Aji: Aprann, konekte, epi prepare

Aprann konsèy sou kijan pou navige nan pwosesis azil la. Jwenn bon enfòmasyon. Rete konekte ak resous kominotè yo. Prepare w pou chak etap.

Kòmanse Demann Azil ou a

Seksyon sa a ba ou yon apèsi sou kòman demann azil lan kòmanse. Li reponn kesyon debaz yo. Li oryante ou pou demann ou a.

Jwenn enfòmasyon detaye sou kòman pouw kòmanse demann azil ou a nan Seksyon 4 – Demann Azil Ou a.

Kesyon yo souvan poze

Ou ka kòmanse demann azil ou a lè ou rive Kanada oswa yon fwa ou deja sou teritwa Kanadyen an. Li posib pou w gen anpil kesyon:

  • Kijan pou mwen kòmanse demann azil mwen an?
  • Konbyen tan pwosesis lan ap pran?
  • Kisa k ap pase si demann mwen an rejte?
  • Kilè m ap reyini ak fanmi mwen?
  • Kijan pou mwen jwenn èd?
  • Èske y ap kwè istwa mwen an ?

Pa enkyete w! Gen anpil moun ki ka ede w atravè etap yo. Retounen sou sit wèb sa a pou l ede w nan nenpòt nivo nan pwosesis lan.

Konnen tout opsyon ou yo

Fè rechèch epi jwenn konsèy legal anvan ou kòmanse demann ou a. Asire w ke yon demann azil se pi bon opsyon pou ou. Konprann kijan desizyon sa a ka afekte avni ou.

Ale dousman

Pa prese epi pran tan ou pou ranpli BOC ou a. BOC lan trè enpòtan epi ou ka gen pou pale sou li pandan odyans ou a. BOC lan dwe enkli tout evènman enpòtan nan lavi ou ki montre ou se yon refijye.

Pran swen tèt ou

Fè yon demann azil se yon travay ki difisil. Pran bagay yo yon etap a la fwa. Sonje pran swen tèt ou

Rete òganize

Ou pral resevwa anpil papye ak dokiman pandan pwosesis demman azil ou a. Yon dosye ak plizyè seksyon ap ede ou kenbe dokiman ou yo òganize. Jwenn youn si ou kapab, epi kòmanse itilize li.

Fè kopi epi kenbe dokiman ou yo an sekirite.

Kenbe dokiman gouvènman yo ak lòt papye yo, menm si yo ekspire. Pafwa ou menm oswa reprezantan legal ou ap bezwen yo.

Prepare pou entèvyou sou elijibilite ou a

Prepare anvan ou rakonte istwa w nan entèvyou sou elijibilite ou a. Li enpòtan pou istwa ou rete konsistan pandan tout pwosesis demann ou a. Si ou fè yon erè oswa gen bagay ou pa di, diskite sa avèk reprezantan legal ou a. Kenbe kopi tout dokiman gouvènman voye ba ou sou demann azil ou a.

Rakonte istwa w lan

Ou ka oblije rakonte istwa ou plizyè fwa bay diferan moun. Yo ka ajan CBSA, ajan IRCC , reprezantan legal ou, ak manm IRB-RPD nan odyans ou a. Sa ka fè ou santi w anksye. Fè tout posib ou pou w rete onèt epi di laverite sou istwa ou a. Eseye fè an sòt ke istwa w la osi konsistan ke posib.

Konsèy zanmi ak fanmi ba w

Konsèy legal ta dwe sòti lakay reprezantan legal ou a. Menm konsèy fanmi ak zanmi ki te fè demann azil ka pa apwopriye pou ou. Pafwa moun ki eseye ede yo ka pa gen ase eksperyans. Chak demann azil diferan. Si ou pa gen yon reprezantan legal, jwenn yon ajan entegrasyon ou ka fè konfyans pou w bay enfòmasyon.

Prepare enfòmasyon ou yo

Seksyon sa a ba ou yon apèsi sou preparasyon enfòmasyon pou demann ou a. Li ofri ou yon ide sou prèv enpòtan pou sipòte istwa ou. Li eksplike kijan pou jere ak pataje enfòmasyon enpòtan ou yo.

