Aprè odyans ou an

KIER-SPD deside sou reklamasyon ou pou pwoteksyon refijye a pandan oswa apre odyans ou. Konprann etap kap vini yo si reklamasyon ou a aksepte. Aprann opsyon ou yo si reklamasyon ou a refize.

Jwenn Desizyon Ou an

Konsèy Imigrasyon ak Refijye Kanada – Seksyon Pwoteksyon Refijye (IRB-RPD) ap deside si Kanada ap aksepte demann azil ou a.

Nan fen odyans refijye ou a, Manm Komisyon an ka:

  • Di w ke odyans lan bezwen kontinye nan yon lòt dat
  • Di w si yo aksepte oswa refize demann ou a . Yo rele sa a yon desizyon oral.
  • Di w ke w ap resevwa desizyon an pa lapòs. Yo rele sa a yon desizyon ekri.
  • Ba ou oswa reprezantan legal ou a plis tan pou voye plis dokiman oswa enfòmasyon anvan yo pran yon desizyon .

Demann Azil ou a Apwouve

Si IRB-RPD aksepte demann azil ou a, ou se yon Refijye nan sans Konvansyon an oswa Yon moun pwoteje. Sa vle di ou menm (ak fanmi w ki andedan epi deyò kanada) ka aplike pou rezidans pèmanan. Si w ap viv Kebèk, w ap bezwen aplike pou yon Sètifika Seleksyon Kebèk tou.

Kisa mwen ka fè si Ministè a fè apèl?

Minis lan ka vle yon revizyon desizyon IRB-RPD a. Sa vle di Minis la ap fè apèl kont desizyon pozitif ou a. Pou l ka fè yon apèl, Minis la dwe montre ke IRB-RPD te fè erè nan desizyon sou demann azil ou a.

Si Minis lan fè apèl nan15 jou aprè desizyon IRB-RPD a, ou dwe mete aplikasyon pou rezidans pèmanan ou an sou poz.

Si Minis lan fè apèl desizyon an, y ap fè w konnen epi w ap gen chans pou w reponn. Lè w reponn, w ap bay rezon pou kisa ou pa dakò ak apèl Minis la.

Pou reponn aK apèl la, ou menm oswa reprezantan legal ou dwe:

  • Prepare yon Avi Entansyon pou Reponn.
  • Prepare yon Dosye Repondè ak rezon ki koz ou pa dakò ak nenpòt lòt dokiman sipò.
  • Voye yon kopi tou de dokiman sa yo bay Minis la ak biwo IRB-RAD nan rejyon ou pa Pòtay My Case. Si ou pa gen My Case, ou ka voye yo pa imèl oswa pa lapòs. Si ou gen yon reprezantan legal, yo ta dwe fè sa pou ou.
  • Bay IRB-RAD prèv ke ou te voye dokiman ou yo bay Minis la.

Apre ou fin reponn apèl la lè w voye dokiman ki nesesè yo, IRB-RAD ap jeneralman pran yon desizyon san yon odyans. Nan kèk ka, Minis la ka mande yon odyans.

IRB-RAD ap pran youn nan desizyon sa yo:

  • Konfime desizyon IRB-RPD a. Sa vle di desizyon pozitif ou a ap rete.
  • Pa dakò ak desizyon IRB-RPD a, epi ranplase li pa yon nouvo desizyon.
  • Refere ka ou bay IRB-RPD epi mande yon nouvo odyans.

Vwayaje deyò Kanada

Si w ap planifye vwayaje deyò Kanada apre ou devni yon refijye oswa yon moun pwoteje, ou dwe aplike pou yon Dokiman Vwayaj pou Refijye avèk IRCC. Si Minis la te fè apèl, pa kite Kanada.

Aplike pou Rezidans Pèmanan

Ou ka aplike pou Rezidans Pèmanan (PR) nan Kanada si IRB-RPD oubyen IRB-RAD apwouve demann ou a.

Li enpòtan pou sonje ke pwosesis aplikasyon pou rezidans pèmanan (PR) ka pran anpil tan. Tan pwosesis yo varye pou chak moun. Sa se yon bagay nòmal.

Kòmanse Apliaksyon w lan

Ou ka aplike sou entènèt, pou sa itilize Pòtal Rezidans Pèmanan an  oswa voye fòm yo pa lapòs oubyen pa kourye.

