè ou a nan Kanada sou mak oswa blesi
- Screenshot ou pran sou rezo sosyo yo
- Kapti ekran mesaj tèks ki montre menas ki fèt kont ou
Kèk konsèy pou ede ou montre ke w ap di verite pandan odyans ou a:
- Gen prèv ki montre ke kèk detay nan istwa ou yo vrè.
- Fè atansyon pou pa egzajere oswa ajoute bagay ki pa nesesè.
- Pa reponn yon kesyon ke ou pa konprann.
- Si ou pa konprann yon kesyon, mande Manm nan pou l repete oswa rekòmanse li.
- Fòk ou onèt. Pa fè devinèt.
- Reponn ak fraz long, konplè pou asire ke Manm nan konprann ou.
- Chwazi temwen ou yo avèk anpil atansyon. Di yo ke yo dwe di laverite. Eksplike yo ke Manm nan ap atann ke sa yo di a matche ak sa ou di a. Ou ka bay temwen ou yo yon kopi prèv ou yo
Ou dwe montre ke ou vrèman pè move tretman si ou retounen nan peyi ou. Sa a rele tou “Laperèz sibjektif.” Men kèk egzanp kesyon ke Manm nan ka poze ou:
- Apre move tretman ou te sibi nan peyi ou, poukisa ou pa t kite touswit?
- Poukisa ou te pase nan yon lòt peyi ki te an sekirite pandan w ap vini nan Kanada (pa egzanp, Etazini), men ou pa t fè yon demann azil?
- Poukisa ou te retounen nan peyi ou apre ou te kite?
- Poukisa ou te ret tann lè w rive nan Kanada pou w fè yon demann azil?
Reflechi sou kesyon sa yo ak repons ou. Prepare ou otan ke ou kapab anvan odyans ou. Èske ou gen prèv ki pral ede w eksplike sa ou te fè oswa sa ou pa t fè? Pa egzanp, èske ou te espere sitiyasyon an nan peyi ou ta chanje? Èske li te difisil pou ou kite peyi ou?
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble pou ede montre pou kisa ou pè retounen nan peyi ou:
- Rapò lapolis ki montre ou te mande èd nan men lapolis oswa ou te rapòte yon krim ki fèt kont ou.
- Rapò doktè sou nenpòt kondisyon medikal oswa blesi.
- Prèv ki montre ou te eseye chape danje (tankou tikè, resi, dokiman vwayaj).
- Deklarasyon temwen ki montre ou te eseye pwoteje tèt ou kont menas.
- Enfòmasyon ou te rasanble sou kesyon fè yon demann nan yon lòt peyi.
- Dokiman ki montre pou kisa ou pa t kapab kite peyi ou pi vit.
- Dokiman ki montre ou te gen difikilte pou fè yon demann nan Kanada tousuit apre ou rive.
- Prèv ki montre kijan ou te rive ak antre nan Kanada.
Ou dwe montre ke ou pèsonèlman fè fas ak risk pèsekisyon oswa domaj nan peyi ou. Ou dwe montre ke sa a se pa yon risk jeneral nan peyi a. Pa egzanp, si gen anpil vyolans, ou dwe montre pou kisa ou pèsonèlman an danje. Si ou kapab, nonmen moun (oswa gwoup) ki vize ou, poukisa, ak kijan ou konnen.
Ou dwe montre tou ke ou an danje akoz ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik, oswa manm nan yon gwoup sosyal. Yo rele sa yo motif Konvansyon. Si ou gen yon reprezantan legal, mande yo ki motif yo ka aplike pou ou.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre ke ou riske sibi domaj nan peyi ou:
- Nòt, lèt, tèks, oswa mesaj telefòn ki gen menas vyolan
- Deklarasyon ofisyèl soti nan men temwen ki di swa ou menm oubyen moun tankou ou te viktim vyolans
- Fotografi de blesi oswa lòt kalite domaj
- Fotografi de vòl oswa domaj ou te wè (oswa ou te patisipe nan)
- Dosye medikal
- Rapò lapolis ki soti nan peyi ou
- Prèv medya sosyal oswa videyo (si videyo a gen nenpòt moun k ap pale, mo yo dwe ekri epi tradui an Anglè oswa Fransè)
Ou dwe montre ke gouvènman ou pa ka oswa pap pwoteje ou.
