Si ou rive Kanada nan yon pò dantre ofisyèl, ou ka kòmanse yon demann kòm refijye ak Ajans Sèvis Fwontalye nan Kanada (CBSA).
Yon Pò dantre (POE) se:
- Yon ayopò entènasyonal
- Yon fwontyè tèrès ofisyèl
- Yon pò maritim
Di ajan CBSA ke ou rankontre a ke ou vle fè yon demann azil. Y ap kòmanse pwosesis lan ak ou.
Konprann pwosesis pou fè yon demann nan yon pò dantre
Yon fwa ke ou di yon ajan CBSA ke ou vle fè yon demann azil, yo ka poze ou kesyon pou deside si ou elijib pou fè yon demann.
Anjeneral y ap tou ranpli fòm demann azil yo ak ou, pran dokiman idantite ou ak/oswa paspò ou, epi pran anprent dwèt ou ak foto ou (byometrik).
Si ajan CBSA deside ke ou elijib pou w fè yon demann azil, y ap ba w:
- Yon Dokiman Demann Pwoteksyon Refijye (RPCD)
Yon lèt ki konfime ke demann azil ou a ale jwenn Konsèy Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB)
- Enstriksyon sou kijan ak kilè pou soumèt Fòmilè Demann Debaz (BOC) ou a.
- Enstriksyon sou kijan ak kilè pou fè Egzamen Medikal Imigrasyon (EMI) ou an
Si ajan CBSA a pa detèmine elijibilite w, y ap ba w enstriksyon sou kijan pou asiste yon entèvyou elijibilite nan yon lòt dat. Si sa rive, y ap ba w:
- Yon Dokiman Rekonesans Demann lan
- Enstriksyon sou kijan ak kilè pou fè Egzamen Medikal Imigrasyon (EMI) ou a
- Enstriksyon sou kijan ak kilè pou ranpli fòm demann kòm refijye ou yo – yo ka di ou pou ranpli fòm sa yo sou entènèt atravè sitwèb IRCC a.
Apre ou fin retounen pou yon entèvyou elijibilite, si yo jwenn ou elijib, w ap resevwa Dokiman pou Demann Pwoteksyon Refijye ou a, lèt ki konfime ke demann azil ou a al jwenn IRB, epi enstriksyon pou w soumèt fòm BOC ou a.
Detansyon
CBSA ka detni ou (kenbe ou an detansyon) lè ou rive nan yon pò dantre kanadyen. Sa ka fèt paske CBSA:
- pa sèten kiyès ou ye
- pa kwè ou pral tounen pita pou plis kesyon
- pa kwè ou ka fè yon demann azil epi li vle depòte ou nan peyi a
- kwè ou se yon danje
- konnen ou gen yon dosye kriminèl
Si yo detni w, kontakte yon reprezantan legal pou konnen si ou ka lage. Ou ka elijib pou yon avoka gratis oswa youn ki a ba pri atravè asistans legal. Aprann plis sou detansyon isit lan.
