Nouvo lwa nan Kanada ka afekte kalifikasyon w pou fè demann azil, menm si w te deja soumèt aplikasyon ou an. Kèk enfòmasyon sou sit entènèt sa a pa ajou. N ap mete l ajou. Pale ak yon avoka oswa yon founisè sèvis etablisman ke w fè konfyans. Aprann Plis

Baz Demann ak Naratif

Konprann baz fòm demann nan

Fòm Demann de Baz (BOC) la se dokiman ki pi enpòtan nan demann azil ou a. Ladan l, ou bay detay sou ki moun ou ye ak rezon ki fè ou vle pwoteksyon nan Kanada.

Pou deside si w se yon refijye konvansyon oswa yon moun ki bezwen pwoteksyon, yon manm nan IRB-RPD:

  • li fòm BOC ou a,
  • gade prèv ou yo, epi
  • koute sa ou di nan odyans ou a.

Manm nan poze w kesyon sou Fòm BOC ou a nan odyans refijye w la. Yo ka poze w kesyon sou sa w te mete ansanm ak sa ou pa t mete nan Fòm BOC ou a. Enfòmasyon yo ta dwe koresponn ak sa ou mete sou lòt fòm ou te ranpli lè ou te soumèt demann azil ou a.

Si w kapab, jwenn yon avoka oswa yon reprezantan legal pou ede w prepare Fòm BOC la ak lòt dokiman ou voye yo.

Ranpli Fòm demann de Baz la

Pou ranpli fòm Demann de Baz ou a, ou ka swa ranpli fòm papye a, oswa ranpli li sou yon òdinatè epi enprime li.

Lè w ap fè fòm BOC ou a:

  • Li enstriksyon ki sou Fòm BOC la ak nan Gid Demandè a.
  • Ekri repons ou an anglè oswa fransè. Si w pa gen bon konpetans anglè oswa fransè, jwenn yon bon entèprèt pou ede ou.
  • Asire w ke ou konprann chak kesyon anvan ou reponn li. Repons ou yo dwe vre, kòrèk epi konplè.
  • Reponn tout kesyon ki sou Fòm BOC la. Pa kite okenn kesyon vid.
  • Ekri “N/A” (Pa aplikab) si yon kesyon pa aplike pou ou.
  • Si w pa sèten sou yon bagay, di sa nan Fòm BOC ou a.
  • Si w bezwen plis espas pou reponn yon kesyon, ou ka atache yon papye apa ki gen plis enfòmasyon.
  • Asire w ke enfòmasyon ki sou Fòm BOC la koresponn ak:
    • sa ou te di nan nenpòt entèvyou imigrasyon yo,
    • enfòmasyon ou mete sou lòt fòm imigrasyon, epi
    • naratif ou a oswa nenpòt dokiman ou atache ak Fòm BOC ou a.
  • Kenbe yon kopi Fòm BOC ou a, ak tout lòt dokiman oswa fòm ou voye bay yo.
  • Ou dwe fè yon fòm BOC separe pou chak manm fanmi k ap aplike avèk ou:
    • Pou timoun ki gen 6 an oswa pi piti: Ranpli sèlman seksyon “KI MOUN OU YE” nan Fòm BOC la. Yon paran oswa Reprezantan Deziyen an dwe siyen fòm lan.
    • Pou timoun 7 a 17 ane: Ranpli tout seksyon yo nan Fòm BOC la. Yon paran oswa Reprezantan Deziyen an dwe siyen li.
    • Timoun ki gen 18 an oswa plis dwe siyen pwòp fòm BOC pa yo.

Konprann naratif Fòm BOC la

Ou ka chwazi ekri istwa ou a sou yon fèy separe epi atache li nan Fòm BOC la. Yo rele sa souvan naratif BOC ou a.

Istwa ou a se chans ou genyen pou bay plis detay sou demann azil ou a, enkli poukisa ou te kite peyi ou ak poukisa ou santi ou pa ka retounen. Ou pa oblije fè youn, men se yon bon lide.