Si ou te chèche pwoteksyon nan men otorite yo nan peyi ou men ou pa t jwenn li:
- Eksplike egzakteman sa ou te fè ak kijan yo reponn.
- Eseye jwenn dokiman ki montre ke ou te eseye jwenn èd.
- Eseye jwenn rapò ki soti nan peyi ou ki montre ke otorite yo pa ka oswa pap pwoteje moun tankou ou
Si ou PAT eseye jwenn pwoteksyon nan men otorite yo nan peyi ou:
- Eksplike poukisa epi eseye jwenn dokiman pou montre ke li te rezonab pou eseye.
- Bay egzanp sou sa ki te rive lòt moun ki te eseye jwenn èd.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ta ka rasanble pou montre poukisa gouvènman ou pa ka pwoteje ou:
- Rapò peyi oswa nouvèl ki montre koripsyon gouvènman oswa mank pwoteksyon lapolis
- Rapò ou te fè nan Lapolis
- Deklarasyon ki soti nan men moun ki nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa w lan. Li pi bon si yo deklare sa kòm vrè devan yon avoka oswa notè piblik. Mande yo tou pou yon kopi kat idantite yo.)
Ou dwe montre ke li pa sekiritè oswa posib pou ou viv nan okenn lòt pati nan peyi ou.
IRB-RPD ka nome yon vil nan peyi ou kote yo panse ou ta ka deplase epi viv an sekirite. Sa a rele “altènativ vòl entèn.” Ou dwe montre ke:
- Ou pa ka viv an sekirite la, oswa
- Li pa t ap rezonab pou ou viv la (kòm egzanp, akòz laj ou, sèks ou, oswa sitiyasyon ou).
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble pou montre poukisa ou pa ka viv an sekirite nan lòt pati nan peyi ou:
- Dokiman ki montre ou te eseye sòti nan pwoblèm nan epi ou te deplase nan lòt pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pwoblèm nan egziste nan tout peyi a. Pa egzanp, moun ou pè yo prezan toupatou nan peyi a, oswa move tretman ou pè a prezan nan tout pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pou kisa yon moun tankou w wè li difisil pou viv nan rejyon sa a. Pa egzanp, rapò ki dekri kilti nan peyi ou oswa ki montre gen gwo pwoblèm nan zòn sa a.
- Lèt ki soti nan men zanmi oswa fanmi ki te ede ou kache nan diferan pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pa gen okenn fason pou rive nan rejyon sa a, akoz lagè, dezas natirèl, oswa lòt rezon.
Ou dwe montre ke ou an danje nan chak peyi kote ou se sitwayen oswa rezidan pèmanan.
Si IRB-RPD jwenn ke ou an danje nan yon peyi, men ou ka viv an sekirite nan yon lòt peyi kote ou se yon sitwayen oswa yon rezidan pèmanan, yo pral rejte demann ou an. Yo pral rejte demann ou an tou si ou gen estati refijye nan yon peyi ki te siyen Konvansyon Refijye a epi ou ka retounen la.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp sou prèv ou ka rasanble si IRB-RPD panse ou ka viv an sekirite nan yon lòt peyi:
- Si ou gen dwa pou w viv nan plis pase yon peyi, reflechi sou kalite risk ou fè fas nan chak peyi. Voye tout prèv ou kapab sou risk sa yo.
- IRB-RPD ka panse ou gen dwa pou w viv nan yon lòt peyi. Si ou panse ou pa sitwayen oswa rezidan pèmanan nan peyi sa ankò, bay IRB-RPD yon dokiman gouvènman ki montre sa.
