Konprann Pwoteksyon Refijye nan Kanada
Aprann sou pwoteksyon refijye nan Kanada epi si ou ka fè yon demann. Chèche konnen twa ajans gouvènman an ki enplike nan demann azil ou a.
Eksplikasyon Pwosesis Demann azil
Ki moun ki konsidere kòm on refijye?
Gouvènman Kanadyen an di ou se yon refijye si ou pa an sekirite nan pwòp peyi ou. Si ou retounen nan peyi w, ou ka sibi vyolans oswa pèdi libète ou poutèt ki moun ou ye oswa pou kwayans ou. Ou dwe viv yon lòt kote.
Mande pwoteksyon kòm refijye nan peyi Kanada rele fè yon demann azil. Menm si yo te trete w mal nan peyi oubyen peyi se yon kote danjere, sa pa vle di ou ka rete nan peyi Kanada. Ou dwe montre ke ou se yon Refijye Konvansyon oubyen yon Moun ki bezwen Pwoteksyon .
Konvansyon Refijye
Pou w ka konsidere kòm yon refijye daprè Konvansyon Refijye a, ou dwe rampli 6 condisyon sila yo:
- Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen pral trè mal trete/sibi vyolans.
- Map sibi vyolans poutèt moun mwen ye oswa pou kwayans mwen.
- Mwen onètman pè tounen.
- Mwen gen rezon valid poun pè viv nan peyi mwen.
- Gouvènman mwen an pa ka pwoteje mwen.
- Mwen pa ka viv an sekirite oubyen nan kondisyon rezonab nan oken lòt pati nan peyi a.
Moun ki bezwen pwoteksyon
Pou w ka konsidere kòm “moun ki bezwen pwoteksyon,” ou dwe montre ke kondisyon nimewo 1 oubyen nimewo 2 vre
1. Si mwen tounen nan peyi mwen, moun ki gen pouvwa yo pral pwobableman tòtire mwen.
oubyen
2. Si mwen tounen nan peyi mwen, mwen ka mouri, mwen ka sibi move tretman oswa pinisyon kriyèl.
epitou
- Gouvènman mwen pa ka pwoteje mwen
- Mwen pa ka viv an sekirite oswa nan kondisyon ki rezonab nan okenn lòt pati nan peyi a.
- Mwen an danje men se pa tout moun nan peyi mwen ki gen risk sa a.
- Mwen pa an danje sèlman paske peyi mwen vle pini m paske m fè yon bagay ki se yon krim nan Kanada, epi
- Mwen pa an danje sèlman akoz sèvis sante ki pa bon nan peyi mwen
Al gade Konprann Definisyon Legal yo pou plis enfòmasyon.
Èske mwen ka fè yon demann azil?
Si w ap kouri pou danje oswa pèsekisyon, ou ka mande pwoteksyon nan Kanada lè w fè yon demann azil sou fwontyè oswa andedan Kanada. Gouvènman Kanadyen an ap deside si yo ka voye demann azil ou a bay IRB-RPD. Li enpòtan pou w konprann kiyès ki ka fè yon demann ak kiyès ki ka gen yon odyans. Pran konsèy legal pi vit ke posib epi anvan ou mande pwoteksyon refijye.
Kiyès ki pa kalifye
Ou ka pa kalifye pou yo voye demann azil ou a bay IRB-RPD si:
- Ou se yon refijye Konvansyon nan yon lòt peyi kote ou ka ale.
- Ou te fè yon demann azil nan Etazini, Wayòm Ini, Ostrali, oswa Nouvel Zeland
- Kanada te deja di ou ke ou pa ka fè yon demann azil lakay li.
- Ou te fè yon demann azil nan Kanada ki te retire, abandone, oswa rejte.
- Ou te idantifye kòm yon moun ki danjere oswa yon kriminèl, oubyen ou te vyole lwa sou dwa moun.
- Ou te deja jwenn estati nan Kanada kòm yon moun pwoteje.
- Ou resevwa yon lòd pou kite Kanada.
- Nan yon fwontyè tèrès ant Etazini ak Kanada, ou pat kapab antre akoz Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a (ATPS).
Si ou te fè demann ou a pandan oswa aprè 3 jen 2025:
Akòz pwojè lwa C-12, gen de rezon ankò ki ka fè yo pa voye demann azil ou a bay IRB-RPD a. Règ sa yo sèlman aplike pou demann ki fèt pandan oswa aprè 3 jen 2025.
