An detab an

Kontakte moun

Li ka difisil pou w pale ak moun ki deyò Sant Detansyon Imigrasyon an oswa prizon kote yo detni w lan.

Nan Sant Detansyon Imigration, ou pa kapab sèvi ak entènèt oswa pwòp telefòn selilè ou sof si CBSA ba ou pèmisyon. Ou ka fè apèl gratis nan Kanada. Ou ka bezwen yon kat entènasyonal prepaye pou rele yon lòt peyi.

Anndan prizon yo, ou ka gen pwoblèm pou w sèvi ak yon telefòn depann de ki kote ou ye a.

Jwenn enfòmasyon

Ou ka mande pou w pale ak yon ajan CBSA pou plis enfòmasyon sou etap k ap vini yo. Reprezantan legal ou a ka ba w enfòmasyon enpòtan tou.

Gen Òganizasyon Non-Gouvènmantal (ONG) ki sipòte moun ki nan prizon yo. Yo kapab vizite w epi ba w enfòmasyon sou sitiyasyon w lan. Mande yon ajan CBSA oswa reprezantan legal ou si ou kapab pale ak yon ONG.

Vizitè yo

Ou ka gen posibilite pou jwenn vizit nan men zanmi, manm fanmi, oswa lòt moun. Orè vizit ak kondisyon yo ap varye.

Mezi pou sekirite yo

Sant Detansyon yo ak prizon yo gen ajan sekirite k ap fè respekte règ yo epi veye sou ou.

Sibi detansyon ka yon eksperyans ki trè difisil. Li ap sanble tankou yon prizon epi ou pap gen libète bazik yo. Menòt, chenn, ak lòt kontrent yo ka itilize lè w deyò etablisman an (pa egzanp, pou randevou medikal deyò).

Timoun yo

Si w Kanada ak pitit ou yo, yo ka kenbe yo nan yon sant avèk ou. Si w separe ak pitit ou oswa lòt manm fanmi w, di reprezantan legal ou sa epi mande èd nan men yon ONG.

Fè yon plent

Si ou gen yon plent konsènan tretman ou, ou ka pote plent bay CBSA. Nenpòt diskisyon ou genyen ka parèt ankò nan odyans ou yo. Li enpòtan pou jwenn konsèy legal oswa jwenn enfòmasyon nan men yon ONG.

Dwa w yo

Pandan w an detansyon, ou gen dwa pou:

  • Yo fè konnen poukisa yo arete w.
  • Gen aksè a yon ajan CBSA.
  • Jwenn yon entèprèt si ou pa konprann oswa pale anglè oswa fransè.
  • Jwenn swen medikal.
  • Pratike relijyon ou.
  • Anboche yon reprezantan legal pou aji pou ou.
  • Jwenn èd legal si w kalifye. Y ap fè w konnen sèvis asistans legal ki disponib pou ou. Ou ka jwenn yon zanmi oswa yon manm nan yon òganizasyon tou pou reprezante w san w pa peye w.
  • Kontakte anbasad oswa konsila peyi w la. Si w ap fè yon demann azil, ou pa ta dwe fè sa san w pa jwenn konsèy legal anvan. Ou ka mande pou yo kontakte Komisyonè Nasyonzini pou Refijye yo (UNHCR) nan Kanada.
  • Kontakte ONG ki ka sipòte w.