Kòmanse Demann azil ou a

Aprann kijan pou fè demann pou pwoteksyon refijye. Konprann etap enpòtan yo. Aprann diferans ki genyen ant fè demann azil ou nan yon pò antre (ayewopò, pò maritim, fwontyè) oswa soti andedan Kanada (anndan).

Kòmanse Demann azil ou a

Pou kòmanse pwosesis pou jwenn pwoteksyon nan Kanada, ou fè yon demann azil ofisyèl.

Gen de fason pou kòmanse yon demann azil:

  • An pèsòn lè ou rive nan ayewopò oswa fwontyè terès. Sa a se yon demann “pò antre”.
  • Lè ou deja andedan Kanada. Sa a se yon demann “entèn”.

Nenpòt fason an, ou ap gen yon odyans refijye. Lè sa a, Konsèy Imigrasyon ak Refijye Kanada – Divizyon Pwoteksyon Refijye (IRB-RPD) ap deside si w ap jwenn pwoteksyon.

Akò pou Twazyèm Peyi ki an sekirite

Si w antre Kanada pa Etazini, yon akò ant Kanada ak Etazini yo rele Akò pou Twazyèm Peyi ki an Sekirite (STCA) fè li difisil pou mande pwoteksyon refijye. Akò sa di ke ou ta dwe fè demann azil ou nan premye peyi ki an sekirite ou antre a. Si STCA a aplike pou ou, yo ka di w ou pa kapab fè yon demann azil nan Kanada.

STCA ap afekte w si w travèse fwontyè tè Kanada ak Etazini lè w antre Kanada. Li pa aplike si ou rive soti nan Etazini nan avyon.

Ou dwe konnen! Si w antre Kanada nan yon kote ki pa ofisyèl epi w fè yon demann azil nan lespas 14 jou, gen anpil chans pou w retounen Ozetazini. Yo kapab tou anpeche w fè yon demann azil alavni.

Eksepsyon nan STCA

Gen kèk eksepsyon nan STCA a. Ou ka gen dwa fè yon demann azil si ou satisfè youn nan eksepsyon sa yo:

  • Ou gen yon manm fanmi nan Kanada
  • Ou se yon timoun ki gen mwens ke 19 lane, wap vwayaje pou kont ou, epi ou pa gen yon paran oswa responsab legal Ozetazini.
  • Ou gen yon viza Kanadyen ki valab, oswa yon pèmi etid oswa travay
  • Ou ap fè fas ak pinisyon kriminèl santans lanmò nan Etazini oswa nan peyi ou.
  • Ou se apatrid.
  • Ou se you sitwayen ameriken

Yon ajan fwontalye ap poze w kesyon pou wè si w kalifye pou youn nan eksepsyon sa yo. Si w kalifye, y ap pèmèt ou antre Kanada. Si w pa kalifye pou youn nan eksepsyon yo, yo ka voye w tounen Ozetazini epi w ap oblije kite Kanada. Si sa posib, pale ak yon avoka oswa yon reprezantan legal sou lòt fason pou w eseye rete nan Kanada.

Demann nan Pò Antre

Si ou rive nan Kanada nan yon pwen dantre ofisyèl, ou ka kòmanse yon demann kòm refijye ak Ajans Sèvis Fwontalye nan Kanada (ASFK).

Yon Pwen dantre (POE) se:

  • Yon ayopò entènasyonal
  • Travèse yon fwontyè tèrès ofisyèl
  • Yon pò maritim

Di ajan CBSA ou rankontre a ke ou vle fè yon demann azil. Yo ap kòmanse pwosesis lan ak ou.

Konprann pwosesis pou fè yon demann nan yon pwen dantre

Yon fwa ou di yon ajan CBSA ke ou vle fè yon demann azil, yo ka poze ou kesyon pou deside si ou elijib pou fè yon demann.

Anjeneral y ap tou ranpli fòm demann azil yo ak ou, pran dokiman idantite ou ak/oswa paspò ou, epi pran anprent dwèt ou ak foto ou (byometrik).

Si ajan CBSA deside ke ou elijib pou w fè yon demann azil, y ap ba w:

Si ajan CBSA a pa detèmine elijibilite ou, y ap ba ou enstriksyon sou kijan pou asiste yon entèvyou elijibilite nan yon lòt dat. Si sa rive, men sa yo pral ba ou:

  • Yon Dokiman Rekonesans Demann lan
  • Enstriksyon sou kijan ak kilè pou fè Egzamen Medikal Imigrasyon (EMI) ou a
  • Enstriksyon sou kijan ak kilè pou ranpli fòm demann kòm refijye ou yo – yo ka di ou pou ranpli fòm sa yo sou entènèt atravè sitwèb IRCC a.