Aprann plis sou prèv ak dokiman sipò nan Seksyon 5: Prepare pou Odyans ou a.

Ekri istwa ou a

Li itil pou ekri istwa a sou sa ki te pase ou ak poukisa ou pè pou retounen nan peyi ou. Òganize istwa w lan nan lòd kronolojik, depi nan kòmansman rive nan fen an, epi mete otan dat ke posib. Sa ka ede ou idantifye prèv enpòtan pou demann ou a. Asire w ke ou enkli chak detay enpòtan epi pa bliye okenn enfòmasyon enpòtan. IRB-RPD ka dezapwouve si w kache enfòmasyon oswa prezante nouvo detay nan odyans ou a.

Ranmase prèv ou yo

Li enpòtan pouw rasanble prèv pou sipòte demann ou. Prèv yo ede IRB-RPD kwè sa ki te rive ou epi konprann sitiyasyon nan peyi ou ak rezon ki fè ou pa ka retounen.

Men kèk egzanp prèv ou ka rasanble:

  • Dokiman ki pwouve kiyès ou ye
  • Prèv ki montre sa ki te pase ou a se laverite
  • Dokiman oswa rapò nouvèl ki montre akisa lavi a sanble nan peyi w ak poukisa w an danje ladan l.
  • Lèt oswa dokiman legal (afidavi) ke lòt moun ka temyanye ke istwa ou a se laverite.
  • Rapò ki montre ou te mande yon ajans gouvènman nan peyi ou èd

Eseye jwenn nenpòt bagay ou bezwen nan peyi lakay ou (peyi ou oswa kote ou te konn viv) pi vit posib. Jwenn rapò polis oswa lopital ka pran anpil tan. Si ou pa ka jwenn yon bagay, kenbe yon dosye sou kijan ou te eseye jwenn li.

Revize dokiman ak prèv ou yo

Li enpòtan pou ou revize tout prèv ak dokiman ou yo pou w chèche erè. Yon moun ka ekri yon lèt sipò pou ou ki pa matche ak enfòmasyon nan BOC ou a. Ou ka bezwen pale ak moun ki ekri lèt la pou ka eksplike nan odyans ou a. Pale ak reprezantan legal ou sou sa pou fè. Li trè enpòtan pou IRB-RPD kwè tout pati enpòtan nan istwa ou a.

Tradwi tout dokiman yo

Tout prèv yo dwe tradui an Anglè oswa an Fransè. Sa pran tan, kidonk fè li le pli vit posib. Tcheke ak reprezantan legal ou sou sa ou bezwen fè tradwi.

Kenbe yon kopi tout dokiman ou yo

Kenbe fotokopi tout dokiman ou yo:

  • BOC ou a ak tout lòt dokiman immigrasyon w yo
  • Istwa w lan
  • Tout prèv, aplikasyon, ak lèt ke ou menm oswa reprezantan legal ou a bay IRB, CBSA or IRCC
  • Nenpòt lèt, dokiman, oswa avi randevou ke IRB, CBSA, oswa IRCC voye ba ou.

Jwenn yon dosye pou kenbe dokiman ou yo òganize epi an sekirite. Kenbe dokiman ou yo jiskaske ou vin yon sitwayen Kanadyen.

Mete adrès ou ajou

Toujou kenbe adrès ou ajou. Sa enpòtan pou ou pa rate okenn enfòmasyon sou demann ou a.

Travay ak avoka w oubyen lòt reprezantan legal

Seksyon sa ba w yon apèsi sou reprezantasyon legal nan pwosesis demann azil lan. Li ede w konprann responsabilite w ak kijan pou w travay ak yon reprezantan legal.

Aprann enfòmasyon detaye sou reprezantasyon legal nan Seksyon 3 – Jwenn reprezantasyon legal .

Fòk ou onèt

Ou dwe onèt ak reprezantan legal ou a. L ap difisil anpil pou yo ede w si w kache yo enfòmasyon. Yo se gid ou.

Prepare w

Prepare ou anvan chak reyinyon ak reprezantan legal ou. Ou ka vle voye kesyon pa imel an premye oswa ou ka fè yon lis kesyon pou pote nan reyinyon an. Sa ap ede ou itilize tan ou byen.

Sa a se demann azil ou.

