Nan Odyans Refijye ou a
Odyans refijye ou a se evènman prensipal nan pwosesis demann azil lan. Aprann kisa pou w atann nan jou odyans ou a. Konprann kiyès ki ap la ak wòl yo. Prepare w pou odyans vityèl ou a (sou entènèt) oswa an pèsòn.
Konsènan Odyans Refijye yo
Odyans refijyew la se pati prensipal nan pwosesis demann azil lan. Pandan oswa apre odyans ou a, w ap konnen si yo aksepte oswa rejte demann azil ou a.
Odyans ou se chans ou pou rakonte istwa ou epi eksplike poukisa ou bezwen pwoteksyon Kanada. Li ap fèt prive epi an sekirite.
Odyans ou a ka sanble ak yon tribinal, men li mwens fòmèl. Moun k ap deside yo rele Manm epi yo espesyalman fòme pou deside sou demann azil. Yon Manm ap deside sou demann ou a onètman.
Odyans yo dire ant 3-4 èdtan anjeneral, men yo ka pi kout oswa pi long selon sikonstans yo. Pifò odyans yo fèt vityèlman (sou entènèt), epi gen kèk ki fèt an pèsòn nan biwo IRB an.
Ki moun k ap prezan nan odyans refijye ou?
Odyans Refijye yo prive epi yo pa ouvè pou piblik lan. Sèlman kèk moun ka asiste a odyans refijye ou a:
Manm IRB-RPD an
Desizyonè a nan odyans ou a rele Manm. Yon Manm nan IRB-RPD dirije odyans lan epi li pran desizyon pou aksepte oswa rejte demann ou a. Manm lan dwe trete ou avèk respè ak swen. Manm lan li Fòm BOC ou a epi li gade tout prèv ou yo anvan ak pandan odyans lan. Yo poze ou kesyon pandan reyinyon ou a pou ede yo pran yon desizyon sou demann azil ou a.
Reprezantan legal
Yon reprezangan legal ka yon avoka, yon konsiltan an immigrasyon oswa you reprezantan gratis. Nan pwovens Kèbèk, yon notè piblik, oubyen nan pwovens Ontaryo, yon paralegal ka reprenzante w tou.
Pandan Manm nan ap poze w kesyon nan odyans lan, reprezantan legal ou ka eksplike bagay yo ba ou. Reprezantan legal ou pa ka reponn kesyon pou ou. Ou dwe prepare pou reponn kesyon Manm nan poukont ou. Reprezantan legal ou ap gen chans pou poze w kesyon, men anjeneral li dwe tann jiskaske Manm nan fini pou l poze kesyon.
Nan fen odyans ou a, reprezantan legal ou ka bay yon rezime sou demann ou a bay Manm nan. Sa a rele “pledwari.” Manm yo ka di Pledwari a pandan odyans lan, oswa reprezantan legal La ka ekri li epi voyel bay IRB-RPD apre odyans ou a.
Avoka Minis lan
Konsèy Minis lan se yon anplwaye CBSA oswa IRCC. Konsèy Minis lan pa patisipe nan demann azil tout moun. Y ap patisipe si yo vle konteste demann azil ou a. Si yon Konsèy Minis patisipe, se paske yo gen enkyetid:
- sou ki moun ou ye oswa sou dokiman ou yo,
- ke ou pa di laverite, oswa
- ke ou se yon kriminèl oswa ou nan yon òganizasyon teworis.
Wap konnen si Konsèy Minis lan ap patisipe nan demann ou a. Anvan odyans lan, Konsèy Minis lan pral voye swa ba ou oubyen bay reprezantan legal ou a yon Avi Entèvansyon. Nan avi a, yo eksplike kijan ak poukisa yo patisipe. Avi a ap di si y ap vini nan odyans ou an oswa si yo pral sèlman voye dokiman. Ou ta dwe resevwa avi a omwen dis jou ou plis anvan odyans ou a. Li li ak anpil atansyon epi prepare w pou w pale sou sa. Si Konsèy Minis lan prezan nan odyans ou a, gen apil chans pou yo poze w kesyon.
Entèprèt
Wòl entèprèt lan se asire ke tout moun konprann youn lòt klèman. Menm si ou konprann anglè oswa fransè, li konseye pou w gen yon entèprèt pou evite erè. Entèprèt IRB yo pa pataje enfòmasyon sou ou oswa demann ou a ak okenn moun ki pa nan sal odyans lan.