Apre ou fin retounen pou yon entèvyou elijibilite, si yo jwenn ou elijib, ou pral resevwa Dokiman Demann Pwoteksyon Refijye ou, lèt ki konfime ke demann azil ou a al jwenn IRB, epi enstriksyon pou w soumèt fòm BOC ou a.

Detansyon

CBSA ka detni ou (kenbe ou an detansyon) lè ou rive nan yon pwen dantre Kanadyen. Sa ka fèt paske CBSA:

  • pa sèten kiyès ou ye
  • pa kwè ou pral tounen pita pou plis kesyon
  • pa kwè ou ka fè yon demann azil epi li vle retire ou nan peyi a
  • kwè ou se yon danje
  • konnen ou gen yon dosye kriminèl

Si yo kenbe ou, kontakte yon reprezantan legal pou konnen si ou ka lage. Ou ka elijib pou yon avoka gratis oswa youn ki a ba pri atravè asistans legal. Aprann plis sou detansyon w isit lan.

Demann Andedan Kanada

Si ou nan Kanada, epi w kòmanse demann ou kòm refijye avèk yon sit entènèt ki rele Pòtal IRCC.

Konprann pwosesis fè yon demann andedan Kanada

Ou dwe konplete Pòtal IRCC an epi soumèt dokiman ki nesesè yo sou entènèt pou kòmanse demann ou kòm refijye.

Apre ou fin soumèt aplikasyon ou sou Pòtal IRCC an, w ap resevwa:

IRCC ap kontakte w pou w konplete yon randevou biometrik an pèsòn ak yon entèvyou sou elijibilite ou.

Si yo jwenn ou elijib pou fè yon demann azil, w ap resevwa:

Randevou byometrik

Nan kad pwosesis demann azil ou a, y ap pran anprent dwèt ou ak foto w. Sa yo se “byometrik” ou.

Randevou byometrik ak CBSA nan yon pò antre

Si w fè demann azil ou ak CBSA nan yon pò antre, yo pral fè byometrik ou touswit.

Ajan CBSA a pral pran:

  • anprent ou menm ak manm fanmi ou (14 an oswa plis)
  • foto tout manm fanmi yo (ki gen 14 an oswa plis)
  • Tout paspò ak dokiman vwayaj (ak lòt dokiman idantite tankou batistè ak lisans chofè). CBSA ap ba ou kopi sètifye nenpòt dokiman yo pran.

Randevou byometrik ak IRCC nan peyi a

Si w fè demann ou an atravè pòtal IRCC, IRCC ap voye yon dat pou w pran yon randevou pou w pran done byometrik ou yo. Non manm fanmi yo ki bezwen ale nan randevou a ap nan avi a. Lè ou prale nan randevou byometrik ou asire w ke ou pran:

  • Paspò ou ak dokiman vwayaj ou (ak lòt dokiman idantite tankou batistè ak lisans chofè). IRCC ap gen anpil chans pran dokiman orijinal ou yo. Yo pral ba ou kopi sètifye nan entèvyou pou kalifikasyon ou an.
  • Lèt akize resepsyon pou demann lan.
  • Avi randevou byometrik ou a.
  • De foto paspò pou nenpòt timoun ki poko gen 14 an.

Entèvyou pou Elijiblite

Apre w fin fè demann azil ou a, yon ofisye CBSA oswa IRCC ap poze w kesyon pou deside si w ka fè yon demann nan Kanada. Yo rele sa yon entèvyou kalifikasyon. Entèvyou sa a se pa odyans sou demann azil ou a, men repons ou yo ka itilize apre nan odyans ou a pou deside si y ap ba w estati refijye.

Yo pral poze w kesyon tankou:

  • Poukisa ou te vin Kanada?
  • Kiyès oswa kisa w pè nan peyi w?
  • Kisa ki ap rive ou si ou tounen nan peyi ou?
  • Èske yo te janm arete oswa detni w? (pou nenpòt rezon)
  • Èske w te fè yon demann azil nan yon lòt peyi?
  • Nan ki peyi ou gen estati legal oswa sitwayènte?
  • Ki jan ou te vwayaje vin Kanada?
  • Kiyès ki te ede w vin Kanada?
  • Èske w gen fanmi nan Kanada?

Li enpòtan pou w onèt ak repons ou yo. Fè tout sa w kapab pou w asire w enfòmasyon w bay yo kòrèk. Mande si ou pa konprann yon bagay. Si w pa konnen yon dat egzak, di ofisye a sa epi sou fòm lan. Ou ka oblije eksplike repons ou yo nan odyans refijye w la.

Si w bezwen yon entèprèt pandan entèvyou elijiblite w la, mande ofisye IRCC oswa CBSA pou ba w youn. Li enpòtan pou w konprann tout sa ki di epi ou ka kominike aklè.

