Nouvo lwa nan Kanada ka afekte kalifikasyon w pou fè demann azil, menm si w te deja soumèt aplikasyon ou an. Kèk enfòmasyon sou sit entènèt sa a pa ajou. N ap mete l ajou. Pale ak yon avoka oswa yon founisè sèvis etablisman ke w fè konfyans. Aprann Plis

Jou Odyans Ou a

Seksyon sa a ba ou enfòmasyon wo nivo ak konsèy pou ede w prepare pou odyans refijye ou a.

Jwenn enfòmasyon detaye nan Seksyon 6 – Nan odyans ou a.

Pran swen tèt ou

Pran swen tèt ou jou anvan odyans ou a (pa egzanp, asire w ke ou dòmi ase).

Atann ou ak kesyon

Prepare w pou reponn kesyon sou demann ou a. Pa egzanp, yo ka mande w poukisa ou pa t fè demann ou nan peyi a pi bonè.

Manm yo se moun tou

Manm nan IRB-RPD an ap pran desizyon sou demann ou a. Chak manm diferan, chak demann diferan, men chak desizyon ta dwe jis.

Mande poz

Li nòmal pou santi w strese oswa emosyonèl pandan odyans ou a. Si ou santi w boulvèse, ou ka mande pou pran yon ti poz. Manm yo antrene pou konprann ke pale sou sitiyasyon ou a ka difisil.

Reponn kesyon yo dirèkteman

Fòk ou onèt lè w ap reponn kesyon pandan odyans ou a. Pa janm envante yon repons. Si ou pa konnen yon bagay, oswa si ou gen dout, di sa.

Si ou pa konprann yon kesyon, pa eseye reponn li. Di manm nan ke ou pa konprann epi mande yo pou eksplike li yon lòt fason.

Travay ak yon entèprèt

IRB-RPD ap bay ou yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ou ak dyalèk ou pou odyans ou a. Menm si ou konprann Anglè oswa Fransè, li bon pou gen yon entèprèt pou evite erè. Entèprèt lan asire ke tout moun nan odyans ou a konprann youn lòt klèman. Anvan odyans ou a kòmanse, pale ak entèprèt ou pou asire ke nou konprann youn lòt byen. Si ou pa konprann entèprèt la, oswa ou remake entèprèt la fè yon erè, di Manm nan sa imedyatman. Lè w ap pale pandan odyans lan, pale nan fraz kout pou entèprèt lan.

Odyans vityèl

Pifò odyans refijye yo fèt vityèlman (videyokonferans). Ou ap bezwen:

  • Entènèt ki fyab, sekirize, ak gran vitès
  • Yon òdinatè, tablèt, oswa aparèy ak yon kamera ki fonksyone
  • Yon espas trankil epi prive

Si odyans ou a pwograme kòm yon videyokonferans men ou pa gen yon espas prive oswa yon òdinatè ou ka itilize, ou ka mande IRB-RPD pou itilize yon òdinatè ak yon chanm nan biwo yo. Ou ka mande IRB-RPD tou yon odyans an pèsòn si ou santi sa t ap pi bon pou ou.


Pwochen seksyon gid lan: 2.7 Aprè odyans ou