IRB-RPD ap ba ou yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ak dyalèk ou. Si ou pa t di ke ou te vle yon entèprèt nan Fòm BOC ou a, ou ka toujou mande pou youn. Ekri IRB-RPD omwen dis jou anvan odyans ou a pou mande youn.
Ou ka mande yon entèprèt ki gen yon sèks espesifik oswa ki gen menm sèks avèk ou si ou santi ou ka pi alèz ak sa. Pa egzanp, si demann azil ou a baze sou yon bagay sansib ki te rive ou epi ou ka santi li pi fasil pou ou gen yon entèprèt ki gen menm sèks avèk ou, fè IRB-RPD konnen.
Temwen
Ou ka gen temwen nan odyans ou a pou pale sou demann ou a. Yon temwen se yon moun ki kapab konfime sa ki te pase ou. Yo ka nan Kanada oswa nan yon lòt peyi. Yon temwen kapab yon ekspè tou sou kesyon ki gen rapò ak demann azil ou a.
Chwazi temwen ou avèk anpil atansyon avèk èd reprezantan legal ou. Asire w ke ou prepare yo avan odyans ou a. Fè temwen ou yo konnen ke tout sa yo di dwe veridik. Si ou ta renmen envite yon temwen nan odyans ou a, ou menm oswa reprezantan legal ou a dwe ekri IRB-RPD (ak Konsèy Minis laN si sa nesesè) omwen dis jou anvan odyans lan. Bay sa yo:
- Non temwen ou an
- Yon ti deklarasyon sou poukisa y ap pale
- Relasyon ou ak temwen ou a
- Pandan konbyen tan ou panse yo pral pale
Obsevatè yo
Ou ka envite youn oswa plizyè obsèvatè nan odyans refijye ou a pou sipò emosyonèl. Sa ka yon zanmi, yon fanmi, oswa yon manm kominote ou a.
Nan odyans ou a, Manm nan ap mande obsèvatè yo pou yo prezante tèt yo. Pandan odyans lan, obsèvatè yo pa gen dwa pale epi yo dwe rete trankil. Yo pa ka temwen w tou.
Pitit ou ki gen 18 tan ou mwens
Si ou gen timoun ki gen 18 an oswa plis, yo dwe vini nan odyans refijye a. Timoun ki gen mwens pase 18 an pa oblije ale nan odyans refijye a, sof si Manm nan mande yo vini. Pou yon odyans vityèl (sou entènèt), eseye jwenn yon moun pou pran swen pitit ou yo lwen kote ou ye a. Ou ka bezwen pale sou evènman ki ka boulvèse ou. Sa yo se bagay ou ka pa vle pitit ou tande. Si posib, fè pitit ou yo ale lekòl oswa rete ak yon fanmi oswa yon zanmi, oswa fè aranjman pou yon moun pran swen yo pou ou.
Reprezantan Deziyen
IRB-RPD nome yon Reprezantan Dezinye pou reprezante timoun minè oswa granmoun ki pa ka konprann pwosesis refijye a. Reprezantan Desinye a ede moun nan konprann sa k ap pase epi sipòte yo pou prezante pi bon ka posib. Reprezantan Deziyen a ka poze kesyon pandan odyans lan. IRB-RPD anjeneral chwazi yon paran kòm Reprezantan Dezinye lè demann azil timoun nan anrejistre ansanm ak demann azil paran yo.
Odyans Vityèl ak Odyans An pèsòn
Gen de kalite odyans refijye: vityèl (sou entènèt) ak an pèson.
Odyans vityèl
Yon odyans vityèl fèt sou entènèt. Tout moun parèt sou yon ekran òdinatè, yo itilize Microsoft Teams.
Prepare w pou Odyans vityèl ou a
Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon lèt Avi pou Parèt apre IRB-RPD fikse yon dat ak lè. Li lèt sa a avèk atansyon paske li eksplike sa pou fè pou yon odyans vityèl.
Pou gen yon odyans vityèl, ou bezwen:
- Yon koneksyon entènèt fyab, sekirize, epi ki rapid
- Yon òdinatè oswa yon tablèt
- Yon espas trankil epi prive
Si ou gen yon reprezantan legal, ou ka ale nan biwo yo pou odyans lan. Diskite sa avèk reprezantan legal ou a.