Entèvyou kalifikasyon ak CBSA nan yon pò antre

Si w fè deman azil ou a nan yon pò antre, CBSA gen responsabilite pou tcheke kalifikasyon w. Entèvyou elijiblite w la ka fèt touswit nan pò antre a.

Pafwa yo ka mande w pou w retounen pou yon entèvyou sou kalifikasyon w nan yon lòt jou. Si sa rive, CBSA ap ba ou yon lèt akize resepsyon demann lan. Sa montre ou te kòmanse demann azil ou a. Li enpòtan anpil pou w retounen pou entèvyou kalifikasyon w lan nan dat yo mande w la!

Yon ofisye CBSA ta ka di w tou pou w ranpli aplikasyon w lan sou Pòtal ki soti anndan Kanada. Apre w fin soumèt aplikasyon w lan w ap resevwa enstriksyon pou w patisipe nan yon entèvyou kalifikasyon ak IRCC nan yon dat apre.

Nan entèvyou kalifikasyon ou a, si ofisye CBSA a deside ou gen dwa fè yon demann azil, y ap ba ou yon:

  • Dokiman Demandè Pwoteksyon Refijye (RPCD). Sa a pwouve ki moun ou ye e ke ou se yon moun ki fè reklamasyon refijye. Avèk yon RPCD, ou ka jwenn sèvis medikal atravè Pwogram Sante Federal Pwovizwa ak lòt sèvis ak avantaj nan Kanada. Fòm sa a gen nimewo Idantifikatè Kliyan Inik (UCI) ou sou li.
  • Konfimasyon lèt referans. Sa montre ke CBSA te voye dosye w la bay IRB-RPD pou l trete. IRB-RPD ap ba ou yon dat odyans yon fwa yo revize dosye w la.
  • Fòm Rapò Medikal. Sa fè w konnen sou Egzamen Medikal Imigrasyon (IME) ou dwe fè nan pwochen 30 jou yo.
  • Twous Demandè a. Sa a gen:
    • kopi sètifye dokiman idantite ak vwayaj ke CBSA te pran nan men ou,
    • yon Gid Demandè a,
    • kopi fòm ou ranpli yo (si genyen),
    • enstriksyon pou ranpli fòm aplikasyon yo si ou pa t ranpli yo an pèsòn, epi
    • enfòmasyon ki soti nan entèvyou w la. CBSA voye nòt sa yo tou bay IRB-RPD.
  • Fòm Demann de Baz (BOC) (youn pou chak manm fanmi). Ou dwe ranpli epi voye Fòm BOC ou a bay IRB nan 45 jou. (Fòm nan ka di 15 jou men sa pa vre ankò.)
  • Lòd ekspilsyon. Yo bay tout moun k ap chèche azil yo mezi sa a. Li aplike sèlman si yo refize demann ou an.

Entèvyou kalifikasyon ak IRCC nan peyi a

Si ou fè demann azil ou anndan peyi a, ou soumèt fòm aplikasyon w yo ak BOC atravè Pòtal IRCC la. Apre sa, w ap resevwa yon dat pou entèvyou kalifikasyon w nan men IRCC.

Nan entèvyou kalifikasyon an, yon ofisye IRCC pral:

  • Gade fòm aplikasyon w yo ak tout enfòmasyon ki nan Pòtal IRCC la epi poze w kesyon sou enfòmasyon ou te bay yo.
  • Tcheke non, dat, kote yo fèt, ak enfòmasyon kontak manm fanmi ou.
  • Poze kesyon pou deside si ou kapab fè yon demann.

Nan entèvyou kalifikasyon w, ofisye IRCC a ka deside ou gen dwa fè yon demann azil. Lè sa a, ofisye a pral ba ou yon:

  • Dokiman Demandè Pwoteksyon Refijye (RPCD). Sa a pwouve ki moun ou ye e ke ou se yon moun ki fè reklamasyon refijye. Avèk yon RPCD, ou ka jwenn sèvis medikal atravè Pwogram Sante Federal Pwovizwa ak lòt sèvis ak avantaj nan Kanada. Fòm sa a gen nimewo Idantifikatè Kliyan Inik (UCI) ou sou li.
  • Konfimasyon lèt referans. Sa montre ke CBSA te voye dosye w la bay IRB-RPD pou l trete. IRB-RPD ap ba ou yon dat odyans yon fwa yo revize dosye w la.
  • Twous Demandè a. Sa a gen:
    • kopi sètifye dokiman idantite ak vwayaj ke IRCC te pran nan men ou,
    • yon Gid Demandè a,
    • enfòmasyon ki soti nan entèvyou w la. IRCC voye nòt sa yo tou bay IRB-RPD.
  • Fòm Demann de Baz (BOC) (youn pou chak manm fanmi). Ou dwe ranpli epi voye Fòm BOC ou a bay IRB nan 45 jou. (Fòm nan ka di 15 jou men sa pa vre ankò.)
  • Lòd ekspilsyon. Yo bay tout moun k ap chèche azil yo mezi sa a. Li aplike sèlman si yo refize demann ou an.