Kòman pou w kòmanse aplikasyon ou nan Pòtay PR laN

  • Kreye yon kont
  • Konekte sou kont ou
  • Chwazi sa ki an apre yo nan meni k ap desann yo:
    • Pwogram w ap aplike anbal lan: “Rezidans Pèmanan, ki gen ladan Reyetablisman Refijye”.
    • Pwogram ke w ap aplike a (2): “Refijye”.
    • Kategori ou ap aplike an: Nan Kanada – “Moun Pwoteje”.
  • Ranpli enfòmasyon sou pwofil ou ak enfòmasyon sou manm fanmi ou yo.
  • Klike “sovgade epi Kontinye”.

Prepare dokiman yo

Pou aplike, ou dwe prepare:

Moun ki depann de ou ak manm fanmi w

Si ou gen moun ki depann de ou andedan oswa deyò Kanada, ou dwe ranpli yon seri fòm apa pou yo. Ou dwe prepare:

Nan aplikasyon w lan, ou dwe mete IRCC okouran sou non yon mari/madanm oswa nenpòt lòt manm fanmi depandan ou te genyen depi ou te rive nan Kanada.

Ou ka pa konnen ki kote kèk manm fanmi w ye, men ou ka mete yo nan aplikasyon w lan. Yo pral gen yon lane apati de jou ou jwenn estati rezidan pèmanan (PR) pou aplike pou poutèt yo. Se sèlman yon moun IRCC konsidere kòm manm fanmi ki ka fè sa, pa yon manm fanmi defackto. Pale ak yon avoka si w gen manm fanmi ki se manm fanmi defakto.

Tradwi dokiman yo

Pou nenpòt dokiman (enkli tenb ak so) ki pa nan anglè oswa fransè, ou dwe voye:

  • Tradiksyon an fransè oswa an anglè. Gade sitwèb IRCC pou swiv kondisyon yo pou tradwi dokiman yo.
  • Si ou pa ka jwenn yon tradiktè sètifye pou dokiman idantifikasyon ou yo, ou ka itilize yon tradiktè ki pa sètifye. Si ou fè sa, ou pral bezwen:
    • Yon afidavit ki soti nan men moun ki te fè tradiksyon an, epi
    • Yon kopi ki sètifye dokiman orijinal. Li dwe sètifye nan Kanada pa yon notè piblik,yon komisè pou sèman, oswa yon komisè pou pran afidavit yo.

Peye frè yo

Ou dwe peye yon frè lè ou aplike pou PR pou tèt ou ak pou nenpòt manm fanmi ou. Ou peye tout frè yo sou entènèt. Pou peye frè ou yo w ap bezwen:

  • Yon adrès imèl pou konekte ak yon modpas,
  • Aksè a yon òdinatè pou konsève resi ou a,
  • Aksè a yon enprimant (pou enprime resi a), ak
  • Yon kat kredi, Debi MasterCard® oswa Visa® Debi.

Lè ou pare pou peye:

  • Ale nan Peman Sou Entènèt.
  • Swiv enstriksyon yo.
    • Nan fen an, klike sou bouton an pou enprime resi ofisyèl IRCC aN ak yon kòd ba.
    • Enprime de kopi.
    • Konsève yon kopi sou òdinatè ou.
    • Voye yon kopi ba tèt ou pa imèl.
    • Atache yon kopi enprime nan resi sa a sou aplikasyon ou.
    • Kenbe lòt kopi yo nan resi a pou dosye ou.

Byometrik

Si ou dwe bay byometrik (tankou anprent dwèt), apre ou fin aplike pou rezidans pèmanan ak peye frè byometrik ou yo, ou pral resevwa yon Lèt Enstriksyon Biyometrik (BIL). Lèt sa a ap fè ou konnen ke li lè pou pran yon randevou pou bay biyometrik ou. Lèt la ap gen yon lyen ki montre kote sèvis Kanada chwazi ke ou ka ale pou bay byometrik ou nan Kanada ak aletranje.

Bay byometrik ou yo osi rapid ke ou kapab. Pa gen anyen ki fèt ak aplikasyon ou jouk ou voye yo.

Voye aplikasyon w lan

Ou ka aplike epi voye fòm ou yo atravè Pòtal Rezidans Pèmanan sou entènèt.

Ou ka voye papye aplikasyon w tou bay IRCC pa lapòs oswa imel:

Adrès postal

Aplikasyon pou moun Pwoteje nan Kanada                                                  Box 12153 STN A Sydney, NS B1P 0L1

Adrès pou kourye

Aplikasyon pou moun Pwoteje nan Kanada 3050 Wilson Avenue New Waterford, NS B1H 5V8

Etap final yo

Si ou soumèt enfòmasyon ak dokiman ki nesesè yo kòrèkteman pou aplikasyon PR ou a, ou ap resevwa yon lèt soti nan IRCC ki fè ou konnen si yo apwouve w pou PR.