- Ou fè yon demann aprè plis pase yon ane premye antre w Kanada (aprè 24 jen 2020), menm si ou te kite Kanada epi retounen ankò.
- Ou antre Kanada pa fwontyè ofisyèl yo epi ou te fè demann ou an apre 14 jou depi ke w te antre.
Sa vle di si ou te antre Kanada pou nenpòt ki kantite tan apre 24 jen 2020, epi ou pa t fè yon demann azil nan yon ane apre premye antre ou apre 24 jen 2020, yo ka pa voye demann azil ou a bay IRB-RPD. Olye de sa, ou ka gen aksè a yon lòt pwosesis ki rele PRRA. Ou ka toujou bezwen kòmanse yon demann azil pou w ka gen aksè a yon PRRA.
Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a (ATPS)
Si ou soti Etazini epi ou antre Kanada , yon akò ant Kanada ak Etazini ki rele Akò Sou Tyès Peyi an Sekirite a (ATPS) rann li difisil pouw mande pwoteksyon refijye. Akò a di ke ou ta dwe fè damnan azil ou nan premye peyi ki an sekirite ou antre a. ATPS la pral aplike pou ou si ou travèse Kanada nan yon pwen fwontyè ofisyèl , oswa si ou antre Kanada ant pwen fwontyè ofisyèl yo epi ou fè yon demann azil nan yon espas 14 jou apre ou antre nan peyi a.
Si ou travèse Kanada pa vwa tèrès, ou ka sèlman fè yon deman azil si:
- Ou gen yon manm fanmi nan Kanada
- Ou se yon timoun ki gen mwens ke 19 lane, wap vwayaje pou kont ou, epi ou pa gen paran oswa responsab legal Ozetazini.
- Ou gen yon viza Kanadyen ki valab, oswa yon pèmi etid oswa travay
- Ou ap fè fas ak pinisyon kriminèl santans lanmò nan Etazini oswa nan peyi ou.
- Ou san nasyonalite.
- Ou se you sitwayen ameriken
Yon ajan fwontyè ofisyèl ap pozew kesyon pou wè si ou kalifye pou youn nan eksklizyon sa yo. Si ou kalifye, yap pèmèt ou antre Kanada. Si ou pa kalifye pou youn nan eksklizyon yo, li ka voye tounen nan Etazini. Si sa posib, pale ak yon avoka oswa reprezantan legal sou lòt fason ou ka eseye rete nan Kanada.
Al gade Akò Tyès Peyi ki an Sekirite a pou plis enfòmasyon.
Apèsi sou pwosesis demann azil lan
Pou w rete Kanada, ou dwe montre gouvènman an ke ou se sa Kanada rele yon refijye. Sa vle di ou dwe montre ou se yon refijye daprè Konvansyon Refijye oubyen yon Moun ki Bezwen Pwoteksyon. Si ou gen estati nan plis pase yon peyi, ou dwe montre ke ou an danje nan chak grenn nan yo. Ou dwe montre tou ke ou ap di laverite sou kiyès ou ye e sou istwa ou. Ou fè sa lè w ap rasanble prèv epi tou lèw onèt, klè, ak lèw bay detay sou sa ki te rive ou.
Kòmanse demann azil ou
Premye etap nan fè yon demann azil se fè gouvènman Kanadyen an konnen ou vle pwoteksyon. Gen de fason pou fè sa. Ou dwe sou teritwa Kanadyen an.
- Si ou sou teritwa kanadyen: ranpli epi soumèt aplikasyon ou sou sit entènet IRCC an, oswa
- Si ou nan fwontyè a, ayewopò a, oswa nan yon sant detansyon: di yon ofisye CBSA ke ou vle fè yon demann azil.
CBSA oswa IRCC deside si demann ou an kalifye pou yo voye li bay IRB-RPD. Si li kalifye, y ap voye demann ou an bay IRB-RPD.
Si CBSA oswa IRCC wè demann an ou pa kalifye pou referans bay IRB-RPD a, yo ka ofri ou yon PRRA oswa fòse ou kite Kanada, selon peyi ou soti a.
Gade si yo jwenn demann mwen an pa kalifye pou plis enfòmasyon
Odyans demann azil ou a
Ou pral gen yon odyans sou reklamasyon ou. Nan odyans ou a, yon moun soti nan IRB-RPD (yon Manm) ap tande istwaw ak sa temwenw yo di. Yo pral gade Fòm BOC ou a, nòt ki soti nan IRCC oswa CBSA, ak nenpòt lòt bagay ou te bay yo.
