Seksyon sa a ba ou yon apèsi sou kòman demann azil lan kòmanse. Li reponn kesyon debaz yo. Li oryante ou pou demann ou a.
Jwenn enfòmasyon detaye sou kòman pouw kòmanse demann azil ou a nan Seksyon 4 – Demann Azil Ou a.
Kesyon yo souvan poze
Ou ka kòmanse demann azil ou a lè ou rive Kanada oswa yon fwa ou deja sou teritwa Kanadyen an. Li posib pou w gen anpil kesyon:
- Kijan pou mwen kòmanse demann azil mwen an?
- Konbyen tan pwosesis lan ap pran?
- Kisa k ap pase si demann mwen an rejte?
- Kilè m ap reyini ak fanmi mwen?
- Kijan pou mwen jwenn èd?
- Èske y ap kwè istwa mwen an ?
Pa enkyete w! Gen anpil moun ki ka ede w atravè etap yo. Retounen sou sit wèb sa a pou l ede w nan nenpòt nivo nan pwosesis lan.
Jwenn èd legal
Pwosesis demann azil la ka long epi difisil. Jwenn èd legal osi vit ke ou kapab.
Yon fwa ou deside fè demann ou a, chèche jwenn èd legal pou Fòmilè debaz Demann Azil (BOC) ou a. Sa pran tan pou yon reprezantan legal mete tout enfòmasyon enpòtan yo nan BOC ou a.
Yon reprezantan legal ka ede w ak tout fòmilè epi dokiman yo. Yo ka ale nan odyans refijye a ak ou epi ede w prezante istwa ou a.
Konnen tout opsyon ou yo
Fè rechèch epi jwenn konsèy legal anvan ou kòmanse demann ou a. Asire w ke yon demann azil se pi bon opsyon pou ou. Konprann kijan desizyon sa a ka afekte avni ou.
Ale dousman
Pa prese epi pran tan ou pou ranpli BOC ou a. BOC lan trè enpòtan epi ou ka gen pou pale sou li pandan odyans ou a. BOC lan dwe enkli tout evènman enpòtan nan lavi ou ki montre ou se yon refijye.
Pran swen tèt ou
Fè yon demann azil se yon travay ki difisil. Pran bagay yo yon etap a la fwa. Sonje pran swen tèt ou
Rete òganize
Ou pral resevwa anpil papye ak dokiman pandan pwosesis demman azil ou a. Yon dosye ak plizyè seksyon ap ede ou kenbe dokiman ou yo òganize. Jwenn youn si ou kapab, epi kòmanse itilize li.
Fè kopi epi kenbe dokiman ou yo an sekirite.
Kenbe dokiman gouvènman yo ak lòt papye yo, menm si yo ekspire. Pafwa ou menm oswa reprezantan legal ou ap bezwen yo.
Prepare pou entèvyou sou elijibilite ou a
Prepare anvan ou rakonte istwa w nan entèvyou sou elijibilite ou a. Li enpòtan pou istwa ou rete konsistan pandan tout pwosesis demann ou a. Si ou fè yon erè oswa gen bagay ou pa di, diskite sa avèk reprezantan legal ou a. Kenbe kopi tout dokiman gouvènman voye ba ou sou demann azil ou a.
Rakonte istwa w lan
Ou ka oblije rakonte istwa ou plizyè fwa bay diferan moun. Yo ka ajan CBSA, ajan IRCC , reprezantan legal ou, ak manm IRB-RPD nan odyans ou a. Sa ka fè ou santi w anksye. Fè tout posib ou pou w rete onèt epi di laverite sou istwa ou a. Eseye fè an sòt ke istwa w la osi konsistan ke posib.
Konsèy zanmi ak fanmi ba w
Konsèy legal ta dwe sòti lakay reprezantan legal ou a. Menm konsèy fanmi ak zanmi ki te fè demann azil ka pa apwopriye pou ou. Pafwa moun ki eseye ede yo ka pa gen ase eksperyans. Chak demann azil diferan. Si ou pa gen yon reprezantan legal, jwenn yon ajan entegrasyon ou ka fè konfyans pou w bay enfòmasyon.