Kat PR ou a ap rive pa lapòs. Li enpòtan pou kenbe adrès ou ajou avèk IRCC pou ou pa rate lèt sa a!

Pafwa, IRCC ka mande yon entèvyou avè ou. Yo ka vle ou konfime kèk pati nan istwa w lan oswa voye plis enfòmasyon. Yon fwa IRCC gen sa yo bezwen, ou ka jwenn estati PR ou nan yon entèvyou final.

Pwoteje Estati Refijyew la

Èske mwen ka pèdi estati mwen nan Kanada apre mwen resevwa pwoteksyon refijye?

IRCC oswa CBSA ka aplike nan IRB-RPD pou yo retire estati Refijye Konvansyon w lan oswa Moun Pwoteje.

Ou ka pèdi estati w nan Kanada paske yon Minis IRCC oswa CBSA:

  • kwè ou te bay prèv ki pa vre oswa ou te kache enfòmasyon enpòtan.
  • kwè ou te resevwa pwoteksyon oswa sitwayènte nan yon lòt peyi. Rezon pou sa yo ka enkli:
    • Ou te chwazi aksepte pwoteksyon peyi w. Ou ka te renouvle oswa aplike pou yon paspò nan peyi w, ou te itilize ansyen paspò w lan, oswa vwayaje nan peyi w.
    • Ou te pèdi sitwayènte nan peyi w epi apre sa ou te chwazi pou reaplike pou li apre ou fin jwenn estati refijye nan Kanada.
    • Ou te resevwa sitwayènte (ak pwoteksyon) nan yon lòt peyi.
    • Ou chwazi retounen viv nan peyi w
  • kwè ke rezon ou te mande pwoteksyon yo pa egziste ankò epi ou pa an danje nan peyi ou ankò. Nan ka sa a, ou ka toujou montre gen rezon serye ki fè ou pa ka retounen.

Si IRCC oswa CBSA gen rezon pou yo kwè sa yo, IRB-RPD ka mande w vini nan yon odyans.

Kenbe estati refijye ou nan Kanada

Gen plizyè fason pou pwoteje estati refijye ou nan Kanada:

Itilizasyon paspò ak vwayaj:

  • Pa aplike oswa renouvle yon paspò nan ansyen peyi ou (oswa peyi yo).
  • Pa itilize ansyen paspò ou pou vwayaje nan okenn peyi pou okenn rezon.
  • Si ou bezwen vwayaje, aplike pou yon Dokiman Vwayaj pou Refijye.
  • Pa vizite ansyen peyi ou oswa peyi yo.

Kenbe kredibilite ou pandan tout pwosesis reklamasyon refijye ou:

  • Asire w ke tout sa ou di oswa bay IRB-RPD pou odyans refijye ou a se laverite epi li konplètman egzat.
  • Pa egzajere oswa diminye prèv yo.
  • Pa kache IRB-SPR okenn enfòmasyon enpòtan epi pètinan ki gen rapò ak demann ou a .
  • Pa pran konsèy legal nan men moun ki pa kalifye oswa nan men nenpòt moun ki di ou pou ou bay manti.

Sitwayèntye

  • Reflechi byen anvan ou aplike pou sitwayènte nan yon lòt peyi paske sa ka mete an danje kapasite ou pou ou rete nan Kanada.
  • Aplike pou sitwayènte Kanadyen pi vit ke ou kapab. Anvan ou aplike, pale ak yon reprezantan legal.

Aktivite Kriminèl

  • Pa fè okenn krim. Pou kèk krim grav, Kanada ka depòte yon demandè azil, yon moun ki pwoteje, oswa menm yon rezidan pèmanan. Si w mele nan tribinal kriminèl, fè avoka ou konnen estati imigrasyon ou. Mande avoka kriminèl ak imigrasyon ou yo kijan yon kondanasyon ka afekte estati ou. Mande avoka spesyalize nan dwa penal ou a poul kontakte avoka imigrasyon ou a pou yo de a ka ede w ansanm.