- Si ou pa t janm vin yon sitwayen kote ou te fèt, bay IRB-RPD yon kopi lwa sou sitwayènte pou peyi sa a. (Ou ka jwenn sa sou entènèt la.)
- Si ou pèdi estati rezidan pèmanan ou oswa estati refijye ou nan yon peyi, bay IRB-RPD yon dokiman gouvènman ki montre ou pa ka tounen la ankò.
IRB-RPD ka refize demann ou poutèt krim ou te fè. Sa a rele esklizyon. Sa ka rive si IRB-RPD panse ou te:
- komèt yon krim lagè,
- komèt yon krim grav ki pa politik deyò Kanada, oswa
- vyole lwa entènasyonal sou dwa moun.
Asire w ke ou pale ak yon avoka si IRB-RPD di w yo pral evalye krimnalite kòm pati nan demann azil ou a.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase si IRB-RPD di ou te patisipe nan aktivite kriminèl:
- Dosye tribinal sou nenpòt kondanasyon
- Dosye polis sou fè ke w te rapòte ba yo
- Deklarasyon temwen sou akizasyon yo
- Opinyon legal ke yon avoka nan peyi ou bay
Si ou pa t fè yon demann azil lè ou te fenk rive nan Kanada, ou dwe eksplike pou kisa ou te retade pou te fè li. Yo ka mande w pou esplike pou kisa ou pat kite peyi ou pi bonè, fè yon demann nan yon lòt peyi, oswa fè yon demann azil dè ke ou te rive Kanada.
Li enpòtan pou panse sou kijan ou ka reponn kesyon sa yo paske IRB-RPD ka pa kwè ou gen yon bon laperèz pou retounen nan peyi ou si ou te retade fè demann ou a.
Si ou pa t fè yon demann azil imedyatman, panse sou kesyon sa yo pou ede w adrese rezon ou pou reta a:
- Èske ou te vin pè pou retounen nan peyi ou kèk tan apre ou te rive nan Kanada?
- Èske ou pa t konnen ke ou te dwe fè yon demann dè ke ou rive Kanada?
- Èske ou te gen difikilte pou fè yon demann oswa jwenn reprezantasyon legal?
- Èske ou pa t konnen kijan pou fè yon demann epi li pran tan pou w dekouvri sa?
Bay detay epi fè tout sa ou kapab pou eksplike sitiyasyon oswa sikonstans yo. Prepare w pou reponn kesyon Manm nan ka genyen sou reta w la pandan odyans ou a.
Kijan pou w voye prèv ou yo
Egzijans konsènan prèv yo
Tout prèv ou yo dwe nan lang Anglè oswa Fransè. Si ou gen dokiman nan lòt lang, ou dwe fè tradwi yo an Anglè oswa Fransè. Si w ap soumèt videyo oswa anrejistreman odyo kòm prèv, ou dwe enkli yon transkripsyon ekri de sa ki di ladan yo. Transkripsyon sa a dwe tradwi an Anglè oswa Fransè tou.
Gen yon dat limit pou prèv ou yo. Tout prèv yo dwe al jwenn IRB-RPD omwen 10 jou anvan odyans ou a. Asire w ke ou respekte dat limit sa a!
Ou dwe soumèt prèv yo dwe nan yon fòma espesifik. Kontinye li anba a pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa.
Si ou gen yon reprezantan legal
Si w gen yon reprezantan legal, y ap soumèt dokiman w yo pou ou. Bay reprezantan legal ou yo tout prèv ak dokiman ou yo. Yo ka ede w deside ki dokiman ki enpòtan epi y ap soumèt yo bay IRB-RPD. Asire w ke w ba yo ase tan.
Si w pa gen reprezantan legal
Si yo te envite w pou w itilize My Case, ou dwe soumèt prèv ou atravè pòtal My Case la. Ou ka sèlman itilize yon lòt metòd si ou jwenn pèmisyon nan men IRB-RPD a.