Al gade seksyon Nan Odyans Refijye w lan pou plis enfòmasyon.
Apre odyans demann azil ou a
Apre odyans ou an, IRB-RPD ap fè w konnen si demann azil lan aksepte. Si li aksepte, ou ka fè demann pou vin yon rezidan pèmanan . Si demann ou a rejte, ou ka gen opsyon pou fè apèl (mande yon revizyon). Pale ak yon avoka oswa yon reprezantan legal pou jwenn plis enfòmasyon sou opsyon ou yo.
Al gade seksyon Apre Odyans Ou a pou plis enfòmasyon.
Demann yo ki pa kalifye pou voye bay IRB-RPD
Kisa k ap pase si demann ou an pa kalifye pou voye bay IRB-RPD
Gen plizyè rezon ki fè CBSA oswa IRCC ka deside demann azil ou a pa kalifye pou yo voye li bay IRB-RPD.
Si yo jwenn demann ou pa kalifye, w ap resevwa yon lèt ki di demann ou a “pa kalifye pou yo voye li bay Divizyon Pwoteksyon Refijye a.” Nan entèvyou kalifikasyon ou an, w ap resevwa tou yon Dokiman Idantite Pwoteksyon Refijye (RPID).
Chanjman nan pwojè lwa C-12 (demann pandan oswa aprè 3 jen 2025)
Akòz nouvo règ elijibilite yo ki te prezante pa pwojè lwa C-12, kèk demann ki fèt pandan oswa aprè 3 jen 2025 yo ka jwenn yo pa kalifye, menm si yo te kalifye anvan.
Si demann ou afekte, IRCC oswa CBSA ap kontakte w.
Kisa k ap pase aprè si demann ou a pa kalifye
Sa k ap pase aprè depann de estati lòd ekspilsyon w. W ap genyen swa yon lòd ekspilsyon ki aplikab oswa yon lòd ekspilsyon pa aplikab.
Si ou genyen lòd expilsyon ki pa aplikab
Si ou soti nan yon peyi ki gen moratwa, lòd pou ekspilsyon w lan pap ka aplike. Sa vle di yo pap ka ekspilse w deyò Kanada, men ou pap kapab aplike pou yon Evalyasyon Risk Anvan Ekspilsyon (PRRA) non plis.
Sa ka kite w nan yon sitiyasyon imigrasyon ki flou
Ou pap jwenn pèmi travay otomatikman. Sepandan, ou ka aplike pou youn aprè w fin resevwa RPID ou a. Ou dwe soumèt yon aplikasyon pou yon pèmi travay epi peye yon frè. Tan pou tretman ka long. Tcheke sit wèb IRCC pou tan pwosesis aktyèl yo.
Kèk moun ki nan sitiyasyon sa a aplike pou rezidans pèmanan atravè yon aplikasyon Imanitè ak Konpasyon (H&C). Men, tan pou tretman yo ka long. Tcheke sit wèb IRCC pou tan pwosesis aktyèl yo.
Si w gen lòd pou ekpilsyon obligatwa
Si demann ou an pa kalifye epi ou gen yon lòd ekpilsyon obligatwa, y ap mete ou nan pwosesis depòtasyon.
Evalyasyon Risk Anvan Ekspilsyon (PRRA)
Kòm pati nan pwosedi pou depòtasyon, ou ka kalifye pou yon Evalyasyon Risk Anvan Ekspilsyon (PRRA).
Ou pap ka aplike pou yon PRRA pou kont ou. Ou dwe tann yon ofisye CBSA ba ou yon aplikasyon PRRA.
Randevou sa a fèt anjeneral an pèsòn nan yon biwo CBSA, men li ka fèt anliy tou. Li ka fèt byento aprè yo fin jwenn demann ou pa kalifye oubyen kèk mwa aprè sa.
Gade Evalyasyon Risk Anvan Ekspilsyon (PRRA) pou plis enfòmasyon.
Pèmi travay pandan PRRA
Si w ap tann pou yo sèvi w yon PRRA oswa si w gentan soumèt PRRA ou a nan dat limit la, ou ka aplike pou yon pèmi travay ouvè. Ou dwe soumèt yon aplikasyon pou pèmi travay epi peye yon frè. Tan pwosesis yo ka long. Tcheke sit entènèt IRCC pou tan pwosesis aktyèl yo.