Yo Rejte Demann Azil ou a

Si IRB-RPD rejte demann ou a, sa ka fèt paske:

  • Yo pa kwè nan demann ou a.
  • Yo pa kwè nan idantite ou.
  • Yo pa panse ou gen bon rezon pou w bezwen pwoteksyon.
  • Yo panse ke otorite yo nan peyi ou ka pwoteje ou.
  • Yo panse gen yon kote nan peyi ou ki san danje epi ki rezonab pou ou viv ladan li.
  • Ou se yon sitwayen oswa rezidan pèmanan nan yon lòt peyi kote pa gen risk.
  • Ou te patisipe nan krim grav, krim lagè, oswa krim kont limanite.

Opsyon apre yo rejte demann ou an

Si yo rejte demann ou an, toujou gen fason pouw rete oswa vin yon rezidan pèmanan nan Kanada. Ou ka kapab:

Apèl nan Konsèy Imigrasyon ak Refijye – Divizyon Apèl Refijye (IRB-RAD)

Si w pa dakò ak desizyon negatif IRB-RPD a, ou kapab fè apèl kont desizyon an. Fè yon apèl pa sèlman yon dezyèm chans pou soumèt demann ou a. Si w fè apèl, w ap bezwen montre ke IRB-RPD te fè yon erè, oswa plizyè erè, nan desizyon yo.

Li lèt Avi sou Desizyon an avèk atansyon, li pral eksplike rezon ki fè ou te jwenn yon desizyon negatif. Ou kapab mande yon anrejistreman odyans ou an tou si ou vle koutel pou ede w prepare apèl ou.

Kondisyon pou w fè Apèl

Pifò demandè azil yo ka fè apèl (mande yon revizyon) nan IRB-RAD si IRB-RPD rejte demann yo a. IRB-RAD ap fè w konnen si w ka fè apèl.

Ou ka pa kapab fè apèl bay IRB-RAD si:

  • Ou te retire oswa abandone demann azil ou a
  • Desizyon negatif IRB-RPD ou a di ke demann ou a pa gen okenn baz kredib oswa demann ou a fo..
  • Ou antre nan Kanada soti nan fwontyè tèrès avec Etazini atravè youn nan eksepsyon ki nan Akò Sou tyès Peyi Sekiritè.
  • Ou se yon resòtisan etranje dezinye
  • IRB-RPD retire pwoteksyon refijye w la apre yo te fin ba w li.

Si w pa gen dwa pou fè apèl nan IRB-RAD, ou ka depoze yon aplikasyon pou yon Demann Kontwòl Jidisyè nan Tribinal Federal Kanada pou revize demann ou a. Mande yon avoka ki etap ou ta dwe swiv.

Kòmanse Avi pou Apèl ou a

Pou w kòmanse Avi pou Apèl ou a, ou dwe

  • Ranpli Fòm Avi pou Apèl ou a.
  • Mete lis tout moun k ap fè apèl oswa fè yon Avi pou Apèl separe pou chak moun.
  • Voye yon kopi Avi Apèl ou atravè pòtal My Case la. Si yo pa envite w nan My Case, ou ka voye Avi Apèl ou bay IRB-RAD pa imel.

Si w gen yon reprezantan legal, li ka ede w soumèt Avi pou Apèl ou a.

Apre ou fin voye fòm Avètisman Apèl la, w ap resevwa yon Lèt akize resepsyon. Lèt sa a ap di w dat ou dwe soumèt pwochen pati apèl ou a, ki rele Dosye aplan an. L ap di w tou biwo rejis IRB-RAD la ak enfòmasyon kontak kote w dwe voye li, epi li ap eksplike sa k ap pase apre sa.

Ranpli Dosye Aplan ou an.

Dosye Aplan an se yon pati enpòtan nan apèl ou a. Nan Dosye Aplan ou a, ou pral eksplike pou kisa ou pa dakò ak desizyon IRB-RPD a. Se chans ou pou w montre ki erè ou panse yo te fèt nan desizyon an.

Pou dosye Aplan ou a, ou dwe:

  • Ranpli yon fòm Dosye Aplan.
  • Swiv enstriksyon nan Gid Aplan an sou ki dokiman ak enfòmasyon ki dwe nan Dosye Aplan ou an.
  • Voye dokiman sa yo nan lòd sila
    • Yon dokiman ekri nan odyans IRB-RPD ou a, si ou vle itilize sa pou sipòte apèl ou a. Sa a pa obligatwa. Si ou vle mete yon dekiman ekri, ou menm oswa reprezantan legal ou ap oblije peye pou anrejistreman odyans ou te resevwa ak desizyon IRB-RPD ou a. Ou dwe voye yon deklarasyon ki di ke sa dokiman ekri a di a se lavirite, moun ki fè li a dwe siyen deklarasyon an.
    • Nenpòt prèv ke IRBRPD-SPR pa t pèmèt pandan oswa apre odyans refijye ou a.
    • Yon deklarasyon ekri ki di:
      • Si w ap mete nouvo prèv ki pa t egziste oswa ki pa t disponib lè yo te rejte demann ou a.
      • Ke w ap mande pou yon odyans fèt nan IRB-RAD, oubyen
      • Si w ap bezwen yon entèprèt si yon odyans fikse.
    • Nenpòt lòt dokiman ki sipòte apèl ou a.
    • Nenpòt lwa, jirispridans, oswa lòt dokiman legal ki sipòte apèl ou a.
    • Yon dokiman memorandòm ki dekri:
      • Erè IRB-RPD te fè ke ou vle IRB-RAD revize.
      • Ki kote pou jwenn erè sa yo nan dokiman IRB-RPD oswa nan anrejistreman oswa transkripsyon odyans lan.
      • Desizyon w vle IRB-RAD pran.
  • Revize Lis Apèl IRB-RAD an anvan ou voye Dosye Aplan ou a
  • Soumèt Dosye Apèl ou a bay IRB-RAD atravè My Case.
    • Si w pa genyen yon reprezantan legal epi yo pa t envite w pou itilize My Case, ou ka voye yon kopi PDF pa imèl nan biwo rejis IRB-RAD la

Si w pa kapab voye dokiman yo nan My Case oswa imèl, ou ka voye yo pa lapòs bay rejis IRB-RAD a. Asire w ke ou voye yo nan biwo ki kòrèk la. Si w pa sèten, tcheke adrès IRB-RAD sou lèt rekonesans apèl ou a.

Desizon IRB-RAD a

Lè Manm IRB-RAD pran yon desizyon sou apèl ou a, yo ka:

  • Rejete apèl ou a
  • Deside ba w pwoteksyon refije, oswa
  • Voye demann ou tounen bay yon lòt Manm nan IRB-RPD pou yon nouvo odyans.

IRB-RAD ap voye desizyon yo ak rezon yo ba w pa lapòs. Y ap voye yon kopi desizyon an bay IRCC ak CBSA tou.

Si IRB-RAD apwouve apèl ou a

Si IRB-RAD deside apwouve apèl ou a, ou se yon moun pwoteje epi ou ka fè aplikasyon pou rezidans pèmanan.

Si IRB-RAD rejte apèl ou a

Si IRB-RAD rejte apèl ou a, ou ka aplike nan Tribinal Federal pou yon revizyon jidisyè pou desizyon IRB-RAD an. Si w pa depoze yon aplikasyon pou yon Revizyon Jidisyè nan Tribinal Federal nan 15 jou apre refi a, CBSA ka eseye depòte w sou teritwa kanadyen an. Si w fè aplikasyon pou Revizyon Jidisyè a tan, ou pap bezwen kite Kanada.

Ou ka gen dwa fè yon aplikasyon pou rete Kanada sou baz rezon imanitè ak konpasyon.

Revizyon Jidisyè pa Tribinal Federal Kanada

Konprann Revizyon Jidisyè

Yon revizyon jidisyè vle di ke yon jij Tribinal Federal pral gade nan IRB-RPD oswa demann IRB-RAD rejte a ou oswa kontestasyon ou a. Si jij la deside ke Manm nan fè yon erè legal, y ap voye demann ou an tounen bay IRB-RPD. Yon lòt Manm IRB-RPD pral pran yon nouvo desizyon.

Ou ka anmezi pou aplike pou revizyon jidisyè si:

  • Ou pa gen dwa fè kontestasyon devan IRB-RAD.
  • IRB-RAD rejte kontestasyon w lan.

Rete Kanada

Si ou kalifye pou rete Kanada depann de desizyon IRB ou vle revize a.

  • Si w ap mande pou yo revize yon desizyon IRB-RAD:
    • Ou ka rete Kanada jiskaske Tribinal Federal la pran yon desizyon.
  • Si w ap mande pou yo revize yon desizyon IRB-RPD:
    • Ou ka oblije kite Kanada. Si CBSA eseye depòte w anvan revizyon jidisyè a, ou ka mande pou yon “sispansyon administratif pou ranvwa”.