Si se ou ki reprezante tèt ou epi w poko resevwa yon envitasyon My Case, ou ka kontinye voye dokiman yo pa imèl (prefere) oswa pa lapòs.
Lè w ap soumèt prèv ou yo, sonje bagay ki enpòtan sa yo:
- Asire w ke tout dokiman w yo sou papye 8.5 x 11 pous, ki gwosè papye lèt. Dokiman ki tape yo dwe omwen tay 12.
- Mete dokiman ou yo ansanm epi ekri nimewo paj yo soti nan premye rive nan dènye paj a.
- Ajoute yon paj kouvèti ki gen non w ak adrès ou, dat la, nimewo dosye IRB-RPD ou a, yon lis tout dokiman ou yo, ak nimewo paj yo.
- Fè yon kopi pakè dokiman ou a. Kenbe orijinal la.
- Si w ap soumèt dokiman ou yo pa imèl, asire w ke yo nan fòma PDF.
Voye yon kopi pakè dokiman ou a bay IRB-RPD nan rejyon ou a. Rejyon kote ou ye a depann de kote ou rete a. Si w deplase al nan yon lòt rejyon, ou ka mande pou yo transfere dosye w la nan yon lòt rejyon.
Si w rete nan Kolonbi Britanik, Alberta, Saskatchewan, Manitoba, Yukon, oswa Teritwa Nòdwès
Imel
- RPDWestern-SPRouest@irb-cisr.gc.ca
- Swiv enstriksyon sa yo avèk atansyon: Ou dwe voye dokiman w yo kòm anèks nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka depase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI w la (epi nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans la si w genyen youn) epi di ke dokiman prèv yo an anèks. Pa ekri anyen nan kò imel la.
Lapòs
Si w pa ka itilize okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis lapòs/kourye. Kenbe dokiman orijinal ou yo ak resi a. Asire w voye pake ou a bonè pou li ka rive alè.
- IRB-RPD, Place Minto, Building Kanada 344 ri Slater, 12yèm Etaj Otawa, Ontario Kanada, K1A 0K1I
An pèsòn
- IRB–RPD, 300 West Georgia Street, Swit 1600 Vancouver, BC V6B 6C9
- Si ou rete nan Vancouver, ou ka soumèt dokiman ou yo an pèsòn nan IRB.
Si w ret nan Ontaryo (sof Ottawa ak Kingston)
Imel
- RPDCentral-SPRcentre@irb-cisr.gc.ca
- Swiv enstriksyon sa yo avèk atansyon: Ou dwe voye dokiman ou yo kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa dwe depase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou a (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans ou an si w genyen yo) epi ak ki dokiman ki atache. Pa ekri anyen nan kò imèl la.
Lapòs
Si w pa ka itilize okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis lapòs/kourye. Kenbe dokiman orijinal ou yo ak resi a. Asire w voye pake ou a bonè pou li ka rive alè.
- IRB-RPD, Plas Minto, Building Kanada 344 ri Slater, 12yèm Etaj Otawa, Ontario Kanada, K1A 0K1
An pèsòn
- 25 St. Clair Avenue East, Swit 400, Towonto, Ontario M4T 0A8
- Si w rete Towonto, ou ka soumèt dokiman w yo an pèsòn nan IRB.
Si w abite Kebèk, Nouvo Brunswick, Nova Scotia, Zile Pwens Edwa, Newfoundland, Nunavut, Kingston (Ontario), oswa Otawa (Ontario)
Imel
- RPDEastern-SPRest@irb-cisr.gc.ca
- Swiv enstriksyon sa yo avèk atansyon: Ou dwe voye dokiman ou yo kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa dwe depase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou a (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans ou an si w genyen yo) epi ak ki dokiman ki atache. Pa ekri anyen nan kò imèl la.