Kòmanse istwa ou a

Anvan ou kòmanse ekri istwa ou a, gade nan kesyon ki nan Fòm BOC la. Itilize kesyon sa yo pou ede w planifye sa w di nan istwa w la. Ou ta dwe gade tou nan nenpòt lòt fòm ak aplikasyon ou te bay gouvènman Kanadyen an oswa nòt nan entèvyou ou te genyen ak ofisye imigrasyon yo. Naratif ou dwe koresponn ak sa w te di oswa ekri deja.

Men kèk lòt konsèy pou w ekri naratif ou a:

  • Bay verite a. Naratif ou a dwe onèt epi kòrèk. IRB-RPD ka rejte demann ou a si yo pa kwè nan sa w di a.
  • Si yon bagay nan naratif ou a pa koresponn ak sa w te di deja oswa ekri, eksplike poukisa.
  • Ekri sou pwoblèm enpòtan yo sèlman. Ou pa bezwen repete enfòmasyon debaz yo (konsènan idantite w, fanmi, edikasyon, travay, ak vwayaj) ke ou te mete nan BOC ou ak lòt fòm yo, sof si detay sa yo enpòtan pou montre risk ou fè fas nan peyi w.
  • Kenbe naratif ou a byen òganize pou li ka fasil pou Manm IRB-RPD ki deside demann ou a ka li.
  • Sonje ke w bezwen eksplike danje ou ka fè fas alavni nan peyi ou ak pou kisa ou pa ka retounen, pa sèlman evènman yo ki te pase nan tan lontan.
  • Dekri kijan evènman ki sot pase yo te afekte sante fizik ak mantal ou menm ak fanmi ou.

Konplete naratif ou a

Lè ou fini, ale sou naratif ou ak reprezantan legal ou ak anpil atansyon. Fè nenpòt chanjman ou bezwen pou naratif ou a egzat epi konplè. Si w pa gen yon reprezantan legal, mande yon moun ou fè konfyans pou li l pou ou.

Ekri non w ak nimewo UCI anlè adwat chak paj istwa w la. Yon fwa ou renmen naratif ou a, ou dwe tradui l an anglè oswa fransè. Mande tradiktè a pou l li l pou ou epi koute avèk atansyon pou w asire w ke li bon. Tradiktè a ap bezwen fè yon deklarasyon tradiktè.

Atache naratif ou a ak BOC ou a lè ou voye l bay IRB-RPD. Swiv enstriksyon IRB-RPD yo pou voye prèv yo.

Soumèt Fòm BOC ou a bay IRB-RPD

Soumèt Fòm BOC ou sou Pòtal IRCC la

Si w ap fè demann azil ou a sou Pòtal IRCC a, konbine naratif ou ak Fòm BOC ou a nan yon sèl fichye PDF epi telechaje li sou pòtal la. Sonje byen, si ou pa ranpli epi soumèt aplikasyon w lan nan 90 jou pòtal la ap efase enfòmasyon ou yo. Asire w ou telechaje Fòm BOC ou a epi soumèt aplikasyon w lan anvan sa rive.

Soumèt Fòm BOC ou dirèkteman bay IRB-RPD

Si ou te kòmanse demann ou a ak CBSA nan yon Pò Antre, ou gen 45 jou apati jou CBSA ba w Fòm BOC lan pou w voye l bay IRB-RPD. Si dat limit ou a rive nan yon Samdi, Dimanch, oswa jou ferye, li dwe pwochen jou travay la (Lendi–Vandredi). Pa rate dat limit sa a! Si w rate dat limit la, yo ka konsidere demann azil ou a kòm abandone. Si w bezwen plis tan pou w ranpli Fòm BOC ou a, ou ka mande IRB-RPD pou yon ekstansyon. Ou dwe konnen, pa gen okenn garanti ke yo ap akòde w yon ekstansyon.

Si w gen yon reprezantan legal, y ap itilize My Case pou voye fòm BOC ou an.