Kòmanse aplikasyon w lan

Pou aplike pou revizyon jidisyè, ou bezwen pèmisyon (yo rele konje) nan men yon jij Tribinal Federal. Ou dwe montre ke desizyon an sou demann azil ou a pa t jis oswa rezonab, oswa te gen yon erè nan desizyon an.

Pou kòmanse aplikasyon w pou revizyon jidisyè, ou dwe:

  • Soumèt yon Aplikasyon pou Konje nan lespas 15 jou apre w resevwa Avi Desizyon w la swa IRB-RPD oswa IRB-RAD.
  • Soumèt yon Dosye Aplikasyon nan 30 jou apre w te soumèt Aplikasyon w pou Konje a. Dosye aplikasyon w lan se kote w eksplike rezon legal ki fè w pa dakò ak desizyon an.

Yon jij egzamine dokiman w yo epi deside si w ka jwenn yon revizyon jidisyè konplè sou demann ou a. Si w pa kapab, y ap refize aplikasyon w lan epi yo pral fèmen dosye w la.

Si w gen dwa fè yon revizyon jidisyè, jij la ap fikse yon dat pou yon odyans. Odyans lan se chans pou avoka w la pale ak jij la sou demann ou a.

Jwenn desizyon ou a

Ou ka jwenn desizyon jij lan nan jou odyans lan oswa pita.

  • Si jij lan dakò ak desizyon IRB-RPD oswa IRB-RAD epi li di te gen yon erè legal oswa yon erè faktyèl, ou ka bezwen kite Kanada. Diskite pwochen etap yo ak avoka ou si ou poko fè sa.
  • Si jij lan deside IRB-RPD oswa Manm IRB-RAD te fè yon erè legal oswa yon erè faktyèl, jij lan ka voye demann ou a tounen bay IRB-RPD. Yon lòt Manm IRB-RPD pral pran yon nouvo desizyon. Sa pa toujou vle di ke demann azil ou a pral apwouve.

Evalyasyon Risk pou Depòtasyon (PRRA)

Si Kanada pral depòte w, ou ka anmezi pou aplike pou yon Evalyasyon Risk Ranvwa (PRRA). Yon PRRA se yon aplikasyon kote w mande pwoteksyon pou yo pa voye w tounen nan yon peyi kote w riske pèsekisyon, tòti, oswa tretman kriyèl oswa pinisyon. Sa a sanble ak sa IRB gade lè yo deside sou demann azil ou a. Yon diferans se ke IRB a pa patisipe nan pwosesis PRRA la. CBSA ap envite w pou w aplike pou yon PRRA, epi IRCC ap pran desizyon an sou aplikasyon PRRA w la.

Yo ka di w ou ka aplike pou yon PRRA apre demann azil ou a te rejte pa IRB, oswa si w abandone oswa retire demann ou a.

Ki moun ki ka aplike?

CBSA ap di w si w ka aplike pou yon  PRRA. Ou pa ka jis deside aplike pou youn. CBSA ap ba w yon Notifikasyon konsènan yon PRRA. Sa a eksplike dwa w pou w ranpli yon PRRA ak dat limit yo lè w bezwen ranpli li anvan. Li avi sa a ak anpil atansyon.

Rete Kanada

Ou ka mande si ou ka rete nan Kanada pandan y ap deside sou aplikasyon PRRA w la.

Si sa a se premye aplikasyon PRRA w la, y ap pèmèt ou rete Kanada pandan y ap deside sou aplikasyon PRRA w la. Pou asire w ou ka rete nan Kanada, fè atansyon pou respekte dat limit ki nan Notifikasyon Konsènan yon PRRA.

Ou pap gen dwa rete Kanada si:

  • Ou rate dat limit aplikasyon PRRA a.
  • Sa a se pa premye aplikasyon PRRA ou a.
  • W ap aplike pou yon PRRA nan yon pò antre (POE).

Kouman pou aplike

CBSA ap ba ou yon fòm aplikasyon ak gid pou enstriksyon. Ranpli Aplikasyon an pou yon fòm Evalyasyon Risk Ranvwa. Nenpòt manm fanmi nan Kanada ki gen 18 an oswa plis dwe fè pwòp fòm pa yo.

Tcheke dat limit pou fòm aplikasyon sa a sou Notifikasyon w konsènan yon PRRA. Anjeneral ou dwe voye fòm sa a bay IRCC nan lespas 15 jou apre ou fin resevwa fòm notifikasyon an.

