Nouvo Lwa ki Afekte Kalifikasyon Pou Mande Azil
A pati de 26 Mas 2026, nouvo lwa (Bill C‑12) ap afekte kalifikasyon pou mande azil nan Kanada.
Nouvo Règ pou Kalifikasyon
Nouvo règ sa yo aplike pou tout demann ki fèt nan dat oswa aprè 3 jen 2025.
Demann ou an pap kalifye pou l al jwenn jwenn Konsèy Imigrasyon ak Refijye (IRB) si:
- Ou fè demann ou an plis pase yon ane aprè premye fwa ou te antre Kanada (aprè 24 jen 2020), menm si ou te kite peyi a epi retounen depi lè sa a.
- Ou antre Kanada nan pòs fwontyè ofisyèl yo epi ou fè demann ou an plis pase 14 jou aprè ou antre a*
* Akò Twazyèm Peyi San Danje a (STCA) toujou an kou. Si ou antre Kanada pa pòs fwontyè ofisyèl yo epi ou fè yon demann nan lespas 14 jou, yo pap jwenn demann ou an kalifye pou voye bay IRB, sof si ou satisfè yon eksepsyon nan STCA a.
Pou plis enfòmasyon detaye sou kalifikasyon an, gade sou sit entènèt IRCC a:
- Demann nan Pò Antre (ayewopò oswa pòs fwontyè ofisyèl)
- Demann entèn (andedan Kanada)
Enpòtan: IRCC ak CBSA ap revize tout demann ki te fèt aprè 3 jen 2025. Si demann ou an afekte pa nouvo règleman sa yo, y ap kontakte w ak reprezantan legal ou a. Asire w ke IRB, IRCC, CBSA, ak reprezantan legal ou a gen enfòmasyon kontak aktyèl ou yo.
Si Demann Ou a Pa Kalifye pou Voye bay IRB
Si demann azil ou pa kalifye, y ap voye w bay Ajans Sèvis Frontyè Kanada (CBSA). CBSA ap detèmine si w ka aplike pou Yon Evalyasyon Risk Anvan depòtasyon (PRRA).
Yon PRRA se yon aplikasyon kote ou mande pwoteksyon pou yo pa voye w tounen nan yon peyi kote ou ka fè fas ak pèsekisyon, tòti, oswa tretman kriyèl. Yon PRRA pa menm jan ak yon odyans azil, men si yo aksepte l, ou ka vin yon moun ki pwoteje.
Jwenn Sipò ak Enfòmasyon
- Jwenn enfòmasyon oubyen konsèy nan men yon avoka oswa yon reprezantan legal si ou gen kesyon sou kalifikasyon w pou demann azil oubyen enkyetid sou estati demann ou an.
- Òganizasyon imigrasyon ak kominotè yo ka ede w konprann nouvo règ sa yo epi mete w an kontak ak reprezantan legal/oswa resous legal yo.
Pou jwenn yon lis òganizasyon nan zòn ou, konsilte paj Resous Kominotè a.
