New laws in Canada may affect your refugee claim eligibility, even if you have already submitted your application. Some information on this website is out of date. We are updating it. Speak with a lawyer or trusted settlement service provider. Learn More

Fè yon Demann Azil nan Detansyon

Ki jan pou w kòmanse demann azil ou a

Si w vle fè yon demann azil pandan w an detansyon, fè CBSA konnen sa pi vit posib.

Si w fè yon demann pandan w an detansyon, CBSA ap di w kijan pou w konplete pwosesis la.

Delè ak Fòm BOC ou a

Ou dwe toujou respekte nenpòt dat limit pou pwosesis demann azil ou a. Sa enkli Fòm BOC la. Si w jwenn yon Fòm BOC pandan w an detansyon, w ap oblije ranpli fòm nan pi vit posib, pandan w ap respekte nenpòt dat limit.

Li enpòtan pou mande yon reprezantan legal si yo ka ede w avèk Fòm BOC ou a. Si ou pa gen yon reprezantan legal, mande CBSA pou voye fòm ou a bay IRB-RPD.

Si li te difisil pou w fè fòm BOC la pandan w te nan prizon an, eksplike sa sou dokiman an. Pa egzanp ou ta ka di:

  • Ou pa t gen yon reprezantan legal (si ou pa t kapab jwenn youn).
  • Pa te gen okenn fason pou jwenn yon tradiktè oswa yon entèprèt.
  • Nenpòt lòt pwoblèm ou te genyen paske yo te arete ou.

Odyans azil ou a

Si w rete nan detansyon apre yo fin ranpli demann azil ou a, IRB-RPD ap trete demann ou an pi vit. Yo ap pwograme yon odyans nan yon kantite tan ki pi kout pase nòmal. Si w gen odyans ou pandan w nan prizon an, epi w pa gen yon reprezantan legal, li enpòtan pou w mande yon ONG èd.

Lè yo libere w, ou dwe bay IRB-RPD adrès ou. Sa a enpòtan paske ou pa vle rate enfòmasyon enpòtan sou demann ou a oswa dat odyans ou a, si ou poko genyen li.

Ou dwe konnen, si yo te arete w pou rezon idantite, yo ka poze w kesyon sou sa pandan odyans sou demann azil ou a. CBSA ka vini nan odyans ou pou eksplike enkyetid yo. Asire w ke w mande reprezantan legal ou kisa pou w fè si sa rive.