Konprann Egzamen Medikal Imigrasyon an
Tout moun ki fè demann azil yo dwe gen yon Egzamen Medikal Imigrasyon (IME) pou asire ke pa gen okenn enkyetid pou sante piblik oswa sekirite konsènan ou menm nan Kanada. Egzamen medikal sa a gratis. Egzamen medikal ou a pap afekte menm si yo aksepte demann ou a ou pa.
Pa pran reta: ou dwe fè egzamen sa a anvan ou ka jwenn yon pèmi travay.
Kisa pou w pote pou egzamen medikal ou a
Lè w prale nan egzamen medikal ou a, pote:
- Lèt akize resepsyon demann ou a si ou genyen youn
- Fòm Rapò Medikal la
- Yon dokiman idantite, si ou genyen youn
- Linèt ou oswa lantiy kontak, si ou mete yo
- Nenpòt dokiman vaksinasyon
- Nenpòt rapò medikal oswa rezilta tès sou kondisyon medikal (menm sa ki te pase nan tan lontan). Ou dwe tradui sa yo nan lang anglè oswa fransè (avèk yon deklarasyon siyen pa tradiktè a).
Antesedan medikal ou ak egzamen an
Ou menm ak chak manm fanmi w ap gen pwòp egzamen medikal pa yo.
Nan egzamen medikal la, doktè a ap poze kesyon sou antesedan medikal ou. Lè sa a doktè a:
- pran pwa ou ak mezire wotè ou
- tcheke tande w ak vizyon w
- pran tansyon w epi pran batman kè w
- koute kè ou ak poumon ou
- koute vant ou
- tcheke kijan bra ou ak janm ou bouje
- gade po ou
Si doktè a bezwen egzamine tete ou, yo pral eksplike kijan ak poukisa. Ou ka bezwen tou fè radyografi pwatrin ak tès laboratwa. Ou ka mande pou gen yon moun avèk ou pandan egzamen an.
Doktè a ap voye rezilta yo bay IRCC dirèkteman.