Ofisye IRCC a pral eksplike pwochen etap yo nan pwosesis aplikasyon an.

Apre yon entèvyou kalifikasyon ki gen siksè, w ap tann odyans sou aplikasyon azil la ak RPD IRB. Kòmanse reflechi sou ki prèv ou ka jwenn pou sipòte demann ou a.

Ki moun ki ka pa elijib pou fè yon demann azil

Nan entèvyou kalifikasyon w, ofisye CBSA oswa IRCC ka deside ou pa kapab fè yon demann azil nan Kanada. Ou ka pa kalifye si:

  • Ou se yon refijye Konvansyon nan yon lòt peyi kote ou ka ale.
  • Ou te fè yon demann azil nan Etazini, Wayòm Ini, Ostrali, oswa Nouvel Zeland
  • Kanada te deja di ou ke ou pa ka fè yon demann azil lakay li.
  • Ou te fè yon demann azil nan Kanada ki te retire, abandone, oswa rejte.
  • Yo te idantifye w kòm yon moun ki danjere oswa yon kriminèl, oubyen ou te vyole lwa sou dwa moun.
  • Yo te deja ba w estati nan Kanada kòm yon moun ki pwoteje.
  • Kanada te ba w lòd pou w kite peyi a.
  • Nan yon fwontyè tè Etazini ak Kanada, ou pa t kapab antre akòz Akò sou Twazyèm Peyi ki an Sekirite (STCA).

Si w pa elijib pou fè yon demann azil, y ap ba w yon lòd ekspilsyon ak enstriksyon pou w kite Kanada. Mande yon reprezantan legal si gen lòt fason pou w rete nan Kanada.

Egzamen Medikal Imigrasyon

Konprann Egzamen Medikal Imigrasyon an

Tout moun ki fè demann azil yo dwe gen yon Egzamen Medikal Imigrasyon (IME) pou asire ke pa gen okenn enkyetid pou sante piblik oswa sekirite konsènan ou menm nan Kanada. Egzamen medikal sa a gratis. Egzamen medikal ou a pap afekte menm si yo aksepte demann ou a ou pa.

Pa pran reta: ou dwe fè egzamen sa a anvan ou ka jwenn yon pèmi travay.

Kisa pou w pote pou egzamen medikal ou a

Lè w prale nan egzamen medikal ou a, pote:

  • Lèt akize resepsyon demann ou a si ou genyen youn
  • Fòm Rapò Medikal la
  • Yon dokiman idantite, si ou genyen youn
  • Linèt ou oswa lantiy kontak, si ou mete yo
  • Nenpòt dokiman vaksinasyon
  • Nenpòt rapò medikal oswa rezilta tès sou kondisyon medikal (menm sa ki te pase nan tan lontan). Ou dwe tradui sa yo nan lang anglè oswa fransè (avèk yon deklarasyon siyen pa tradiktè a).

Antesedan medikal ou ak egzamen an

Ou menm ak chak manm fanmi w ap gen pwòp egzamen medikal pa yo.

Nan egzamen medikal la, doktè a ap poze kesyon sou antesedan medikal ou. Lè sa a doktè a:

  • pran pwa ou ak mezire wotè ou
  • tcheke tande w ak vizyon w
  • pran tansyon w epi pran batman kè w
  • koute kè ou ak poumon ou
  • koute vant ou
  • tcheke kijan bra ou ak janm ou bouje
  • gade po ou

Si doktè a bezwen egzamine tete ou, yo pral eksplike kijan ak poukisa. Ou ka bezwen tou fè radyografi pwatrin ak tès laboratwa. Ou ka mande pou gen yon moun avèk ou pandan egzamen an.

Doktè a ap voye rezilta yo bay IRCC dirèkteman.

Pòtal IRCC

Konprann Pòtal IRCC an

Si w deja andedan Kanada lè w kòmanse demann azil ou a, w ap soumèt demann azil ou a w ap itilize yon sit entènèt ki rele Pòtal IRCC. Ou pral reponn kesyon epi voye Fòm BOC ou ak dokiman yo atravè pòtal lan. IRCC sèvi ak enfòmasyon ou soumèt yo pou deside si ou kalifye pou fè yon demann azil. Konsèy Imigrasyon ak Refijye (IRB) ap resevwa yon kopi tout enfòmasyon sa yo si yo jwenn ou kalifye.

