Pwoteje Estati Refijyew la

Èske mwen ka pèdi estati mwen nan Kanada apre mwen resevwa pwoteksyon refijye?

IRCC oswa CBSA ka aplike nan IRB-RPD pou yo retire estati Refijye Konvansyon w lan oswa Moun Pwoteje.

Ou ka pèdi estati w nan Kanada paske yon Minis IRCC oswa CBSA:

  • kwè ou te bay prèv ki pa vre oswa ou te kache enfòmasyon enpòtan.
  • kwè ou te resevwa pwoteksyon oswa sitwayènte nan yon lòt peyi. Rezon pou sa yo ka enkli:
    • Ou te chwazi aksepte pwoteksyon peyi w. Ou ka te renouvle oswa aplike pou yon paspò nan peyi w, ou te itilize ansyen paspò w lan, oswa vwayaje nan peyi w.
    • Ou te pèdi sitwayènte nan peyi w epi apre sa ou te chwazi pou reaplike pou li apre ou fin jwenn estati refijye nan Kanada.
    • Ou te resevwa sitwayènte (ak pwoteksyon) nan yon lòt peyi.
    • Ou chwazi retounen viv nan peyi w
  • kwè ke rezon ou te mande pwoteksyon yo pa egziste ankò epi ou pa an danje nan peyi ou ankò. Nan ka sa a, ou ka toujou montre gen rezon serye ki fè ou pa ka retounen.

Si IRCC oswa CBSA gen rezon pou yo kwè sa yo, IRB-RPD ka mande w vini nan yon odyans.

Kenbe estati refijye ou nan Kanada

Gen plizyè fason pou pwoteje estati refijye ou nan Kanada:

Itilizasyon paspò ak vwayaj:

  • Pa aplike oswa renouvle yon paspò nan ansyen peyi ou (oswa peyi yo).
  • Pa itilize ansyen paspò ou pou vwayaje nan okenn peyi pou okenn rezon.
  • Si ou bezwen vwayaje, aplike pou yon Dokiman Vwayaj pou Refijye.
  • Pa vizite ansyen peyi ou oswa peyi yo.

Kenbe kredibilite ou pandan tout pwosesis reklamasyon refijye ou:

  • Asire w ke tout sa ou di oswa bay IRB-RPD pou odyans refijye ou a se laverite epi li konplètman egzat.
  • Pa egzajere oswa diminye prèv yo.
  • Pa kache IRB-SPR okenn enfòmasyon enpòtan epi pètinan ki gen rapò ak demann ou a .
  • Pa pran konsèy legal nan men moun ki pa kalifye oswa nan men nenpòt moun ki di ou pou ou bay manti.

Sitwayèntye

  • Reflechi byen anvan ou aplike pou sitwayènte nan yon lòt peyi paske sa ka mete an danje kapasite ou pou ou rete nan Kanada.
  • Aplike pou sitwayènte Kanadyen pi vit ke ou kapab. Anvan ou aplike, pale ak yon reprezantan legal.

Aktivite Kriminèl

  • Pa fè okenn krim. Pou kèk krim grav, Kanada ka depòte yon demandè azil, yon moun ki pwoteje, oswa menm yon rezidan pèmanan. Si w mele nan tribinal kriminèl, fè avoka ou konnen estati imigrasyon ou. Mande avoka kriminèl ak imigrasyon ou yo kijan yon kondanasyon ka afekte estati ou. Mande avoka spesyalize nan dwa penal ou a poul kontakte avoka imigrasyon ou a pou yo de a ka ede w ansanm.

Pwochen seksyon gid lan: 7.5 Yo Rejte Demann Azil ou a