Ki moun k ap prezan nan odyans refijye ou?

Odyans Refijye yo prive epi yo pa ouvè pou piblik lan. Sèlman kèk moun ka asiste a odyans refijye ou a:

Manm IRB-RPD an

Desizyonè a nan odyans ou a rele Manm. Yon Manm nan IRB-RPD dirije odyans lan epi li pran desizyon pou aksepte oswa rejte demann ou a. Manm lan dwe trete ou avèk respè ak swen. Manm lan li Fòm BOC ou a epi li gade tout  prèv ou yo anvan ak pandan odyans lan. Yo poze ou kesyon pandan reyinyon ou a pou ede yo pran yon desizyon sou demann azil ou a.

Reprezantan legal

Yon reprezangan legal ka yon avoka, yon konsiltan an immigrasyon oswa you reprezantan gratis. Nan pwovens Kèbèk, yon notè piblik, oubyen nan pwovens Ontaryo, yon paralegal ka reprenzante w tou.

Pandan Manm nan ap poze w kesyon nan odyans lan, reprezantan legal ou ka eksplike bagay yo ba ou. Reprezantan legal ou pa ka reponn kesyon pou ou. Ou dwe prepare pou reponn kesyon Manm nan poukont ou. Reprezantan legal ou ap gen chans pou poze w kesyon, men anjeneral li dwe tann jiskaske Manm nan fini pou l poze kesyon.

Nan fen odyans ou a, reprezantan legal ou ka bay yon rezime sou demann ou a bay Manm nan. Sa a rele “pledwari.” Manm yo ka di Pledwari a pandan odyans lan, oswa reprezantan legal La ka ekri li epi voyel bay IRB-RPD apre odyans ou a.

Avoka Minis lan

Konsèy Minis lan se yon anplwaye CBSA oswa IRCC. Konsèy Minis lan pa patisipe nan demann azil tout moun. Y ap patisipe si yo vle konteste demann azil ou a. Si yon Konsèy Minis patisipe, se paske yo gen enkyetid:

  • sou ki moun ou ye oswa sou dokiman ou yo,
  • ke ou pa di laverite, oswa
  • ke ou se yon kriminèl oswa ou nan yon òganizasyon teworis.

Wap konnen si Konsèy Minis lan ap patisipe nan demann ou a. Anvan odyans lan, Konsèy Minis lan pral voye swa ba ou oubyen bay reprezantan legal ou a yon Avi Entèvansyon. Nan avi a, yo eksplike kijan ak poukisa yo patisipe. Avi a ap di si y ap vini nan odyans ou an oswa si yo pral sèlman voye dokiman. Ou ta dwe resevwa avi a omwen dis jou ou plis anvan odyans ou a. Li li ak anpil atansyon epi prepare w pou w pale sou sa. Si Konsèy Minis lan prezan nan odyans ou a, gen apil chans pou yo poze w kesyon.

Entèprèt

Wòl entèprèt lan se asire ke tout moun konprann youn lòt klèman. Menm si ou konprann anglè oswa fransè, li konseye pou w gen yon entèprèt pou evite erè. Entèprèt IRB yo pa pataje enfòmasyon sou ou oswa demann ou a ak okenn moun ki pa nan sal odyans lan.

IRB-RPD ap ba ou yon entèprèt pwofesyonèl gratis nan lang ak dyalèk ou. Si ou pa t di ke ou te vle yon entèprèt nan Fòm BOC ou a, ou ka toujou mande pou youn. Ekri IRB-RPD omwen dis jou anvan odyans ou a pou mande youn.

Ou ka mande yon entèprèt ki gen yon sèks espesifik oswa ki gen menm sèks avèk ou si ou santi ou ka pi alèz ak sa. Pa egzanp, si demann azil ou a baze sou yon bagay sansib ki te rive ou epi ou ka santi li pi fasil pou ou gen yon entèprèt ki gen menm sèks avèk ou, fè IRB-RPD konnen.

Temwen

Ou ka gen temwen nan odyans ou a pou pale sou demann ou a. Yon temwen se yon moun ki kapab konfime sa ki te pase ou. Yo ka nan Kanada oswa nan yon lòt peyi. Yon temwen kapab yon ekspè tou sou kesyon ki gen rapò ak demann azil ou a.

Chwazi temwen ou avèk anpil atansyon avèk èd reprezantan legal ou. Asire w ke ou prepare yo avan odyans ou a. Fè temwen ou yo konnen ke tout sa yo di dwe veridik. Si ou ta renmen envite yon temwen nan odyans ou a, ou menm oswa reprezantan legal ou a dwe ekri IRB-RPD (ak Konsèy Minis laN si sa nesesè) omwen dis jou anvan odyans lan. Bay sa yo:

  • Non temwen ou an
  • Yon ti deklarasyon sou poukisa y ap pale
  • Relasyon ou ak temwen ou a
  • Pandan konbyen tan ou panse yo pral pale

Obsevatè yo

Ou ka envite youn oswa plizyè obsèvatè nan odyans refijye ou a pou sipò emosyonèl. Sa ka yon zanmi, yon fanmi, oswa yon manm kominote ou a.

Nan odyans ou a, Manm nan ap mande obsèvatè yo pou yo prezante tèt yo. Pandan odyans lan, obsèvatè yo pa gen dwa pale epi yo dwe rete trankil. Yo pa ka temwen w tou.

Pitit ou ki gen 18 tan ou mwens

Si ou gen timoun ki gen 18 an oswa plis, yo dwe vini nan odyans refijye a. Timoun ki gen mwens pase 18 an pa oblije ale nan odyans refijye a, sof si Manm nan mande yo vini. Pou yon odyans vityèl (sou entènèt), eseye jwenn yon moun pou pran swen pitit ou yo lwen kote ou ye a. Ou ka bezwen pale sou evènman ki ka boulvèse ou. Sa yo se bagay ou ka pa vle pitit ou tande. Si posib, fè pitit ou yo ale lekòl oswa rete ak yon fanmi oswa yon zanmi, oswa fè aranjman pou yon moun pran swen yo pou ou.

Reprezantan Deziyen

IRB-RPD nome yon Reprezantan Dezinye pou reprezante timoun minè oswa granmoun ki pa ka konprann pwosesis refijye a. Reprezantan Desinye a ede moun nan konprann sa k ap pase epi sipòte yo pou prezante pi bon ka posib. Reprezantan Deziyen a ka poze kesyon pandan odyans lan. IRB-RPD anjeneral chwazi yon paran kòm Reprezantan Dezinye lè demann azil timoun nan anrejistre ansanm ak demann azil paran yo.