Men Twa Ajans Gouvènman yo
Gen twa ajans gouvènman ki travay ak refijye yo. Chak ajans gen diferan wòl ak responsablite :
- Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC)
- Ajans Sèvis Fwontalye Kanada (CBSA)
- Konsèy Imigrasyon ak Refijye Kanada (IRB)
Ajans sa yo separe epi yo pa pataje enfòmasyon otomatikman youn ak lòt.
Wòl IRCC
IRCC responsab pou jere pwogram imigrasyon Kanada yo
Si ou kòmanse demann azil ou a pandan w Kanada, ou soumèt aplikasyon ou a bay IRCC.
IRCC ap deside si demann ou kalifye pou li refere l. Si demann ou an kalifye, y ap voye l bay IRB-RPD.
IRCC gen responsabilite tou :
- Pèmi travay
- Asirans Sante Federal pa enterim
- Aplikasyon pou rezidans pèmanan
- Dokiman Idantite Pwoteksyon Refijye (RPID)
Wòl CBSA
CBSA responsab pou fè respekte lwa imigrasyon Kanada yo
Si ou kòmanse demann azil ou a nan yon Pwen dantre (fwontyè tèrès, ayopò, oswa pò maritim) ) oswa nan yon sant detansyon, di yon ofisye CBSA ke ou vle fè yon demann.
Apre yo fin pale avèk ou, CBSA ka deside si ou gen dwa (kalifye) pou fè yon demann Kanada. Yo montre w kijan pou kòmanse demann ou an. CBSA ap voye demann ou an bay IRB-RPD apre sa.
Lòt wòl CBSA genyen se:
- kontwole fwontyè Kanada ak deside kiyès ki ka antre Kanada.
- Depòte moun ki fè demann azil ki pa ka rete Kanada
CBSA ka mete w nan yon sant detansyon si:
- yo pa ka asire de kiyès ou ye
- yo kwè ou se yon danje, oswa
- yo kwè ke w ou pap respekte lwa imigrasyon yo.
Si yo mete w nan yon sant detansyon, ou gen dwa pou yon avoka oswa reprezantan legal reprezante w. Ap gen odyans regilyèman pou revize detansyon w lan epi deside si ou ka libere.
Al gade seksyon Si ou an detansyon pou plis enfòmasyon.
Wòl IRB
IRB responsab pou pran desizyon sou kesyon imigrasyon ak refijye.
Apre IRCC oswa CBSA deside ke ou ka fè yon demnan azil, y ap voye demann ou an bay IRB. IRB se prensipal ajans gouvènman an ki responsab pou revize ak pran desizyon sou demann azil ou a. Seksyon Pwoteksyon Refijye yo (RPD) nan IRB ap deside si w ka jwenn pwoteksyon refijye nan Kanada.
IRB-RPD a:
- Li Fòm Debaz Demann (BOC) ou a ak lòt dokiman ak prèv ou yo
- Prepare odyans refijye ou a
- Deside si y ap aksepte ou non demann azil ou a
IRB gen twa lòt seksyon. Ou ka gen pou w wè ak:
Kenbe adrès ou ajou
Chanje adrès ou avèk IRB-RPD
Si ou gen yon reprezantan legal: Di reprezantan legal ou touswit si adrès ou, nimewo telefòn ou, oswa imèl ou chanje. Y ap mete enfòmasyon w yo ajou ak IRB-RPD atravè My Case.
Si se ou ki reprezante tèt ou: Ranpli fòm Notifikasyon Enfòmasyon Kontak Kliyan an. Soumèt fòm nan bay IRB-RPD itilize My Case. Si w poko gen My Case, voye li pa imèl.
Chanje adrès ou avèk IRCC
Pou w chanje adrès ou avèk IRCC, ale sou fòmilè web la epi swiv etap yo pou w ka antre nouvo adrès ou a.
Konsèy pou w ranpli fòmilè web la:
- Kote yo mande “Kalite aplikasyon/ enkèt,” chwazi “Chanjman enfòmasyon kontak.”
- Jwenn nimewo UCI ou sou Dokiman Pwoteksyon Demandè Azil ou a oswa sou nenpòt lèt IRCC voye ba ou.
Chanje adrès ou ak CBSA
Si CBSA ap patisipe nan demann azil ou a, ou bezwen kenbe enfòmasyon kontak ou ajou ak yo tou. Yon ajan ap ba w enstriksyon sou kijan epi ki kote pou w mete CBSA ajou si enfòmasyon kontak ou chanje.