Nouvo lwa nan Kanada ka afekte kalifikasyon w pou fè demann azil, menm si w te deja soumèt aplikasyon ou an. Kèk enfòmasyon sou sit entènèt sa a pa ajou. N ap mete l ajou. Pale ak yon avoka oswa yon founisè sèvis etablisman ke w fè konfyans. Aprann Plis

Odyans Vityèl ak Odyans An pèsòn

Gen de kalite odyans refijye: vityèl (sou entènèt) ak an pèson.

Odyans vityèl

Yon odyans vityèl fèt sou entènèt. Tout moun parèt sou yon ekran òdinatè, yo itilize Microsoft Teams.

Prepare w pou Odyans vityèl ou a

Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon lèt Avi pou Parèt apre IRB-RPD fikse yon dat ak lè. Li lèt sa a avèk atansyon paske li eksplike sa pou fè pou yon odyans vityèl.

Pou gen yon odyans vityèl, ou bezwen:

  • Yon koneksyon entènèt fyab, sekirize, epi ki rapid
  • Yon òdinatè oswa yon tablèt
  • Yon espas trankil epi prive

Si ou gen yon reprezantan legal, ou ka ale nan biwo yo pou odyans lan. Diskite sa avèk reprezantan legal ou a.

Si ou pa prale nan biwo yon reprezantan legal, asire w ke ou gen tout sa ou bezwen pou fè odyans vityèl lan. Si ou pa gen yon òdinatè oswa tablèt oswa koneksyon entènèt, mande IRB-RPD èd. IRB-RPD ka ba ou yon òdinatè oswa tablèt pou itilize an pèsòn nan biwo yo. Kontakte IRB-RPD nan zòn ou pa telefòn, imel, oswa lèt. Ou dwe kontakte yo omwen dis jou ouvrab anvan odyans ou a.

Anviron senk jou anvan odyans lan, IRB-RPD ap voye yon lyen pou videokonferans lan bay reprezantan legal ou a. Yo ap pataje lyen sa a avèk ou. Si ou pa gen yon reprezantan legal, IRB-RPD ap voye lyen an ba ou pa imel. Asire w ke IRB-RPD gen bon adrès imel, nimewo telefòn, ak adrès postal ou.

Nan odyans vityèl ou a

Nan jou odyans vityèl ou a, y ap mande ou pou konekte nan lyen rankont sou entènèt lan 15 minit anvan kòmansman odyans ou a. Sa ap ba ou chans pou asire w ke koneksyon entènèt ou a mache, tcheke avèk yon anplwaye IRB-RPD, epi pale ak entèprèt IRB an pou asire w ke nou konprann youn lòt. Lè Manm nan rantre nan odyans lan, yo pral pale avèk ou epi mande ou konfime ke ou se sèl moun ki la epi ou nan yon kote prive. Si ou gen yon kèlkonk pwoblèm pou wè oswa tande nan reyinyon sou entènèt lan, fè Manm nan konnen.

Si w pa vle yon odyans vityèl

Tout odyans refijye yo pwograme kòm vityèl, men yo ka chanje pou an pèsòn.

Ou dwe ranpli fòm sa a epi voye li omwen dis jou anvan odyans ou a. Ou dwe eksplike poukisa ou ta renmen oswa bezwen yon odyans an pèsòn.

Odyans an pèsòn

Yon odyans an pèsòn fèt nan biwo IRB-RPD an. Tout moun nan menm sal lan ansanm.

Ou pral sèlman gen yon odyans an pèsòn si IRB-RPD deside ke odyans ou ta dwe an pèsòn oswa si ou mande yon odyans an pèsòn epi IRB-RPD apwouve demann ou a.

Odyans an pèsòn fèt nan biwo IRB-RPD an. Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon lèt Avi pou Parèt apre IRB-RPD fikse yon dat ak lè. Lèt Avi pou Parèt ap ba ou adrès kote odyans ou a pral fèt. Li lèt sa a avèk atansyon paske li eksplike sa pou fè.

Nan odyans an pèsòn ou a

Jou odyans an pèsòn ou a, asire w ke ou rive omwen 15-30 minit anvan lè. Sa ba ou tan pou jwenn sal odyans lan. Si ou gen obsèvatè oswa temwen, yo ta dwe rive omwen 15 minit anvan odyans lan tou. Yo ka mande ou pou tann nan yon sal datant jiskaske sal odyans lan pare. Anvan odyans ou kòmanse, pale ak entèprèt lan pou asire w ke ou konprann youn lòt.


Pwochen seksyon gid lan: 6.4 Jou Odyans Ou a