Prepare dokiman ou yo

Anvan ou sèvi ak pòtal lan, sa yo se dokiman enpòtan ou dwe pare:

Kreye kont Pòtal IRCC ou a

Depi w fin pare dokiman w yo, ou ka ale nan Pòtal IRCC pou kreye yon kont.

Kijan yo kòmanse

Suiv etap sa yo:

  1. Kreye yon kòd envitasyon pou enskri pou yon kont.
  2. Anrejistre pou yon kont sou Pòtal IRCC la.
  3. Yon fwa ou fin antre nan kont ou, klike sou “Kòmanse yon aplikasyon” epi chwazi “Fè yon demann azil”.

Ou fè yon sèl kont Pòtal IRCC pou ou menm ak manm fanmi ou. Ou menm, konjwen w, ak timoun yo chak ap gen pwòp pwofil nou nan pòtal la.

Sèvi ak Pòtal IRCC pou fè demann ou a

Yon fwa ke kont ou a te etabli, ou dwe kòmanse reponn tout kesyon yo sou pòtal lan.

Nan pòtal lan, yo pral poze w kesyon sou:

  • reprezantan legal ou a
  • enfòmasyon pèsonèl
  • enfòmasyon kontak
  • fanmi
  • istorik vwayaj
  • istorik adrès, enkli kote ou te deplase oswa kote ou te kache
  • edikasyon, travay, ak lòt aktivite
  • pwoblèm sekirite
  • antesedan medikal
  • detay sou demann ou a

Dokiman

Ou bezwen soumèt dokiman atravè Pòtal IRCC an. Gen kèk dokiman ki obligatwa, ak lòt yo ki opsyonèl.

Ou bezwen voye yo nan fòma PDF:

Ou kapab tou televèse lòt dokiman pou demann ou a nan moman sa a. Si ou pa gen yon reprezantan legal, li se yon bon lide pou tann epi fè sa pita ak reprezantan ou. Eseye jwenn èd legal ak prèv ou yo. Ou gen jiska dis jou anvan odyans ou a pou voye prèv.

Konsèy pou itilize Pòtal IRCC an

  • Jwenn yon avoka oswa yon lòt reprezantan legal pou ede w si w kapab.
  • Repons ou yo dwe ann anglè oswa fransè. Kontwole repons ou yo si w gen yon entèprèt. Mande yo pou yo li tout kesyon ak repons yo ba ou nan lang ou.
  • Pa devine oswa envante dat. Si ou pa konnen jou egzak pou yon dat Jou/Mwa/Ane, ou ka mete premye jou mwa a. Ekri yon lèt pou eksplike ke ou te fè sa.
  • Ou ka voye yon lèt tou pou eksplike si w te gen pwoblèm pou w sèvi ak pòtal la epi si w pa t kapab ranpli kèk pati ladan l byen.

Soumèt demann ou a

Yon fwa ou reponn tout kesyon yo epi televèse dokiman ou yo, ou ka soumèt demann ou a. Fè atansyon! Apre ou fin klike sou “Soumèt Aplikasyon,” ou pa ka chanje oswa ajoute enfòmasyon. Pa peze “Soumèt Aplikasyon” jiskaske ou tcheke si tout enfòmasyon ak fòm yo kòrèk epi yo konplè. Si sa posib, fè yon avoka oswa reprezantan legal ou voye je sou tout bagay.

Yon fwa yo te soumèt demann ou a, IRCC ap voye yon imèl ba ou pou di yo te resevwa li.

Apre ou soumèt demann ou a

Apre w fin voye demann ou an sou entènèt, IRCC ap revize l pou asire w li konplè.

Si li konplè, IRCC pral:

  • Voye yon lèt akize resepsyon pou ou, ki pral ede w jwenn sèvis ak pwogram yo.
  • Voye ba ou yon fòm Rapò Medikal ak enstriksyon pou w ka fè yon Egzamen Medikal Imigrasyon (IME).
  • Voye ba ou yon lèt konsènan pwochen randevou w lan.

Si demann ou a pa konplè, IRCC ap di w sa ki manke a.

IRCC ka voye lèt oswa avi sou aplikasyon w lan atravè kont pòtal ou a. Si sa rive, w ap resevwa yon imèl nan men IRCC ki di w tcheke kont ou. Asire w ke ou tcheke imel ou regilyèman, enkli katab spam ou a, pou ou pa manke anyen de IRCC. Konekte sou kont ou a pou w wè dènye mizajou sou demann ou a.

