Eksplikasyon Pwosesis Demann azil

Ki moun ki konsidere kòm on refijye?

Gouvènman Kanadyen an di ou se yon refijye si ou pa an sekirite nan pwòp peyi ou. Si ou retounen nan peyi w, ou ka sibi vyolans oswa pèdi libète ou poutèt ki moun ou ye oswa pou kwayans ou. Ou dwe viv yon lòt kote.

Mande pwoteksyon kòm refijye nan peyi Kanada rele fè yon demann azil. Menm si yo te trete w mal nan peyi oubyen peyi se yon kote danjere, sa pa vle di ou ka rete nan peyi Kanada. Ou dwe montre ke ou se yon Refijye  Konvansyon oubyen yon Moun ki bezwen Pwoteksyon .

Konvansyon Refijye

Pou w ka konsidere kòm yon refijye daprè Konvansyon Refijye a, ou dwe rampli 6 condisyon sila yo:

  • Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen pral trè mal trete/sibi vyolans.
  • Map sibi vyolans poutèt moun mwen ye oswa pou kwayans mwen.
  • Mwen onètman pè tounen.
  • Mwen gen rezon valid poun pè viv nan peyi mwen.
  • Gouvènman mwen an pa ka pwoteje mwen.
  • Mwen pa ka viv an sekirite oubyen nan kondisyon rezonab nan oken lòt pati nan peyi a.

Moun ki bezwen pwoteksyon

Pou w ka konsidere kòm “moun ki bezwen pwoteksyon,” ou dwe montre ke kondisyon nimewo 1 oubyen nimewo 2 vre

1. Si mwen tounen nan peyi mwen, moun ki gen pouvwa yo pral pwobableman tòtire mwen.

oubyen

2. Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen ka mouri, mwen ka sibi move tretman oswa pinisyon kriyèl.

epitou

  • Gouvènman mwen pa ka pwoteje mwen
  • Mwen pa ka viv an sekirite oswa nan kondisyon ki rezonab nan okenn lòt pati nan peyi a.
  • Mwen an danje men se pa tout moun nan peyi mwen ki gen risk sa a.
  • Mwen pa an danje sèlman paske peyi mwen vle pini m paske m fè yon bagay ki se yon krim nan Kanada, epi
  • Mwen pa an danje sèlman akoz sèvis sante ki pa bon nan peyi mwen

Al gade Konprann Definisyon Legal yo pou plis enfòmasyon.

Èske mwen ka fè yon demann azil?

Gouvènman Kanadyen an ap deside si ou ka fè yon demann azili enpòtan pouw konprann kiyès ki ka fè yon demann. Chèche konsèy legal anvan ou mande pwoteksyon refijye.

Kiyès ki pa gen dwa fè yon demann azil?

Ou ka pa gen dwa fè yon demann azil nan Kanada si:

  • Ou se yon refijye Konvansyon nan yon lòt peyi kote ou ka ale.
  • Ou te fè yon demann azil nan Etazini, Wayòm Ini, Ostrali, oswa Nouvel Zeland
  • Kanada te deja di ou ke ou pa ka fè yon demann azil lakay li.
  • Ou te fè yon demann azil nan Kanada ki te retire, abandone, oswa rejte.
  • Ou te idantifye kòm yon moun ki danjere oswa yon kriminèl, oubyen ou te vyole lwa sou dwa moun.
  • Ou te deja jwenn estati nan Kanada kòm yon moun pwoteje.
  • Kanada te ba w lòd pou ou kite peyi a.
  • Nan yon fwontyè tèrès ant Etazini ak Kanada, ou pat kapab antre akoz Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a (ATPS).

Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a (ATPS)

Si ou soti Etazini epi ou antre Kanada , yon akò ant Kanada ak Etazini ki rele Akò Sou Tyès Peyi an Sekirite a (ATPS) rann li difisil pouw mande pwoteksyon refijye. Akò a di ke ou ta dwe fè damnan azil ou nan premye peyi ki an sekirite ou antre a. ATPS la pral aplike pou ou si ou travèse Kanada nan yon pwen fwontyè ofisyèl , oswa si ou antre Kanada ant pwen fwontyè ofisyèl yo epi ou fè yon demann azil nan yon espas 14 jou apre ou antre nan peyi a.

Si ou travèse Kanada pa vwa tèrès, ou ka sèlman fè yon deman azil si:

  • Ou gen yon manm fanmi nan Kanada
  • Ou se yon timoun ki gen mwens ke 19 lane, wap vwayaje pou kont ou, epi ou pa gen paran oswa responsab legal Ozetazini.
  • Ou gen yon viza Kanadyen ki valab, oswa yon pèmi etid oswa travay
  • Ou ap fè fas ak pinisyon kriminèl santans lanmò nan Etazini oswa nan peyi ou.
  • Ou san nasyonalite.
  • Ou se you sitwayen ameriken

Yon ajan fwontyè ofisyèl ap pozew kesyon pou wè si ou kalifye pou youn nan eksklizyon sa yo. Si ou kalifye, yap pèmèt ou antre Kanada. Si ou pa kalifye pou youn nan eksklizyon yo, li ka voye tounen nan Etazini. Si sa posib, pale ak yon avoka oswa reprezantan legal sou lòt fason ou ka eseye rete nan Kanada.

Al gade Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a pou plis enfòmasyon.

Apèsi sou pwosesis demann azil lan

Pou w rete Kanada, ou dwe montre gouvènman an ke ou se sa Kanada rele yon refijye. Sa vle di ou dwe montre ou se yon refijye daprè Konvansyon Refijye oubyen yon Moun ki Bezwen Pwoteksyon. Si ou gen estati nan plis pase yon peyi, ou dwe montre ke ou an danje nan chak grenn nan yo. Ou dwe montre tou ke ou ap di laverite sou kiyès ou ye e sou istwa ou. Ou fè sa lè w ap rasanble prèv epi tou lèw onèt, klè, ak lèw bay detay sou sa ki te rive ou.

Kòmanse demann azil ou

Premye etap nan fè yon demann azil se fè gouvènman Kanadyen an konnen ou vle pwoteksyon. Gen de fason pou fè sa. Ou dwe sou teritwa Kanadyen an.

  • Si ou sou teritwa kanadyen: ranpli epi soumèt aplikasyon ou sou sit entènet IRCC an, oswa
  • Si ou nan fwontyè a, ayewopò a, oswa nan yon sant detansyon: di yon ofisye CBSA ke ou vle fè yon demann azil.

CBSA oubyen IRCC ap decide si ou gen dwa fè yon demann azil Kanada. Si w gen dwa, yo voye demann ou an bay IRB-RPD.

Al gade seksyon Kòmanse Demann azil ou a pou plis enfòmasyon.

Odyans demann azil ou a

Ou pral gen yon odyans sou reklamasyon ou. Nan odyans ou a, yon moun soti nan IRB-RPD (yon Manm) ap tande istwaw ak sa temwenw yo di. Yo pral gade Fòm BOC ou a, nòt ki soti nan IRCC oswa CBSA, ak nenpòt lòt bagay ou te bay yo.

Al gade seksyon Nan Odyans Refijye w lan pou plis enfòmasyon.

Apre odyans demann azil ou a

Apre odyans ou an, IRB-RPD ap fè w konnen si demann azil lan aksepte. Si li aksepte, ou ka fè demann pou vin yon rezidan pèmanan . Si demann ou a rejte, ou ka gen opsyon pou fè apèl (mande yon revizyon). Pale ak yon avoka oswa yon reprezantan legal pou jwenn plis enfòmasyon sou opsyon ou yo.

Al gade seksyon Apre Odyans Ou a pou plis enfòmasyon.


Pwochen seksyon gid lan: 1.2 Men Twa Ajans Gouvènman yo