Lapòs
Si w pa ka itilize okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis lapòs/kourye. Kenbe dokiman orijinal ou yo ak resi a. Asire w voye pake ou a bonè pou li ka rive alè.
- IRB-RPD, Plas Minto, Building Kanada 344 ri Slater, 12yèm Etaj Otawa, Ontario Kanada, K1A 0K1
An pèsòn
- Konplèks Guy-Favreau, 200 boulva René-Lévesque Lwès, Tou Lès, Biwo 102, Monreyal, Kebèk H2Z 1X4
- Si ou abite Monreyal, ou ka soumèt dokiman w yo an pèsòn nan IRB.
Èske tout moun ki fè demann yo gen dwa a yon odyans?
IRB-RPD deside kèk demann azil san yon odyans, oswa avèk sèlman yon odyans kout. Yo rele sa pwosesis demann mwens konplèks. IRB-RPD ka idantifye w pou pwosesis sa a si:
- demann tankou pa w la oswa ki soti nan peyi ou anjeneral yo apwouve,
- li fasil pou yo konnen idantite w,
- prèv la sou risk ou a klè ak dirèk, epi
- li pa two pwobab ke yon kèlkonk pwoblèm konplike ta rive.
IRB-RPD ka deside sa:
- yon odyans pa nesesè pou apwouve demann azil ou a, oswa
- se sèlman yon ti odyans ki nesesè pou deside demann ou a.
Demann yo deside san yon odyans
Si IRB-RPD panse demann ou a ka deside san yon odyans, y ap voye yon avi ba w ke demann ou a nan Pwosesis Dosye Revize (FRP). Nan avi sa a, IRB-RPD ap mande w oswa reprezantan w lan pou voye nenpòt lòt prèv ke ou genyen. Ou dwe siyen yon fòm konfimasyon tou epi retounen li ak prèv ou.
Apre IRB-RPD resevwa fòm ou a, yo pral revize ka w la. Yo pral swa:
- Aksepte demann ou a san yon odyans. Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon Avi Desizyon ki di yo aksepte demann ou a, oswa
- Deside yon odyans oswa yon ti odyans kout nesesè pou pran yon desizyon sou demann ou a. Ou pral resevwa yon lèt ki gen detay sou odyans ou a.
Demann ki ka gen yon odyans kout
Yon odyans tipik dire 3-4 èdtan, pandan y ap yon odyans kout dire sèlman 1-2 èdtan. IRB-RPD ka ofri w yon ti odyans si:
- Pifò demann ki soti nan peyi w yo ka swa aksepte oswa PA aksepte (sa vle di yo gen swa yon trè wo oswa trè ba pousantaj akseptasyon),
- demann ou a gen sèlman youn oubyen de pwoblèm enpòtan pou diskite, epi
- pa gen okenn pwoblèm konplike nan demann ou a.
Si IRB-RPD panse yo ka deside demann ou a ak yon ti odyans kout, y ap voye yon Avi espesyal pou w parèt. Si w panse odyans ou a bezwen plis pase de zèdtan, mande pou yon odyans ki pi long touswit epi eksplike poukisa. Si IRB-RPD dakò, y ap ba ou yon odyans ki pi long nan menm jou a, oswa nan yon dat apre.
Demann ki pa ka gen yon odyans kout
Yo pap kapab pran desizyon sou demann ou a ak yon odyans kout si:
- Yon avoka Minis la vle entèvni pou opoze demann ou a nan odyans ou a
- IRB-RPD te di Minis la ta ka gen yon pwoblèm grav ak demann ou a.
Prepare pou jou odyans ou a
Gen anpil fason enpòtan ou ka prepare pou jou odyans ou. Odyans lan se chans ou pou rankontre ak Manm IRB-RPD an epi reponn kesyon sou demann ou. Pase tan prepare pou odyans ou ap ede w santi ou plis gen kontwòl pwosesis lan.