Baz Demann ak Naratif

Konprann baz fòm demann nan

Fòm Demann de Baz (BOC) la se dokiman ki pi enpòtan nan demann azil ou a. Ladan li, ou bay detay sou ki moun ou ye ak rezon ki fè ou vle pwoteksyon nan Kanada.

Pou deside si ou se yon refijye konvansyon oswa yon moun ki bezwen pwoteksyon, yon manm nan IRB-RPD:

  • li fòm BOC ou a,
  • gade prèv ou a, epi
  • koute sa ou di nan odyans ou a.

Manm nan poze w kesyon sou Fòm BOC ou a nan odyans refijye w la. Yo ka poze w kesyon sou sa ou te mete ansanm ak sa ou pa t mete nan Fòm BOC ou a. Enfòmasyon yo ta dwe matche ak sa ou mete sou lòt fòm ou te ranpli lè ou te soumèt demann azil ou a.

Si w kapab, jwenn yon avoka oswa yon reprezantan legal pou ede w prepare Fòm BOC la ak lòt dokiman ou voye yo.

Ranpli Fòm demann de Baz la

Pou ranpli fòm Demann de Baz ou a, ou ka swa ranpli fòm papye a, oswa ranpli li sou yon òdinatè epi enprime li.

Lè w ap fè fòm BOC ou a:

  • Li enstriksyon ki sou Fòm BOC la ak nan Gid Demandè a.
  • Ekri repons ou an anglè oswa fransè. Si ou pa gen bon konpetans anglè oswa fransè, jwenn yon bon entèprèt pou ede ou.
  • Asire w ke ou konprann chak kesyon anvan ou reponn li. Repons ou yo dwe vre, kòrèk epi konplè.
  • Reponn tout kesyon ki sou Fòm BOC la. Pa kite okenn kesyon vid.
  • Ekri “N/A” (Pa aplikab) si yon kesyon pa aplike pou ou.
  • Si w pa sèten sou yon bagay, di sa nan Fòm BOC ou a.
  • Si w bezwen plis espas pou reponn yon kesyon, ou ka atache yon papye apa ki gen plis enfòmasyon.
  • Asire w ke enfòmasyon ki sou Fòm BOC la matche ak:
    • sa ou te di nan nenpòt entèvyou imigrasyon yo,
    • enfòmasyon ou mete sou lòt fòm imigrasyon, epi
    • naratif ou a oswa nenpòt dokiman ou atache ak Fòm BOC ou a.
  • Kenbe yon kopi Fòm BOC ou a, ak tout lòt dokiman oswa fòm ou voye bay yo.
  • Ou dwe fè yon fòm BOC separe pou chak manm fanmi k ap aplike avèk ou:
    • Pou timoun ki gen 6 an oswa pi piti: Ranpli sèlman seksyon “KI MOUN OU YE” nan Fòm BOC lan. Yon paran oswa Reprezantan Deziyen an dwe siyen fòm lan.
    • Pou timoun 7 a 17 ane: Ranpli tout seksyon yo nan Fòm BOC lan. Yon paran oswa Reprezantan Deziyen an dwe siyen li.
    • Timoun ki gen 18 an oswa plis dwe siyen pwòp fòm BOC pa yo.

Konprann naratif Fòm BOC lan

Ou ka chwazi ekri istwa ou a sou yon fèy separe epi atache li nan Fòm BOC lan. Yo rele sa souvan naratif BOC ou a.

Istwa ou a se chans ou genyen pou bay plis detay sou demann azil ou a, enkli poukisa ou te kite peyi ou ak poukisa ou santi ou pa ka retounen. Ou pa oblije fè youn, men se yon bon lide.

Kòmanse istwa ou a

Anvan ou kòmanse ekri istwa ou a, gade nan kesyon ki nan Fòm BOC lan. Sèvi ak kesyon sa yo pou ede w planifye sa w di nan istwa w lan. Ou ta dwe gade tou nan nenpòt lòt fòm ak aplikasyon ou te bay gouvènman Kanadyen an oswa nòt nan entèvyou ou te genyen ak ofisye imigrasyon yo. Naratif ou dwe matche ak sa w te di oswa ekri deja.

Men kèk lòt konsèy pou w ekri naratif ou a:

  • Bay verite a. Naratif ou a dwe onèt epi kòrèk. IRB-RPD ka rejte demann ou a si yo pa kwè nan sa w di a.
  • Si yon bagay nan naratif ou a pa matche ak sa ou te deja di oswa ekri, eksplike poukisa.
  • Ekri sou pwoblèm enpòtan yo sèlman. Ou pa bezwen repete enfòmasyon debaz yo (konsènan idantite w, fanmi, edikasyon, travay, ak vwayaj) ke ou te mete nan BOC ou ak lòt fòm yo, sof si detay sa yo enpòtan pou montre risk ou fè fas nan peyi w.
  • Kenbe naratif ou a byen òganize pou li ka fasil pou Manm IRB-RPD ki deside demann ou a ka li.
  • Sonje ke ou bezwen eksplike danje ou ta fè fas alavni nan peyi ou ak pou kisa ou pa ka retounen, pa sèlman evènman yo ki te pase nan tan lontan.
  • Dekri kijan evènman ki sot pase yo te afekte sante fizik ak mantal ou menm ak fanmi ou.

