Manm IRB-RPD an ap egzamine reyalite ki nan dosye w lan ak sitiyasyon ki nan peyi w lan pou li deside si w bezwen pwoteksyon. Gen kèk pwoblèm legal enpòtan ke Manm nan ka adrese pandan odyans refijye w lan. Li seksyon ki anba a pou konprann pwoblèm legal sa yo.
Ou dwe montre ke ou se moun ou di ou ye a. Sa vle di ou dwe montre dokiman ki pwouve ke ou se sitwayen nan peyi ou. Ou dwe montre dokiman sou sitiyasyon imigrasyon ou tou si ou te viv nan yon lòt peyi.
Li ka enpòtan tou pou montre relijyon ou oswa orijin etnik ou, afilyasyon pwofesyonèl, politik, oswa sendika, oryantasyon seksyèl ou, oswa si ou fè pati nenpòt lòt gwoup sosyal.
Si ou pa kapab jwenn kèk nan dokiman pou montre kiyès ou ye, ou dwe eksplike pou kisa nan odyans ou a. Ou ka rakonte kijan ou te eseye jwenn prèv yo.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre idantite ou:
- Pou pwouve ke ou se yon sitwayen nan peyi ou:
- Paspò
- Kat idantite nasyonal
- Kat sèvis militè
- Sètifika Ak maryaj
- Kanè lekòl
- Temwen nan peyi ou ki konnen ou oswa fanmi w
- Pou pwouve relijyon ou:
- Sètifika batèm
- Lèt ki soti nan men lidè relijye w
- Pou pwouve afilyasyon politik ou oswa gwoup pwofesyonèl ou:
- Kat manm nan yon pati politik oswa lòt gwoup
- Lèt ki soti nan men òganizasyon an
- Relve Nòt ki montre fòmasyon pwofesyonèl
- Dosye biznis
- Diplòm
- Pou pwouve oryantasyon seksyèl ou:
- Lèt ki soti nan men yon gwoup kominotè, yon patnè, oswa yon manm fanmi.
- Temwen ki ka bay detay sou fason yo konnen ou fè pati kominote LGBTQ an.
Ou dwe montre ke ou di verite epi ke tout prèv ou yo veridik.
Pou deside si yo ka kwè ou, manm IRB-RPD an bezwen wè ke tout enfòmasyon nan demann ou a mache ansanm. Manm nan ap konpare:
- Fòm BOC ou a ak istwa w lan,
- Prèv ou yo,
- Sa ou di nan odyans ou a,
- Sa temwen ou yo di, epi…
- nouvo istwa yo ak rapò sou dwa moun.
Si gen diferans ou pa ka eksplike, Manm nan ka deside li pa ka kwè ou. Sa ka gen yon enpak negatif sou nenpòt lòt tantativ ou fè pou w rete Kanada.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre ke w ap di verite epi ke ou kredib:
- Rapò peyi ak nouvo atik sou abi dwa moun
- Dosye medikal/ lopital oswa resi
- Rapò lapolis
- Foto blesi
- Deklarasyon temwen
- Yon lèt nan men doktè ou a nan Kanada sou mak oswa blesi
- Screenshot ou pran sou rezo sosyo yo
- Kapti ekran mesaj tèks ki montre menas ki fèt kont ou
Kèk konsèy pou ede ou montre ke w ap di verite pandan odyans ou a:
- Gen prèv ki montre ke kèk detay nan istwa ou yo vrè.
- Fè atansyon pou pa egzajere oswa ajoute bagay ki pa nesesè.
- Pa reponn yon kesyon ke ou pa konprann.
- Si ou pa konprann yon kesyon, mande Manm nan pou l repete oswa rekòmanse li.
- Fòk ou onèt. Pa fè devinèt.
- Reponn ak fraz long, konplè pou asire ke Manm nan konprann ou.
- Chwazi temwen ou yo avèk anpil atansyon. Di yo ke yo dwe di laverite. Eksplike yo ke Manm nan ap atann ke sa yo di a matche ak sa ou di a. Ou ka bay temwen ou yo yon kopi prèv ou yo
Ou dwe montre ke ou vrèman pè move tretman si ou retounen nan peyi ou. Sa a rele tou “Laperèz sibjektif.” Men kèk egzanp kesyon ke Manm nan ka poze ou:
- Apre move tretman ou te sibi nan peyi ou, poukisa ou pa t kite touswit?
- Poukisa ou te pase nan yon lòt peyi ki te an sekirite pandan w ap vini nan Kanada (pa egzanp, Etazini), men ou pa t fè yon demann azil?
