Jwenn Reprezantan Legal

Aprann kijan pou jwenn yon reprezantan legal. Konprann sa yo fè ak sa ou dwe fè. Aprann kijan pou jwenn èd si ou panse yo pap fè yon bon travay.

Jwenn yon Reprezantan Legal

Pwosesis pou fè demann azil lan konplike. Li bon pou w gen yon reprezantan legal ki ka gide w nan pwosesis lan. Ou pa oblije gen yon reprezantan legal, men li ka ede w fè bagay pi byen. Yon reprezantan legal ka ede w soumèt demann ou a, prepare prèv ou yo, epi sipòte w nan odyans ou a.

Kiyès ki ka reprezante m?

Moun sa yo ka reprezante ( travay pou) ou pandan demann ou kòm refijye a:

  • Avoka
  • Konsiltan nan imigrasyon
  • Notè piblik (nan pwovens Kebèk)
  • Paralegal lisansye (nan pwovens Ontaryo)

Chwazi reprezantan legal ou ak anpil prekosyon. Èske yo pral tande w ak anpil atansyon? Èske yo pral gen tan pou ou? Èske yo toujou vini lè w bezwen yo? Èske yo onèt? Èske yo chaje w yon kantite lajan ki kòrèk? Si ou pa sèten, mande yon travayè sosyal ou fè konfyans sou yo.

Sosyete Legal yo ak Òganizasyon Pwofesyonèl

Ou vle kwè ke reprezantan legal ou a ap gide ou byen epi l ap ba w bon konsèy. Verifye ke yo se yon manm nan òganizasyon pwofesyonèl yo.

Men lyen pou sosyete legal nan pwovens ou a:

Si ou anboche yon konsiltan imigrasyon, asire w ke yo se yon manm nan Kolej Konsiltan Imigrasyon ak Sitwayènte. Konsiltan imigrasyon yo dwe sètifye pou pratike devan IRB. Ou ka verifye estati yon konsiltan imigrasyon nan Rejis Piblik lan.

Si ou anboche yon asistan jiridik nan Ontaryo, verifye dosye yo nan Bawo nan Ontaryo.

Si ou anboche yon notè nan Kebèk, verifye dosye yo avèk Chanm Notè nan Kebèk.

    Reprezantan san frè

    Ou gen dwa gen yon moun ou fè konfyans (tankou yon manm fanmi oswa zanmi) ki ba ou èd gratis ak demann ou an. Moun sa a rele “reprezantan san frè.” Men, toujou eseye jwenn yon reprezantan legal.

    Travay ak reprezantan legal ou a

    Chwazi yon reprezantan legal trè zenpòtan. Aprann kijan reprezantan legal ou ta dwe travay ak ou, kisa yo pa dwe fè, ak wòl ou. Dekouvri kisa pou fè si ou panse reprezantan ou a pap fè yon bon travay.

    Wòl antan ke kliyan

    Menm si ou gen yon reprezantan legal, sa se demann PA W li ye. Wòl ou kòm kliyan se:

    • Bay reprezantan legal ou tout prèv ak dokiman yo mande ak nenpòt nouvo enfòmasyon ou genyen. Reprezantan legal ou a ap soumèt dokiman yo bay IRB-RPD pou ou.
    • Pataje nenpòt nouvèl ki enpòtan sou peyi ou avèk yo.
    • Li ak reponn mesaj telefòn oswa imel yo.
    • Li dokiman oswa enfòmasyon yo ba ou.
    • Pataje avèk yo nenpòt dokiman oswa lèt ou resevwa ki soti nan IRCC, CBSA, oswa IRB-RPD.
    • Asire w ke yo konnen enfòmasyon kontak aktyèl ou epi kote yo ka kite mesaj pou ou.
    • Mande èd lè w bezwen
    • Pale sou nenpòt dezakò ou genyen.
    • Ou dwe onèt pou yo ka ede w nan pi bon fason.
    • Kenbe dokiman ou òganize epi pran nòt de nenpòt travay yo mande w fè
    • Rive alè pou nenpòt randevou ak odyans.

    Reprezante tèt ou

    Si ou pa ka jwenn okenn reprezantan, ou dwe fè Fòm BOC ou a ou menm, epi ale nan odyans ou a.

    Si ou pa gen èd legal:

    • Patisipe nan yon Ready Tour.
    • Li Gid Demandè a.
    • Li Pake Dokimantasyon Nasyonal pou peyi w la.
    • Itilize sit entènèt sa a kòm gid ou.
    • Li tout sa CBSA ak IRB-RPD voye ba ou epi suiv enstriksyon yo.
    • Ou dwe abitye ak Fòm BOC ou a, naratif ou, ak prèv ou. Asire w ke tout bagay nan dokiman sa yo se verite.
    • Mande èd nan men fanmi, zanmi, oswa lòt moun nan kominote a ou ka fè konfyans. Pa egzanp, yon moun ki bon nan lekti ak ekri ka kontan ede w.

    Travay ak Entèprèt ou a

    Si ou pa santi w alèz pou pale anglè oswa fransè, ou ka bezwen yon entèprèt pou ede w kominike. Li enpòtan pou gen yon entèprèt pou ou konprann sa k ap pase pandan demann azil ou a. Men kèk egzanp lè ou ka bezwen yon entèprèt:

    • Pandan rankont ak reprezantan legal ou a
    • Pandan entèvyou ak IRCC oswa CBSA
    • Pandan odyans ou nan IRB-RPD

    Si ou gen yon avoka asistans legal, asistans legal ka peye pou kèk sèvis entèprèt. Si ou anboche yon reprezantan legal prive, ou ap pwobableman gen pou peye frè yo poukont ou. Nan lòt sitiyasyon, tankou nan klinik legal gratis, yon zanmi, oswa yon volontè oswa travayè ka ede w kòm entèprèt.

    Ou ka gen yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ou pandan odyans refijye ou a. IRB-RPD ap chwazi entèprèt lan, ou ka pa oblije chwazi entèprèt lan. Tout entèprèt IRB-RPD yo fòme epi gen eksperyans nan entèprete pandan odyans refijye yo.

    Kisa sa entèprèt ou a dwe fè

    Wòl prensipal yon entèprèt se pou l asire ke tout moun ka konprann youn lòt klèman.

    Entèprèt yo dwe:

    • Tradwi egzakteman oswa osi pre ke posib. Yo pa dwe ajoute anyen oswa retire anyen.
    • Pa janm montre si yo dakò oswa pa dakò ak yon bagay.
    • Kenbe tout sa ki te di prive

    Entèprèt ou a pa dwe: 

    • Baw konsèy legal oswa eksplike anyen san li pa gen pèmisyon nan men moun k ap pale a anvan.
    • Di sa yo panse ou te vle di, redwi oswa elaji sa ou di

    Si ou panse entèprèt la fè yon erè oswa si ou pa konprann yon bagay, di reprezantan legal ou, Manm nan, oswa ofisye a.