Konplete naratif ou a

Lè ou fini, ale sou naratif ou ak reprezantan legal ou ak anpil atansyon. Fè nenpòt chanjman ou bezwen pou naratif ou a egzat ak konplè. Si w pa gen yon reprezantan legal, mande yon moun ou fè konfyans pou li l pou ou.

Ekri non w ak nimewo UCI anlè adwat chak paj istwa w la. Yon fwa ou renmen naratif ou a, ou dwe tradui l an anglè oswa fransè. Mande tradiktè a pou l li l pou ou epi koute avèk atansyon pou w asire w ke li bon. Tradiktè a ap bezwen fè yon deklarasyon tradiktè.

Atache naratif ou a ak BOC ou a lè ou voye l bay IRB-RPD. Swiv enstriksyon IRB-RPD yo pou voye prèv.

Soumèt Fòm BOC ou a bay IRB-RPD

Soumèt Fòm BOC ou sou Pòtal IRCC an

Si w ap fè demann azil ou a sou Pòtal IRCC an, konbine naratif ou ak Fòm BOC ou a nan yon sèl fichye PDF epi telechaje li sou pòtal la. Sonje byen, si ou pa ranpli epi soumèt aplikasyon w lan nan 90 jou pòtal la ap efase enfòmasyon ou yo. Asire w ou telechaje Fòm BOC ou a epi soumèt aplikasyon w lan anvan sa rive.

Soumèt Fòm BOC ou dirèkteman bay IRB-RPD

Si ou te kòmanse demann ou a ak CBSA nan yon Pò Antre, ou gen 45 jou apati jou CBSA ba w Fòm BOC lan pou w voye l bay IRB-RPD. Si dat limit ou a rive nan yon Samdi, Dimanch, oswa jou ferye, li dwe pwochen jou travay la (Lendi–Vandredi). Pa rate dat limit sa a! Si w rate dat limit la, yo ka konsidere demann azil ou a kòm abandone. Si w bezwen plis tan pou w ranpli Fòm BOC ou a, ou ka mande IRB-RPD pou yon ekstansyon. Ou dwe konnen, pa gen okenn garanti ke yo ap akòde w yon ekstansyon.

Reprezantan legal ou a, si ou genyen youn, li ka itilize pòtal sou entènèt pa yo (MyCase) pou voye BOC ou a.

Si w ap soumèt Fòm BOC ou poukont ou, swiv enstriksyon ki anba yo pou voye Fòm BOC ou a bay biwo IRB-RPD nan rejyon w la:

Si w ap viv nan Kolonbi Britanik, Alberta, Saskatchewan, Manitoba, Yukon, Teritwa Nòdwès

    • Imel: [email protected]
        • Swiv enstriksyon sa yo ak anpil atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ak tout lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka plis pase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans lan si ou genyen youn) ak “Fòm BOC lan.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

    • Faks: 604-666-3043 si Fòm BOC ou a gen mwens pase 50 paj.

        • Kenbe fòm BOC orijinal ou ak prèv ke ou te voye dokiman yo nan faks.

    • Kourye: IRB–RPD, 300 West Georgia Street, Suite 1600 Vancouver, BC V6B 6C9
        • Kenbe fòm BOC orijinal ou ak resi a.

    • An pèsòn: IRB300 West Georgia Street, Suite 1600, Library Square, Vancouver, BC V6B 6C9

Si w ap viv nan Ontario (eksepte Ottawa ak Kingston)

    • Imel: [email protected] ​​
        • Swiv enstriksyon sa yo ak anpil atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ak nenpòt lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka plis pase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans lan si ou genyen youn) ak “Fòm BOC.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

    • Faks: 416-954-1165, 416-973-9307 oswa 416-973-4013 si Fòm BOC ou a gen mwens pase 50 paj.
        • Kenbe fòm BOC orijinal ou ak prèv ke ou te voye dokiman yo nan faks.

    • Ranpli elektwonikman: Reprezantan legal ou a ka itilize pòtal sou entènèt yo (MyCase) pou yo voye BOC ou a.

    • Kourye: 25 St. Clair Avenue E, Suite 400, Toronto, Ontario M4T 0A8
        • Si ou pa ka sèvi ak okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis kourye. Kenbe fòm BOC orijinal ou ak resi a.

