Travay ak Entèprèt ou a

Si ou pa santi w alèz pou pale anglè oswa fransè, ou ka bezwen yon entèprèt pou ede w kominike. Li enpòtan pou gen yon entèprèt pou ou konprann sa k ap pase pandan demann azil ou a. Men kèk egzanp lè ou ka bezwen yon entèprèt:

  • Pandan rankont ak reprezantan legal ou a
  • Pandan entèvyou ak IRCC oswa CBSA
  • Pandan odyans ou nan IRB-RPD

Si ou gen yon avoka asistans legal, asistans legal ka peye pou kèk sèvis entèprèt. Si ou anboche yon reprezantan legal prive, ou ap pwobableman gen pou peye frè yo poukont ou. Nan lòt sitiyasyon, tankou nan klinik legal gratis, yon zanmi, oswa yon volontè oswa travayè ka ede w kòm entèprèt.

Ou ka gen yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ou pandan odyans refijye ou a. IRB-RPD ap chwazi entèprèt lan, ou ka pa oblije chwazi entèprèt lan. Tout entèprèt IRB-RPD yo fòme epi gen eksperyans nan entèprete pandan odyans refijye yo.

Kisa sa entèprèt ou a dwe fè

Wòl prensipal yon entèprèt se pou l asire ke tout moun ka konprann youn lòt klèman.

Entèprèt yo dwe:

  • Tradwi egzakteman oswa osi pre ke posib. Yo pa dwe ajoute anyen oswa retire anyen.
  • Pa janm montre si yo dakò oswa pa dakò ak yon bagay.
  • Kenbe tout sa ki te di prive

Entèprèt ou a pa dwe: 

  • Baw konsèy legal oswa eksplike anyen san li pa gen pèmisyon nan men moun k ap pale a anvan.
  • Di sa yo panse ou te vle di, redwi oswa elaji sa ou di

Si ou panse entèprèt la fè yon erè oswa si ou pa konprann yon bagay, di reprezantan legal ou, Manm nan, oswa ofisye a.


Pwochen seksyon gid lan: 4 Kòmanse Demann azil ou a