Si ou pa prale nan biwo yon reprezantan legal, asire w ke ou gen tout sa ou bezwen pou fè odyans vityèl lan. Si ou pa gen yon òdinatè oswa tablèt oswa koneksyon entènèt, mande IRB-RPD èd. IRB-RPD ka ba ou yon òdinatè oswa tablèt pou itilize an pèsòn nan biwo yo. Kontakte IRB-RPD nan zòn ou pa telefòn, imel, oswa lèt. Ou dwe kontakte yo omwen dis jou ouvrab anvan odyans ou a.
Anviron senk jou anvan odyans lan, IRB-RPD ap voye yon lyen pou videokonferans lan bay reprezantan legal ou a. Yo ap pataje lyen sa a avèk ou. Si ou pa gen yon reprezantan legal, IRB-RPD ap voye lyen an ba ou pa imel. Asire w ke IRB-RPD gen bon adrès imel, nimewo telefòn, ak adrès postal ou.
Nan odyans vityèl ou a
Nan jou odyans vityèl ou a, y ap mande ou pou konekte nan lyen rankont sou entènèt lan 15 minit anvan kòmansman odyans ou a. Sa ap ba ou chans pou asire w ke koneksyon entènèt ou a mache, tcheke avèk yon anplwaye IRB-RPD, epi pale ak entèprèt IRB an pou asire w ke nou konprann youn lòt. Lè Manm nan rantre nan odyans lan, yo pral pale avèk ou epi mande ou konfime ke ou se sèl moun ki la epi ou nan yon kote prive. Si ou gen yon kèlkonk pwoblèm pou wè oswa tande nan reyinyon sou entènèt lan, fè Manm nan konnen.
Si w pa vle yon odyans vityèl
Tout odyans refijye yo pwograme kòm vityèl, men yo ka chanje pou an pèsòn.
Ou dwe ranpli fòm sa a epi voye li omwen dis jou anvan odyans ou a. Ou dwe eksplike poukisa ou ta renmen oswa bezwen yon odyans an pèsòn.
Odyans an pèsòn
Yon odyans an pèsòn fèt nan biwo IRB-RPD an. Tout moun nan menm sal lan ansanm.
Ou pral sèlman gen yon odyans an pèsòn si IRB-RPD deside ke odyans ou ta dwe an pèsòn oswa si ou mande yon odyans an pèsòn epi IRB-RPD apwouve demann ou a.
Odyans an pèsòn fèt nan biwo IRB-RPD an. Ou menm oswa reprezantan legal ou ap resevwa yon lèt Avi pou Parèt apre IRB-RPD fikse yon dat ak lè. Lèt Avi pou Parèt ap ba ou adrès kote odyans ou a pral fèt. Li lèt sa a avèk atansyon paske li eksplike sa pou fè.
Nan odyans an pèsòn ou a
Jou odyans an pèsòn ou a, asire w ke ou rive omwen 15-30 minit anvan lè. Sa ba ou tan pou jwenn sal odyans lan. Si ou gen obsèvatè oswa temwen, yo ta dwe rive omwen 15 minit anvan odyans lan tou. Yo ka mande ou pou tann nan yon sal datant jiskaske sal odyans lan pare. Anvan odyans ou kòmanse, pale ak entèprèt lan pou asire w ke ou konprann youn lòt.
Jou Odyans Ou a
Konbyen tan odyans ou an ap ye?
Odyans anjeneral pran yon demi jounen ak yon ti repo nan mitan odyans lan. Gen kèk odyans ki pi kout, epi gen kèk ki pi long. Si y ap tande demann ou a ak lòt manm fanmi w, oswa si gen anpil pwoblèm pou diskite, li ka dire yon jounen konplè.
Ou ka mande yon poz nenpòt ki lè pandan odyans ou a si ou bezwen li.
Kilè ou ta dwe rive?
Li enpòtan pou w rive bonè nan odyans ou a. Si odyans ou a vityèl ou ta dwe konekte nan reyinyon Microsoft Teams sou entènèt la 15 minit anvan odyans ou a kòmanse. Si odyans ou an an pèsòn ou ta dwe rive 15-30 minit anvan odyans ou a pou asire w ke ou ka jwenn sal odyans lan.
Kisa ki pral rive nan odyans ou a?