    • An pèsòn nan yon biwo IRB: 25 St. Clair Ave E, Suite 200, Toronto, ON M4T 0A8

Si w ap viv nan Quebec, New Brunswick, Nova Scotia, Zile Prins Edwa, Newfoundland, Nunavut, Kingston (Ontario), Ottawa (Ontaryo)

    • Imel: [email protected]
        • Swiv enstriksyon sa yo ak anpil atansyon: Ou dwe voye Fòm BOC ou a ak nenpòt lòt dokiman kòm atachman nan fòma PDF. Fichye PDF yo pa ka plis pase 20MB. Nan liy sijè a, mete nimewo UCI ou (ak nimewo IRB-RPD ou ak dat odyans lan si ou genyen youn) ak “Fòm BOC lan.” Pa ekri anyen nan kò imèl la.

    • Faks: 514-283-0164 si Fòm BOC ou a gen mwens pase 50 paj.
        • Kenbe fòm BOC orijinal ou ak prèv ke ou te voye dokiman yo nan faks.

    • Rapli elektwonikman: Reprezantan legal ou a ka itilize pòtal sou entènèt yo (MyCase) pou voye BOC ou a.

    • Kourye: IRB-RPD, Guy-Favreau​ Complex, 200 René-Lévesque Blvd. West, East Tower, Room 102, Montréal, Quebec H2Z 1X4
        • Si ou pa ka sèvi ak okenn nan lòt opsyon yo, ou ka itilize yon sèvis kourye. Kenbe fòm BOC orijinal ou ak resi a.

    • An pèsòn nan yon biwo IRB:
      Konplèks Guy-Favreau
      200 René-Lévesque Blvd. West, East Tower, Sal 102
      Montréal, QC H2Z 1X4

Apre ou fin voye Fòm BOC ou a

Si ou bliye yon bagay oswa fè yon erè

Gen de fason pou fè chanjman:

Fè chanjman an sou kopi Fòm BOC oswa naratif ou a epi souliye li. Lè sa a, siyen non w ak dat chak paj kote ou te fè yon chanjman.

oubyen

Ekri yon lèt ki eksplike kisa chanjman yo ye, ki kote yo ye nan dokiman an, ak poukisa ou fè chanjman sa yo. Siyen epi date lèt ou a.

Voye chanjman ou yo

Voye yon kopi chak paj orijinal ak paj ki chanje (ak lèt ​​ou a si w genyen youn) bay IRB-RPD omwen 10 jou anvan odyans ou a. Kenbe kopi yo pou pwòp dosye ou. Si Avoka Minis la pral nan odyans ou a, voye yon kopi chanjman sa yo ba yo tou.

Pèmi travay

Pou ou ka gen posibilite travay legalman nan Kanada, ou dwe jwenn yon pèmi travay nan men gouvènman federal la. Sa a pèmèt ou travay nan Kanada ak sèten kondisyon.

Se IRCC ki jere pèmi travay yo.

Ki jan pou w aplike pou yon pèmi travay

Anvan ou resevwa yon pèmi travay, ou dwe konplete byometrik ou ak Egzamen Medikal Imigrasyon ou anvan (IME).

Si w ap fè demann azil ou nan pòtal IRCC a, y ap mande w si ou ta renmen yon pèmi travay. Si ou fè sa, tou senpleman chwazi “Wi” pou w aplike. Ou pa bezwen peye pou pèmi an pandan w ap tann pou yo deside sou demann azil ou a.

Y ap voye pèmi travay ou a nan adrès postal ou te antre nan pòtal IRCC la. Kalandriye pou resevwa pèmi travay ou a depann de tan pwosesis aktyèl la.

Nan kèk ka, lè w kòmanse demann azil ou a nan yon Pò Antre epi ranpli fòm papye ak yon Ofisye CBSA ou ka mande yon pèmi travay.

Si ou pa t aplike pou yon pèmi travay lè ou te ranpli fòm demann azil ou yo, ou ka aplike pita avèk yon fòm aplikasyon pou pèmi travay.

Renouvle pèmi travay ou

Pèmi travay yo valab pou dezan. Li enpòtan pou w aplike pou renouvle pèmi travay ou anvan li ekspire. W ap bezwen kontinye renouvle pèmi travay ou jiskaske ou devni yon rezidan pèmanan.

Ou ta dwe aplike pou pwolonje pèmi travay ou omwen 2-3 mwa anvan pèmi travay ou an ekspire.

Si ou poko resevwa nouvo pèmi travay ou a lè ansyen pèmi w la ap ekspire, ou ka toujou travay. Montre prèv anplwayè w la ke ou te aplike pou renouvle aplikasyon w lan.