- Poukisa ou te retounen nan peyi ou apre ou te kite?
- Poukisa ou te ret tann lè w rive nan Kanada pou w fè yon demann azil?
Reflechi sou kesyon sa yo ak repons ou. Prepare ou otan ke ou kapab anvan odyans ou. Èske ou gen prèv ki pral ede w eksplike sa ou te fè oswa sa ou pa t fè? Pa egzanp, èske ou te espere sitiyasyon an nan peyi ou ta chanje? Èske li te difisil pou ou kite peyi ou?
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble pou ede montre pou kisa ou pè retounen nan peyi ou:
- Rapò lapolis ki montre ou te mande èd nan men lapolis oswa ou te rapòte yon krim ki fèt kont ou.
- Rapò doktè sou nenpòt kondisyon medikal oswa blesi.
- Prèv ki montre ou te eseye chape danje (tankou tikè, resi, dokiman vwayaj).
- Deklarasyon temwen ki montre ou te eseye pwoteje tèt ou kont menas.
- Enfòmasyon ou te rasanble sou kesyon fè yon demann nan yon lòt peyi.
- Dokiman ki montre pou kisa ou pa t kapab kite peyi ou pi vit.
- Dokiman ki montre ou te gen difikilte pou fè yon demann nan Kanada tousuit apre ou rive.
- Prèv ki montre kijan ou te rive ak antre nan Kanada.
Ou dwe montre ke ou pèsonèlman fè fas ak risk pèsekisyon oswa domaj nan peyi ou. Ou dwe montre ke sa a se pa yon risk jeneral nan peyi a. Pa egzanp, si gen anpil vyolans, ou dwe montre pou kisa ou pèsonèlman an danje. Si ou kapab, nonmen moun (oswa gwoup) ki vize ou, poukisa, ak kijan ou konnen.
Ou dwe montre tou ke ou an danje akoz ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik, oswa manm nan yon gwoup sosyal. Yo rele sa yo motif Konvansyon. Si ou gen yon reprezantan legal, mande yo ki motif yo ka aplike pou ou.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase pou montre ke ou riske sibi domaj nan peyi ou:
- Nòt, lèt, tèks, oswa mesaj telefòn ki gen menas vyolan
- Deklarasyon ofisyèl soti nan men temwen ki di swa ou menm oubyen moun tankou ou te viktim vyolans
- Fotografi de blesi oswa lòt kalite domaj
- Fotografi de vòl oswa domaj ou te wè (oswa ou te patisipe nan)
- Dosye medikal
- Rapò lapolis ki soti nan peyi ou
- Prèv medya sosyal oswa videyo (si videyo a gen nenpòt moun k ap pale, mo yo dwe ekri epi tradui an Anglè oswa Fransè)
Ou dwe montre ke gouvènman ou pa ka oswa pap pwoteje ou.
Si ou te chèche pwoteksyon nan men otorite yo nan peyi ou men ou pa t jwenn li:
- Eksplike egzakteman sa ou te fè ak kijan yo reponn.
- Eseye jwenn dokiman ki montre ke ou te eseye jwenn èd.
- Eseye jwenn rapò ki soti nan peyi ou ki montre ke otorite yo pa ka oswa pap pwoteje moun tankou ou
Si ou PAT eseye jwenn pwoteksyon nan men otorite yo nan peyi ou:
- Eksplike poukisa epi eseye jwenn dokiman pou montre ke li te rezonab pou eseye.
- Bay egzanp sou sa ki te rive lòt moun ki te eseye jwenn èd.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ta ka rasanble pou montre poukisa gouvènman ou pa ka pwoteje ou:
- Rapò peyi oswa nouvèl ki montre koripsyon gouvènman oswa mank pwoteksyon lapolis
- Rapò ou te fè nan Lapolis
- Deklarasyon ki soti nan men moun ki nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa w lan. Li pi bon si yo deklare sa kòm vrè devan yon avoka oswa notè piblik. Mande yo tou pou yon kopi kat idantite yo.)
Ou dwe montre ke li pa sekiritè oswa posib pou ou viv nan okenn lòt pati nan peyi ou.
IRB-RPD ka nome yon vil nan peyi ou kote yo panse ou ta ka deplase epi viv an sekirite. Sa a rele “altènativ vòl entèn.” Ou dwe montre ke:
- Ou pa ka viv an sekirite la, oswa
- Li pa t ap rezonab pou ou viv la (kòm egzanp, akòz laj ou, sèks ou, oswa sitiyasyon ou).