Pwochen etap la se prepare epi soumèt dokiman alekri (soumèt) ki dekri sitiyasyon ou. Sa a se chans ou pou eksplike poukisa ou panse ou ta gen risk si yo voye w tounen nan peyi ou. Ou dwe voye dokiman sa yo bay IRCC nan lespas 30 jou apre ou resevwa fòm notifikasyon PRRA la.

Nan soumèt sa yo, li enpòtan pou w reponn aklè kesyon sa yo:

  • Poukisa mwen ka gen risk si yo ta retounen m nan peyi a?
  • Ki kalite risk mwen ka fè fas ak poukisa?
  • Ki jan risk sa yo lye m pèsonèlman?
  • Èske mwen ka deplase nan yon lòt pati nan peyi a?
  • Èske tout lòt moun nan peyi a gen menm risk sa?

Ou ka mete prèv pou sipòte sa w soumèt ou yo. Sa yo se dokiman ki montre ou gen risk nan peyi ou. Men kèk egzanp:

  • Atik jounal ki dekri sitiyasyon an nan peyi w
  • Dokiman legal yo
  • Dokiman lapolis
  • Dokiman medikal
  • Temwayaj ekri
  • Lèt pèsonèl

Si yo te rejte demann azil ou a oswa yon aplikasyon PRRA ki te fèt anvan, ou pa gen dwa mete prèv ou te deja soumèt pou sipòte demann azil ou a. Ou gen dwa sèlman pou bay nouvo prèv. Sa a se prèv ou te resevwa apre rejè a, oswa ke ou pa t kapab jwenn pi bonè pou yon bon rezon.

Soumèt aplikasyon w ak dokiman w yo

Soumèt fòm aplikasyon PRRA ou ranpli, dokiman ekri (soumèt) ak prèv pa lapòs nan biwo IRCC a sou Notifikasyon w konsènan yon PRRA. Ou kapab soumèt aplikasyon PRRA ou a tou atravè Sevis Canada Post’s Connect. Fè anpil atansyon sou dat limit ki nan avi sa a.

Apre w fin aplike

IRCC pral gade aplikasyon PRRA ou a epi l ap pran yon desizyon.

IRCC anjeneral pran desizyon an jis lè li gade fòm aplikasyon yo ak dokiman ou te bay yo. Pafwa IRCC ap mande w pou w vin nan yon odyans si yo gen kesyon pou poze w. Si w bezwen ale nan yon odyans, IRCC ap voye yon avi pou ou ak lè, dat, kote, ak pwoblèm yo vle diskite a.

Yo aksepte aplikasyon w la

Si yo aksepte aplikasyon PRRA ou a, anjeneral ou vin yon moun ki pwoteje. Sa vle di ou ka aplike pou yon rezidans pèmanan.

Yo pa aksepte aplikasyon w lan

Si yo rejte aplikasyon PRRA ou a, ou dwe kite Kanada.

Ou ka aplike nan Tribinal Federal Kanada pou yon revizyon jidisyè. W ap toujou gen pou w kite Kanada sof si ou jwenn yon posibilite administratif pou retire ranvwa a oswa mande tribinal la pou w rete tanporè nan kad ranvwa.

Aplikasyon imanitè ak konpasyon (H&C).

Yon aplikasyon Imanitè ak konpasyon (H&C) se yon demann  yo fè IRCC pou yon pèmisyon espesyal pou ka vin yon rezidan pèmanan nan Kanada. Ou ka fè yon aplikasyon (H&C) lè ou pa kalifye pou lòt pwogram imigrasyon. Yon (H&C) se nòmalman yon dènye tantativ pou rete Kanada.

Nan yon aplikasyon (H&C), ou bezwen montre ke gen rezon enpòtan pou ou ta dwe gen dwa rete Kanada. Anjeneral, aplikasyon (H&C) montre bagay tankou jan ou menm ak fanmi ou konekte ak lavi Kanadyen oswa ki jan timoun nan lavi ou ta afekte si ou te oblije kite Kanada. Yo ta ka gen ladan tou poukisa ou ta fè eksperyans difisil – sa vle di sikonstans trè difisil – si ou oblije retounen nan peyi ou.

Ki moun ki ka aplike?

Anvan ou ka fè yon aplikasyon (H&C), ou dwe tann 12 mwa apre IRB-RPD oswa IRB-RAD rejte demann azil ou a. Nòmalman ou dwe tann tou 12 mwa si w retire oswa abandone demann azil ou a.