1. Entwodiksyon:
Manm nan ap prezante tout moun ki nan sal la epi eksplike w pwosesis odyans lan. Y ap mande w pou w leve men dwat ou epi pwomèt w ap di laverite.
2. Konfimasyon dokiman yo:
Manm nan gade tout dokiman yo te voye kòm prèv nan demann azil ou a. Yo asire yo ke tout moun gen yon kopi tout dokiman yo epi yo bay chak dokiman yon nimewo. Manm nan ka gade tou nenpòt dokiman orijinal ou pote nan odyans lan.
3. Kesyonman:
Lè sa a, Manm nan ap poze w kesyon. Kesyon sa yo ka konsènan istwa w, dokiman w yo, ak pwoblèm legal ki enpòtan pou demann azil ou a. Apre Manm nan fin poze w kesyon, konseye Minis la (si yo prezan) ka poze w kesyon. Reprezantan legal ou a ka poze w kesyon tou.
4. Temwen yo:
Si w gen temwen, y ap pale annapre. Temwen yo pral sèlman kapab rantre nan odyans ou a lè li lè pou yo pale.
5. Kòmantè yo:
Nan fen odyans ou a, Manm nan ap bay avoka ou oswa ou menm yon opòtinite pou eksplike nan pwòp mo ou pou kisa ou panse prèv la montre ke ou satisfè definisyon “Konvansyon Refijye” oswa “Moun ki Bezwen Pwoteksyon.” Yo rele sa yo obsèvasyon. Si w gen yon reprezantan legal yo ka dakò ak Manm nan pou voye obsèvasyon sa yo alekri apre odyans lan. Avoka Minis la (si yo prezan) fè kòmantè yo an dènye.
6. Desizyon:
Nan fen odyans lan, Manm nan gendwa di w desizyon yo pran pou aksepte oswa rejte demann ou a oswa li ka di yo pral voye desizyon yo pa lapòs ba ou. Nan de ka sa yo, w ap resevwa yon “Avi Desizyon” pa lapòs.
Kisa ou ta dwe pote nan odyans ou a?
Nan odyans ou a, ou ta dwe asire w ke ou genyen:
- Fòm BOC
- Naratif
- Fòm imigrasyon
- Prèv
- Lèt envitasyon
Manm nan ap di w souvan pou w pa li dokiman w yo lè w ap reponn kesyon yo. Men, li enpòtan pou w gen dokiman w yo avèk ou paske Manm nan ka mande w pou w gade seksyon oswa paj espesifik nan dokiman w yo.
Èske odyans yo prive?
Tout odyans refijye yo konfidansyèl. Sa vle di tout moun ki patisipe nan odyans ou a, enkli entèprèt la, pa gen dwa pataje enfòmasyon sou demann ou a ak okenn lòt moun.
Kisa ou ta dwe fè si ou pa konprann yon kesyon?
Si Manm nan poze w yon kesyon ou pa konprann, pa eseye reponn li. Di Manm nan ou pa konprann epi mande yo pou yo di li yon lòt fason. Pa janm envante yon repons. Si ou pa konnen yon bagay, oswa ou pa sèten, di sa.
Kisa ou ta dwe fè si entèprèt la fè yon erè?
Travay entèprèt la se tradui egzakteman oswa pi byen ke posib. Yo pa ta dwe ajoute anyen oswa kite anyen. Si w panse entèprèt la te fè yon erè oswa ou pa konprann yon bagay ki te di pandan odyans lan, li enpòtan anpil pou w di Manm nan sa.
Kijan ou ta dwe rele Manm nan?
Ou ka rele Manm nan “Mesye” oswa “Madanm”
Èske odyans yo anrejistre?
Tout odyans yo anrejistre. Si ou jwenn yon desizyon negatif ou ka mande pou yon kopi anrejistreman an. Ou ka itilize anrejistreman an pou montre sa ki te di nan odyans lan si ou deside fè apèl.
Kisa w ta dwe fè si w santi w fache oswa si w kòmanse kriye?
Pa enkyete w, li oke pou w santi w fache oswa kriye pandan odyans refijye w la. Si w kòmanse santi w fache nenpòt ki lè pandan odyans lan, ou ka pran mezi pou kalme tèt ou. Pou egzanp:
- pran 3 oswa 4 souf pwofon
- mande dlo
- mande yon ti repo