Pratike reponn kesyon yo
Youn nan fason ou ka prepare pou odyans ou se pa pratike reponn kesyon ke Manm nan ka poze ou. Si ou gen yon reprezantan legal, ou ka mande yo pase kèk tan ap fè sa avèk ou anvan odyans ou. Mande yo ki kesyon yo ka poze ou, ak ki konsèy yo genyen pou reponn kesyon yo. Pi plis ou prepare pou reponn kesyon yo, se pi byen sa ap ye!
Si ou pa gen yon reprezantan legal, ou ka revize fòm BOC ou a, naratif ou, ak nenpòt prèv ou soumèt. Panse sou kijan ou ta reponn kesyon sou sa ki nan dokiman ou yo.
Ou ka pratike reponn kesyon sou:
- nenpòt kontradiksyon nan istwa ou oswa dokiman yo
- diferan pati nan istwa ou a
- poukisa ou panse ou ta gen risk si ou retounen nan peyi ou
- si ou ta kapab viv an sekirite nan yon lòt pati nan peyi ou
- desizyon ou pran, tankou pou kisa ou te kite peyi ou lè ou te fè sa epi pa t fè sa pi bonè, oswa poukisa ou te tann pou w te fè yon demann azil nan Kanada
Ou ka pratike reponn kesyon ou pa konprann oswa ou pa konnen tou. Si Manm nan poze ou yon kesyon ou pa konprann, pa eseye reponn li. Di Manm nan ke ou pa konprann epi mande yo pou reeksprime li yon lòt fason. Pa janm envante yon repons. Si ou pa konnen yon bagay, oswa si ou pa sèten, di sa.
Pote tout dokiman w yo
Ou pral bezwen gen tout fòm ak prèv ou voye bay KIER-SPR avèk ou nan odyans ou. Asire w ke tout dokiman ou yo òganize nan yon sèl kote oswa dosye pou ou ka fasilman pote yo nan odyans ou. Ou ta dwe pote:
- Fòm BOC lan
- Istwa
- fòmilè imigrasyon yo
- prèv
- Lèt envitasyon
Manm nan ap souvan di ou pa li enfòmasyon ki soti nan dokiman ou yo lè w ap reponn kesyon. Men, ou dwe toujou gen dokiman sa yo avèk ou nan ka Manm nan mande w pou gade yo. Pou egzanp, nan kòmansman odyans ou, Manm nan ap mande w pou revize siyati sou Fòm BOC ou a. Yo ka mande w tou pou gade kèk pati espesifik nan dokiman ou yo si yo gen yon kesyon sou yo.
Patisipe nan yon Odyans Ready Tour
Youn nan fason pou prepare pou odyans ou se patisipe nan yon odyans Ready Tour. Odyans Ready Tour yo gratis sou entènèt kote ou aprann kijan odyans lan ap ye ak kijan pou prepare pou li. Ou pral tande yon moun nan pèsonèl IRB-RPD an, epi ou pral gen chans pou poze nenpòt kesyon ou genyen sou odyans lan.
Men kèk bagay ou pral aprann pandan yon Odyans Ready Tour
- Kijan pou mande yon entèprèt pou odyans ou
- Ki kalite prèv ou ka ranmase pou sipòte demann ou
- Kèk nan pwoblèm legal yo ka abòde nan odyans ou a
- Kijan pou soumèt prèv bay IRB-RPD
- Kijan yon odyans vityèl fèt
- Kiyès ki pral prezan nan odyans ou
- Kijan ou pral konnen si demann ou te aksepte oswa rejte
Planifye kote w ap ye pou odyans ou a.
Pifò odyans yo ap fèt vityèlman, sa vle di y ap fèt sou entènèt epi se pa nan yon biwo IRB-RPD an. Ou pral konnen si odyans ou ap fèt vityèlman oswa an pèsòn lè ou resevwa lèt Avi Pou Konvokasyon ou a ki soti nan IRB-RPD.