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble pou montre poukisa ou pa ka viv an sekirite nan lòt pati nan peyi ou:
- Dokiman ki montre ou te eseye sòti nan pwoblèm nan epi ou te deplase nan lòt pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pwoblèm nan egziste nan tout peyi a. Pa egzanp, moun ou pè yo prezan toupatou nan peyi a, oswa move tretman ou pè a prezan nan tout pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pou kisa yon moun tankou w wè li difisil pou viv nan rejyon sa a. Pa egzanp, rapò ki dekri kilti nan peyi ou oswa ki montre gen gwo pwoblèm nan zòn sa a.
- Lèt ki soti nan men zanmi oswa fanmi ki te ede ou kache nan diferan pati nan peyi ou.
- Rapò ki montre pa gen okenn fason pou rive nan rejyon sa a, akoz lagè, dezas natirèl, oswa lòt rezon.
Ou dwe montre ke ou an danje nan chak peyi kote ou se sitwayen oswa rezidan pèmanan.
Si IRB-RPD jwenn ke ou an danje nan yon peyi, men ou ka viv an sekirite nan yon lòt peyi kote ou se yon sitwayen oswa yon rezidan pèmanan, yo pral rejte demann ou an. Yo pral rejte demann ou an tou si ou gen estati refijye nan yon peyi ki te siyen Konvansyon Refijye a epi ou ka retounen la.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp sou prèv ou ka rasanble si IRB-RPD panse ou ka viv an sekirite nan yon lòt peyi:
- Si ou gen dwa pou w viv nan plis pase yon peyi, reflechi sou kalite risk ou fè fas nan chak peyi. Voye tout prèv ou kapab sou risk sa yo.
- IRB-RPD ka panse ou gen dwa pou w viv nan yon lòt peyi. Si ou panse ou pa sitwayen oswa rezidan pèmanan nan peyi sa ankò, bay IRB-RPD yon dokiman gouvènman ki montre sa.
- Si ou pa t janm vin yon sitwayen kote ou te fèt, bay IRB-RPD yon kopi lwa sou sitwayènte pou peyi sa a. (Ou ka jwenn sa sou entènèt la.)
- Si ou pèdi estati rezidan pèmanan ou oswa estati refijye ou nan yon peyi, bay IRB-RPD yon dokiman gouvènman ki montre ou pa ka tounen la ankò.
IRB-RPD ka refize demann ou poutèt krim ou te fè. Sa a rele esklizyon. Sa ka rive si IRB-RPD panse ou te:
- komèt yon krim lagè,
- komèt yon krim grav ki pa politik deyò Kanada, oswa
- vyole lwa entènasyonal sou dwa moun.
Asire w ke ou pale ak yon avoka si IRB-RPD di w yo pral evalye krimnalite kòm pati nan demann azil ou a.
Egzanp prèv yo
Men kèk egzanp prèv ou ka ranmase si IRB-RPD di ou te patisipe nan aktivite kriminèl:
- Dosye tribinal sou nenpòt kondanasyon
- Dosye polis sou fè ke w te rapòte ba yo
- Deklarasyon temwen sou akizasyon yo
- Opinyon legal ke yon avoka nan peyi ou bay
Si ou pa t fè yon demann azil lè ou te fenk rive nan Kanada, ou dwe eksplike pou kisa ou te retade pou te fè li. Yo ka mande w pou esplike pou kisa ou pat kite peyi ou pi bonè, fè yon demann nan yon lòt peyi, oswa fè yon demann azil dè ke ou te rive Kanada.
Li enpòtan pou panse sou kijan ou ka reponn kesyon sa yo paske IRB-RPD ka pa kwè ou gen yon bon laperèz pou retounen nan peyi ou si ou te retade fè demann ou a.
Si ou pa t fè yon demann azil imedyatman, panse sou kesyon sa yo pou ede w adrese rezon ou pou reta a:
- Èske ou te vin pè pou retounen nan peyi ou kèk tan apre ou te rive nan Kanada?
- Èske ou pa t konnen ke ou te dwe fè yon demann dè ke ou rive Kanada?
- Èske ou te gen difikilte pou fè yon demann oswa jwenn reprezantasyon legal?
- Èske ou pa t konnen kijan pou fè yon demann epi li pran tan pou w dekouvri sa?
Bay detay epi fè tout sa ou kapab pou eksplike sitiyasyon oswa sikonstans yo. Prepare w pou reponn kesyon Manm nan ka genyen sou reta w la pandan odyans ou a.
