Aplikasyon imanitè ak konpasyon (H&C).

Yon aplikasyon Imanitè ak konpasyon (H&C) se yon demann  yo fè IRCC pou yon pèmisyon espesyal pou ka vin yon rezidan pèmanan nan Kanada. Ou ka fè yon aplikasyon (H&C) lè ou pa kalifye pou lòt pwogram imigrasyon. Yon (H&C) se nòmalman yon dènye tantativ pou rete Kanada.

Nan yon aplikasyon (H&C), ou bezwen montre ke gen rezon enpòtan pou ou ta dwe gen dwa rete Kanada. Anjeneral, aplikasyon (H&C) montre bagay tankou jan ou menm ak fanmi ou konekte ak lavi Kanadyen oswa ki jan timoun nan lavi ou ta afekte si ou te oblije kite Kanada. Yo ta ka gen ladan tou poukisa ou ta fè eksperyans difisil – sa vle di sikonstans trè difisil – si ou oblije retounen nan peyi ou.

Ki moun ki ka aplike?

Anvan ou ka fè yon aplikasyon (H&C), ou dwe tann 12 mwa apre IRB-RPD oswa IRB-RAD rejte demann azil ou a. Nòmalman ou dwe tann tou 12 mwa si w retire oswa abandone demann azil ou a.

Ou ka pa bezwen tann pou w aplike si w ka montre:

  • Li pa ta nan pi bon enterè yon timoun (ki poko gen 18 an) pou ou kite Kanada, oswa
  • Lavi w (oswa lavi youn nan moun ki depandan w yo) ta an danje akoz mank swen sante si w retounen nan peyi w.

Fè atansyon, gen kèk moun ki pa gen dwa fè yon aplikasyon (H&C). Ou pa kapab aplike pou (H&C) si:

  • Ou gen yon demann azil an kou.
  • Yo te di w ou se yon etranje ki dezinye nan yon moman nan 5 dènye ane yo.

Rete Kanada

Pandan w ap tann desizyon sou aplikasyon (H&C) ou a, yo ka retire w nan Kanada.

Ou kapab rete nan Kanada si w ap tann yon Desizyon Evalyasyon Risk Depòtasyon (PRRA).

Si yo te ba ou yon dat ou dwe kite Kanada, pale ak avoka ou pou mande pou repouse dat ranvwa ou oswa pou mande pou bay yon delè pou ranvwa a devan Tribinal Federal la.

Bagay ou dwe konsidere anvan ou aplike

Aplike pou H&C se yon mezi eksepsyonèl. Sa vle di se pa tou senpleman yon lòt fason pou aplike pou estati rezidan pèmanan nan Kanada. Ou responsab pou montre klèman ke yo ta dwe akòde w yon eksepsyon pou aplike pou rezidans pèmanan nan Kanada.

Kenbe nan tèt ou ke IRCC konsidere yon kantite faktè lè w ap deside aplikasyon H&C ou a, tankou:

  • Kijan ou rete nan Canada

Ou dwe montre ke ou te kreye yon lavi nan Kanada. Sa enkli: kantite tan ou te viv nan Kanada, konpetans lang ou, efò ou pou amelyore edikasyon ak konpetans, lyen ou ak manm fanmi k ap viv nan Kanada, ak volontarya, edikasyon, travay ak kontribisyon finansye.

  • Nenpòt enpak sa ka genyen sou timoun yo

Ou dwe montre pitit ou a (yo), oswa timoun ou sipòte nan Kanada oswa lòt bò dlo, ta va gen yon enpak negatif si yo retire w Kanada. Sa a gen ladan: byennèt emosyonèl, sosyal, kiltirèl ak fizik timoun nan, ak relasyon timoun nan ak lòt manm fanmi an nan Kanada.

  • Potansyèl pou difikilte oswa risk sante nan peyi ou.

Ou dwe montre w ap fè fas ak difikilte si w retounen nan peyi w. Sa ka vle di ke ou pa ka jwenn tretman medikal enpòtan oswa ke w ap fè fas a diskriminasyon oswa move tretman. Ou kapab enkli tou lòt difikilte ou pa t prezante nan odyans azil ou a.

Kouman pou aplike

Kounye a, Aplikasyon H&C a dwe fèt sou Entènèt atravè pòtal PR oswa Pòtal Rezidans Pèmanan (PR) Reprezantan Otorize a. Si ou pa kapab aplike sou Entènèt, pa egzanp poutèt yon andikap, ou ka mande IRCC pou voye fòm aplikasyon an pou ou sou papye oswa lòt fòma.

Sèvi ak lis verifikasyon sa a pou rasanble tout fòm ak dokiman ou bezwen ranpli pou sipòte aplikasyon w lan.

Ou dwe voye prèv ki sipòte sa w di nan aplikasyon w lan. Pa egzanp, ou ka gen dokiman ki gen rapò ak difikilte ou rankontre nan peyi ou oswa pi bon enterè yon timoun.

Si w pa mete tout fòm ak dokiman ki nesesè yo, IRCC pap trete aplikasyon w lan epi IRCC pap retounen yo ba ou.

Apre w fin aplike

Ou ka mete aplikasyon w lan ajou jiskaske w jwenn yon desizyon.

Si w ranpli aplikasyon w lan byen, y ap trete aplikasyon w lan. Yo ka mande w pou fè yon entèvyou, konfime enfòmasyon ou, oswa bay plis detay.

Si aplikasyon w lan te enkonplè, oswa ou pa t voye bon peman an, y ap voye l tounen ak enstriksyon yo.

Y ap di w alekri si yo apwouve oswa refize aplikasyon w lan. Si yo apwouve w, enfòmasyon yo pral enkli nan desizyon an sou pwochen etap ou pou vin yon rezidan pèmanan (tankou yon egzamen medikal ak yon chèk sou antesedan w).

Diskite pwochen etap yo ak avoka ou.


Pwochen seksyon gid lan: 8 Si Yo Arete Ou