Pa bliye ke se Demann OU pou pwoteksyon refijye. Menm si ou gen yon reprezantan legal, ou dwe patisipe nan tout etap yo anvan odyans ou a. Swiv dat limit yo. Si ou rate youn nan yo, IRB ka di ou ke ou abandone demann ou a.

Pran kontwòl sou sa ou kapab. Asire w ke ou konprann pwosesis la. Sa ap fè ou santi w pi alèz ak sa k ap pase a.

Peryòd datant

Seksyon sa ba w ide itil sou kijan ou dwe byen itilize tan w, espesyalman lè w ap tann odyans refijye w lan.

Pran pasyans

Atant lan se yon pati nòmal nan fè yon demann azil. Ou ka bezwen tann pou ou gen odyans ou a oswa tann pou konnen si demann ou a aksepte.

Prepare w

Itilize Peryòd datant lan pou w ka prepare w pou odyans ou a.

  • Patisipe nan yon odyans Ready Tour ak IRB-RPD. Ou pral aprann kijan pou prepare w pou odyans ou ak sa k ap pase pandan odyans lan. Ou pral gen pou rankontre staf IRB tou epi poze kesyon sou odyans lan.
  • Regade Fòm BOC ou a, istwa w lan ak prèv ou voye yo.
  • Chèche nenpòt enfòmasyon ki pa matche nan BOC ou a, istwa w la, nòt entèvyou w yo, prèv yo, ak lòt dokiman (enkli aplikasyon viza ou te fè pou lòt peyi). Fè reprezantan legal ou a konnen. Ou ka vle voye chanjman yo bay IRB-RPD.
  • Rete enfòme sou nouvèl k ap pase nan peyi ou. Si gen yon bagay ki rive ki gen rapò ak demann ou a, di reprezantan legal ou sa.

Enstale w

Itilize peryòd datant lan pou w enstale w ak fanmi w. Ou ka:

  • Amelyore anglè w oswa fransè w
  • Chèche you travay
  • Rete aktif fizikman
  • Fè benevola nan kominote a
  • Antre nan yon gwoup nouvo arivan
  • Fè konesans ak vwazen ou yo

Jwenn sipò ou bezwen an

Seksyon sa a ba ou enfòmasyon wo nivo ak konsèy jeneral pou konekte nan sipò itil pandan pwosesis demann azil ou a.

Jwenn enfòmasyon detaye sou Resous Kominotè ki tou pre ou.

Ajans ki ede w enstale w

Rantre an kontak avèk Ajans ki pou ede w enstale w oswa lòt sèvis kominotè pou èd. Yo ka ede w chèche yon travay, jwenn yon kay, jwenn kou lang, enskri pitit ou yo lekòl, epi aprann sou sèvis gratis pou demandè azil.

Pwogram Sante Federal Pwovizwa

Antan ke yon demandè azil, ou ka jwenn swen sante nan Pwogram Sante Federal Pwovizwa (IFHP) ki gen ladan:

  • sèvis lopital,
  • sèvis ke pwofesyonèl swen sante bay,
  • swen je ak swen dantè ijan
  • medikaman sou preskripsyon.

Sa ap kontinye jiskaske ou ka jwenn asirans sante regilye oswa jiskaske ou oblije kite Kanada

Jwenn sipò pou sante mantal.

Ou ka santi estrès pandan pwosesis demann azil la. Ou ka te fè eksperyans twomatizan nan peyi w, pandan vwayaj ou pou vin Kanada, oswa isit la nan Kanada. Gen sèvis nan Kanada ki ka itil ou. IFHP bay kèk èd pou sa.

Fè nouvo zanmi.

Eseye rankontre lòt demandè azil oswa nouvo arivan. Li ka itil pou pataje eksperyans ou ak lòt moun ki ap pase nan menm sitiyasyon an. Fè nouvo zanmi epi kenbe kontak ak fanmi w ak zanmi w nan peyi w si ou kapab.

Jou Odyans Ou a

Seksyon sa a ba ou enfòmasyon wo nivo ak konsèy pou ede w prepare pou odyans refijye ou a.

Jwenn enfòmasyon detaye nan Seksyon 6 – Nan odyans ou a.

