Si ou pa dakò ak desizyon negatif IRB-RPD an, ou kapab fè apèl kont desizyon an. Fè yon apèl pa sèlman yon dezyèm chans pou soumèt demann ou a. Si ou fè apèl, ou ap bezwen montre ke IRB-RPD te fè yon erè, oswa plizyè erè, nan desizyon yo.
Li lèt Avi sou Desizyon an avèk atansyon, li pral eksplike rezon ki fè ou te jwenn yon desizyon negatif. Ou kapab mande yon anrejistreman odyans ou an tou si ou vle koutel pou ede w prepare apèl ou.
Kondisyon pou w fè Apèl
Pifò demandè azil yo ka fè apèl (mande yon revizyon) nan IRB-RAD si IRB-RPD rejte demann yo a. IRB-RAD ap fè w konnen si w ka fè apèl.
Ou ka pa kapab fè apèl bay IRB-RAD si:
- Ou te retire oswa abandone demann azil ou a
- Desizyon negatif IRB-RPD ou a di ke demann ou a pa gen okenn baz kredib oswa demann ou a fo..
- Ou antre nan Kanada soti nan fwontyè tèrès avec Etazini atravè youn nan eksepsyon ki nan Akò Sou tyès Peyi Sekiritè.
- Ou se yon resòtisan etranje dezinye
- IRB-RPD retire pwoteksyon refijye w apre yo fin ba ou li.
Si ou pa gen dwa pou fè apèl nan IRB-RAD, ou ka depoze yon aplikasyon pou yon Demann Kontwòl Jidisyè nan Tribinal Federal Kanada pou revize demann ou a. Mande yon avoka ki etap ou ta dwe swiv.
Kòmanse Avi pou Apèl ou
Pou w kòmanse Avi pou Apèl ou, ou dwe
- Ranpli Fòm Avi pou Apèl ou a.
- Mete lis tout moun k ap fè apèl oswa fè yon Avi pou Apèl separe pou chak moun.
- Voye twa kopi pa lapòs oswa voye yon kopi pa imel bay rejis IRB-RAD an.
Si w gen yon reprezantan legal, li ka ede w soumèt Avi pou Apèl ou a.
Apre ou voye fòm Avètisman Apèl lan, ou pral resevwa yon Lèt akize resepsyon. Lèt sa a ap di w dat ou dwe soumèt pwochen pati apèl ou a, ki rele Dosye aplan an. L ap di w tou biwo rejis IRB-RAD lan ak enfòmasyon kontak kote ou dwe voye li, epi li ap eksplike sa k ap pase apre sa.
Ranpli Dosye Aplan ou an.
Dosye Aplan an se yon pati enpòtan nan apèl ou a. Nan Dosye Aplan ou a, ou pral eksplike pou kisa ou pa dakò ak desizyon IRB-RPD an. Se chans ou pou montre ki erè ou panse yo te fèt nan desizyon an.
Pou dosye Aplan ou a, ou dwe:
- Ranpli yon fòm Dosye Aplan.
- Swiv enstriksyon nan Gid Aplan an sou ki dokiman ak enfòmasyon ki dwe nan Dosye Aplan ou a.
- Voye dokiman sa yo nan lòd sila
- Yon dokiman ekri nan odyans IRB-RPD ou a, si ou vle itilize sa pou sipòte apèl ou a. Sa a pa obligatwa. Si ou vle mete yon dekiman ekri, ou menm oswa reprezantan legal ou ap oblije peye pou anrejistreman odyans lan ou te resevwa ak desizyon IRB-RPD ou a. Ou dwe voye yon deklarasyon ki di ke sa dokiman ekri a di a se lavirite, moun ki fè li a dwe siyen deklarasyon an.
- Nenpòt prèv ke IRBRPD-SPR pat pèmèt pandan oswa apre odyans refijye ou a.
- Yon deklarasyon ekri ki di:
- Si w ap mete nouvo prèv ki pa t egziste oswa ki pa t disponib lè yo te rejte demann ou a.
- Ke w ap mande pou yon odyans fèt nan IRB-RAD, oubyen
- W ap bezwen yon entèprèt si yon odyans fikse.
- Nenpòt lòt dokiman ki sipòte apèl ou a.
- Nenpòt lwa, jirispridans, oswa lòt dokiman legal ki sipòte apèl ou a.
- Yon dokiman memorandòm ki dekri:
- Erè IRB-RPD te fè ke ou vle IRB-RAD revize.
- Ki kote pou jwenn erè sa yo nan dokiman IRB-RPD oswa nan anrejistreman oswa transkripsyon odyans lan.
- Desizyon ou vle IRB-RAD pran.
- Revize Lis Apèl IRB-RAD an anvan ou voye Dosye Aplan ou a
- Voye de kopi pa lapòs oswa voye yon kopi dijital an PDF pa imèl nan Dosye Aplan ou a bay IRB-RAD.
Asire w ke ou poste dokiman apèl ou yo nan bon biwo rejis IRB-RAD an. Si w pa sèten, tcheke adrès IRB-RAD ki sou lèt rekonesans apèl ou a.
Desizon IRB-RAD
Lè Manm IRB-RAD pran yon desizyon sou apèl ou a, yo ka:
- Rejete apèl ou a
- Deside ba w pwoteksyon refije, oswa
- Voye demann ou tounen bay yon lòt Manm nan IRB-RPD pou yon nouvo odyans.
IRB-RAD ap voye desizyon yo ak rezon yo ba ou pa lapòs. Yo voye yon kopi desizyon an bay IRCC ak CBSA tou.
Si IRB-RAD apwouve apèl ou a
Si IRB-RAD deside apwouve apèl ou a, ou se yon moun pwoteje epi ou ka fè aplikasyon pou rezidans pèmanan.
Si IRB-RAD rejte apèl ou a
Si IRB-RAD rejte apèl ou a, ou ka aplike nan Tribinal Federal pou yon revizyon jidisyè pou desizyon IRB-RAD an. Si ou pa depoze yon aplikasyon pou yon Revizyon Jidisyè nan Tribinal Federal lan nan 15 jou apre refi a, CBSA ka eseye depòte w sou teritwa kanadyen an. Si ou fè aplikasyon pou Revizyon Jidisyè a nan tan, ou pap bezwen kite Kanada.
Ou ka gen dwa fè yon aplikasyon pou rete nan Kanada sou baz rezon imanitè ak konpasyon..