Ou ka pa bezwen tann pou w aplike si w ka montre:

  • Li pa ta nan pi bon enterè yon timoun (ki poko gen 18 an) pou ou kite Kanada, oswa
  • Lavi w (oswa lavi youn nan moun ki depandan w yo) ta an danje akoz mank swen sante si w retounen nan peyi w.

Fè atansyon, gen kèk moun ki pa gen dwa fè yon aplikasyon (H&C). Ou pa kapab aplike pou (H&C) si:

  • Ou gen yon demann azil an kou.
  • Yo te di w ou se yon etranje ki dezinye nan yon moman nan 5 dènye ane yo.

Rete Kanada

Pandan w ap tann desizyon sou aplikasyon (H&C) ou a, yo ka retire w nan Kanada.

Ou kapab rete nan Kanada si w ap tann yon Desizyon Evalyasyon Risk Depòtasyon (PRRA).

Si yo te ba ou yon dat ou dwe kite Kanada, pale ak avoka ou pou mande pou repouse dat ranvwa ou oswa pou mande pou bay yon delè pou ranvwa a devan Tribinal Federal la.

Bagay ou dwe konsidere anvan ou aplike

Aplike pou H&C se yon mezi eksepsyonèl. Sa vle di se pa tou senpleman yon lòt fason pou aplike pou estati rezidan pèmanan nan Kanada. Ou responsab pou montre klèman ke yo ta dwe akòde w yon eksepsyon pou aplike pou rezidans pèmanan nan Kanada.

Kenbe nan tèt ou ke IRCC konsidere yon kantite faktè lè w ap deside aplikasyon H&C ou a, tankou:

  • Kijan ou rete nan Canada

Ou dwe montre ke ou te kreye yon lavi nan Kanada. Sa enkli: kantite tan ou te viv nan Kanada, konpetans lang ou, efò ou pou amelyore edikasyon ak konpetans, lyen ou ak manm fanmi k ap viv nan Kanada, ak volontarya, edikasyon, travay ak kontribisyon finansye.

  • Nenpòt enpak sa ka genyen sou timoun yo

Ou dwe montre pitit ou a (yo), oswa timoun ou sipòte nan Kanada oswa lòt bò dlo, ta va gen yon enpak negatif si yo retire w Kanada. Sa a gen ladan: byennèt emosyonèl, sosyal, kiltirèl ak fizik timoun nan, ak relasyon timoun nan ak lòt manm fanmi an nan Kanada.

  • Potansyèl pou difikilte oswa risk sante nan peyi ou.

Ou dwe montre w ap fè fas ak difikilte si w retounen nan peyi w. Sa ka vle di ke ou pa ka jwenn tretman medikal enpòtan oswa ke w ap fè fas a diskriminasyon oswa move tretman. Ou kapab enkli tou lòt difikilte ou pa t prezante nan odyans azil ou a.

Kouman pou aplike

Kounye a, Aplikasyon H&C a dwe fèt sou Entènèt atravè pòtal PR oswa Pòtal Rezidans Pèmanan (PR) Reprezantan Otorize a. Si ou pa kapab aplike sou Entènèt, pa egzanp poutèt yon andikap, ou ka mande IRCC pou voye fòm aplikasyon an pou ou sou papye oswa lòt fòma.

Sèvi ak lis verifikasyon sa a pou rasanble tout fòm ak dokiman ou bezwen ranpli pou sipòte aplikasyon w lan.

Ou dwe voye prèv ki sipòte sa w di nan aplikasyon w lan. Pa egzanp, ou ka gen dokiman ki gen rapò ak difikilte ou rankontre nan peyi ou oswa pi bon enterè yon timoun.

Si w pa mete tout fòm ak dokiman ki nesesè yo, IRCC pap trete aplikasyon w lan epi IRCC pap retounen yo ba ou.

Apre w fin aplike

Ou ka mete aplikasyon w lan ajou jiskaske w jwenn yon desizyon.

Si w ranpli aplikasyon w lan byen, y ap trete aplikasyon w lan. Yo ka mande w pou fè yon entèvyou, konfime enfòmasyon ou, oswa bay plis detay.

Si aplikasyon w lan te enkonplè, oswa ou pa t voye bon peman an, y ap voye l tounen ak enstriksyon yo.

Y ap di w alekri si yo apwouve oswa refize aplikasyon w lan. Si yo apwouve w, enfòmasyon yo pral enkli nan desizyon an sou pwochen etap ou pou vin yon rezidan pèmanan (tankou yon egzamen medikal ak yon chèk sou antesedan w).

Diskite pwochen etap yo ak avoka ou.