Pran swen tèt ou

Pran swen tèt ou jou anvan odyans ou a (pa egzanp, asire w ke ou dòmi ase).

Atann ou ak kesyon

Prepare w pou reponn kesyon sou demann ou a. Pa egzanp, yo ka mande w poukisa ou pa t fè demann ou nan peyi a pi bonè.

Manm yo se moun tou

Manm nan IRB-RPD an ap pran desizyon sou demann ou a. Chak manm diferan, chak demann diferan, men chak desizyon ta dwe jis.

Mande poz

Li nòmal pou santi w strese oswa emosyonèl pandan odyans ou a. Si ou santi w boulvèse, ou ka mande pou pran yon ti poz. Manm yo antrene pou konprann ke pale sou sitiyasyon ou a ka difisil.

Reponn kesyon yo dirèkteman

Fòk ou onèt lè w ap reponn kesyon pandan odyans ou a. Pa janm envante yon repons. Si ou pa konnen yon bagay, oswa si ou gen dout, di sa.

Si ou pa konprann yon kesyon, pa eseye reponn li. Di manm nan ke ou pa konprann epi mande yo pou eksplike li yon lòt fason.

Travay ak yon entèprèt

IRB-RPD ap bay ou yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ou ak dyalèk ou pou odyans ou a. Menm si ou konprann Anglè oswa Fransè, li bon pou gen yon entèprèt pou evite erè. Entèprèt lan asire ke tout moun nan odyans ou a konprann youn lòt klèman. Anvan odyans ou a kòmanse, pale ak entèprèt ou pou asire ke nou konprann youn lòt byen. Si ou pa konprann entèprèt la, oswa ou remake entèprèt la fè yon erè, di Manm nan sa imedyatman. Lè w ap pale pandan odyans lan, pale nan fraz kout pou entèprèt lan.

Odyans vityèl

Pifò odyans refijye yo fèt vityèlman (videyokonferans). Ou ap bezwen:

  • Entènèt ki fyab, sekirize, ak gran vitès
  • Yon òdinatè, tablèt, oswa aparèy ak yon kamera ki fonksyone
  • Yon espas trankil epi prive

Si odyans ou a pwograme kòm yon videyokonferans men ou pa gen yon espas prive oswa yon òdinatè ou ka itilize, ou ka mande IRB-RPD pou itilize yon òdinatè ak yon chanm nan biwo yo. Ou ka mande IRB-RPD tou yon odyans an pèsòn si ou santi sa t ap pi bon pou ou.

Aprè odyans ou

Seksyon sa a ba ou enfòmasyon ak konsèy jeneral sou sa k pase apre odyans ou a.

Menm si ou jwenn yon desizyon pozitif oswa negatif, ou ka jwenn enfòmasyon detaye sou pwochen etap yo nan Seksyon 7 – Apre Odyans ou a.

Desizyon an

Manm nan ka pran desizyon sou demann ou a nan fen odyans lan. Si yo bezwen plis tan, w ap resevwa desizyon an pita. Rete tann desizyon ou an ka lakoz estrès. Sa pa vle di ke y ap refize demann ou an.

IRB-RPD ap voye yon Avi ekri sou Desizyon an ak rezon ki fè desizyon an.

Si ou gen yon reprezantan legal, y ap voye Avi Desizyon an ba li atravè My Case. Y ap pataje li avèk ou.

Si se ou ki reprezante tèt ou, IRB-RPD ap voye Avi Desizyon an dirèkteman ba ou atravè My Case. Si w poko gen My Case, y ap voye desizyon an ba ou pa lapòs.

Si yo ba w refi

Gen opsyon legal si yo refize demann ou a. Pale ak reprezantan legal ou a.

Aplike pou vin yon rezidan pèmanan

Si demann azil ou a aksepte, aplike imedyatman pou rezidans pèmanan. Fè sa pou tèt ou ak pou manm fanmi ou yo. Si ou gen reta, ou ka gen pwoblèm tankou pou renouvle pèmi travay ou. Sonje, si ou jwenn pwoteksyon refijye, ou pa ka retounen nan peyi ou. Si ou fè sa, gouvènman an ka voye demann ou tounen bay IRB-RPD pou yon lòt odyans.