Si w pa gen yon reprezantan legal epi yo envite w itilize Pòtal My Case, ou dwe voye fòm BOC ou a nan pòtal la.

Si yo pa t envite w itilize My Case, swiv enstriksyon ki anba a pou voye Fòm BOC ou a nan biwo IRB-RPD nan rejyon ou a:

Si w ap viv nan Kolonbi Britanik, Alberta, Saskatchewan, Manitoba, Yukon, Northwest Territories

Imèl: [email protected]
Swiv enstriksyon sa yo ak atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ak nenpòt lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka depase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou a (ak nimewo IRB-RPD ou a ak dat odyans lan si w genyen youn) ak “Fòm BOC la.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

Kourye/ Depo:
Si w pa ka itilize nenpòt nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis kourye oswa depoze li pèsonèlman nan tribinal lokal la. Kenbe Fòm BOC orijinal ou ak resi w la.

Adrès Kourye:
IRB-RPD, Minto Place, Canada Building 344 Slater Street, 12th Floor Ottawa, Ontario, Canada, K1A 0K1

Adrès pou depo an pèsòn :
IRB 300 West Georgia Street, Suite 1600, Library Square, Vancouver, BC V6B 6C9

Si w rete Ontario (eksepte Ottawa ak Kingston)

Imèl: [email protected] ​​

Swiv enstriksyon sa yo ak atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ansanm ak nenpòt lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka dease 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou a (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans lan si w genyen youn) ak “Fòm BOC la.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

Kourye / Depo:
Si w pa ka itilize okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis kourye oswa depo li an pèsonn nan tribinal lokal la. Kenbe Fòm BOC orijinal ou ak resi a.

Adrès pou kourye:
IRB-RPD, Minto Place, Canada Building 344 Slater Street, 12th Floor Ottawa, Ontario Canada, K1A 0K1

Adrès pou depo an pèsòn:
25 St. Clair Ave E, Suite 200, Toronto, ON M4T 0A8

Si w ap viv nan Kebèk, Nouvo Brunswick, Nova Scotia, Zile Prins Edwa, Newfoundland, Nunavut, Kingston (Ontario), Otawa (Ontaryo)

Imèl: [email protected]
Swiv enstriksyon sa yo avèk atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ak nenpòt lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka depase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou a (ak nimewo IRB-RPD ou a ak dat odisyon an si w gen youn) ak “Fòm BOC la.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

Kourye / Depo:
Si w pa ka itilize nenpòt nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis kourye oswa depoze li an pèson nan tribinal lokal la. Kenbe Fòm BOC orijinal ou a ak resi a.

Adrès Kourye:
IRB-RPD, Minto Place, Canada Building 344 Slater Street, 12th Floor Ottawa, Ontario Canada, K1A 0K1

Adrès pou depo an pèsòn:
Konplèks Guy-Favreau
200 René-Lévesque Blvd. West, East Tower, Chanm 102
Montréal, QC H2Z 1X4

Apre ou fin voye Fòm BOC ou a

Si w bliye yon bagay oswa fè yon erè

Gen de fason pou fè chanjman:

Fè chanjman an sou kopi Fòm BOC oswa naratif ou a epi souliye l. Siyen non w epi mete dat sou chak paj kote ou fè yon chanjman.

oubyen

Ekri yon lèt pou eksplike kisa chanjman yo ye, ki kote yo ye nan dokiman an, ak poukisa ou fè chanjman sa yo. Siyen epi date lèt ou a.

Voye chanjman w yo

Voye yon kopi chak paj orijinal ak paj ki chanje a (ak lèt ​​ou a si w genyen youn) bay IRB-RPD omwen 10 jou anvan odyans ou an. Kenbe kopi yo pou pwòp dosye pa w. Si Avoka Minis la ap nan odyans ou an, voye yon kopi chanjman sa yo ba yo tou.


Pwochen seksyon gid lan: 4.10 Pèmi travay