Si odyans ou ap fèt vityèlman, ou pral bezwen planifye kote ak kijan ou pral patisipe nan odyans sou entènèt la. Gen kèk egzijans teknik ak prive ou dwe respekte pou fè yon odyans vityèl. Li plis sou kondisyon sa yo isit la.
Si ou gen yon reprezantan legal, mande yo si ou pral ale nan biwo yo pou odyans lan. Si ou pa gen yon reprezantan legal, panse si ou ka fè odyans vityèl ou a lakay ou. Èske ou gen entènèt ki fyab, yon òdinatè oswa yon aparèy ak videyo oswa webcam, ak yon chanm prive epi trankil? Si ou pa gen bagay sa yo, men kèk lòt opsyon:
- Si ou gen yon travayè sosyal oswa yon ajans ki te ede w, mande yo si ou ka ale nan biwo yo pou odyans ou.
- Ekri bay IRB-RPD pou mande yo si ou ka itilize yon òdinatè ak yon chanm nan biwo yo pou patisipe nan odyans vityèl ou.
Si ou panse ke yon odyans an pèsòn ta pi bon pou ou, ou ka ekri IRB-RPD pou mande pou chanje odyans vityèl ou a pou yon odyans an pèsòn pito. Eksplike rezon demann ou a. Li plis sou kijan pou fè sa sou sit wèb IRB-RPD an.
Planifye kote pitit ou yo pral ye.
Si ou gen pitit ki anba 18 ane, yo pa bezwen prezan nan odyans lan, sòf si IRB-RPD voye yon lèt ki di yo dwe la.
Fè yon plan pou kote pitit ou yo pral ye pandan odyans lan. Si ou ap fè yon odyans vityèl epi ou pral lakay ou, eseye asire ke pitit ou yo pa nan chanm oswa zòn kote ou prale. Odyans ou enpòtan anpil, epi li itil pou asire ke gen mwens distraksyon posib. Ou ka ap pale tou sou evènman ki trè sansib oswa difisil. Sa yo se bagay ou ka pa vle pitit ou yo tande. Si posib, voye pitit ou yo lekòl oswa fè yo rete ak yon fanmi oswa zanmi, oswa òganize gadri pou yo.
Si ou pa ka òganize gadri pou pitit ou yo, oswa si ou gen yon tibebe trè piti, di Manm nan sa nan kòmansman odyans lan.
Chanje dat oswa lè odyans ou.
Ou ka sèlman mande pou chanje dat oswa lè odyans ou si ou gen yon ijans oswa maladi. Ou pa ka mande pou chanje odyans ou pou okenn lòt rezon.
Si ou gen yon ijans oswa maladi, swa ou menm oubyen reprezantan legal ou dwe:
- Di IRB-RPD nan yon dokiman ekri (pa imèl oswa faks) omwen twa jou travay anvan odyans ou.
- Sigjere twa lòt dat ak lè pou odyans ou. Dat yo dwe nan lespas dis jou travay apre dat orijinal odyans ou a.
- Voye yon sètifika medikal ki soti nan men doktè ou si rezon ou se medikal. Si ou pa ka jwenn yon sètifika medikal, ou dwe enkli yon lèt ki eksplike poukisa ou pa ka jwenn li.
Jou odyans lan
Li lèt Avi Pou Konvokasyon ou a avèk atansyon. Li pral di w ki lè ou dwe ale nan odyans ou, ak si li an pèsòn oswa sou entènèt. Yo pral mande w pou rive 15 minit anvan lè kòmansman odyans ou.
Si ou bezwen vwayaje yon kote pou odyans lan, tankou biwo avoka ou oswa biwo IRB-RPD an, asire w planifye vwayaj ou epi rive a lè oswa bonè.
Asire w ke ou dòmi byen anvan odyans ou, epi byen manje nan jou odyans ou. Sonje, ou ka mande pou pran poz pandan odyans ou si ou bezwen yo.