Konprann Pòtal IRCC a
Si w deja andedan Kanada lè w kòmanse demann azil ou a, w ap soumèt demann azil ou a pandan w ap itilize yon sit entènèt ki rele Pòtal IRCC. Wap reponn kesyon epi w ap voye Fòm BOC ou ak dokiman yo atravè pòtal la. IRCC itilize enfòmasyon w soumèt yo pou deside si w kalifye pou fè yon demann azil. Konsèy Imigrasyon ak Refijye (IRB) ap resevwa kopi tout enfòmasyon sa yo si yo jwenn ou kalifye.
Prepare dokiman ou yo
Anvan ou sèvi ak pòtal la, sa yo se dokiman enpòtan ou dwe pare:
- Fòm demand bazik (BOC) konplè w la
- paspò ou oswa dokiman vwayaj ou
- Sèvi ak yon fòm Reprezantan (si w gen yon reprezantan)
Deklarasyon – Otorizasyon pou reprezantan soumèt demann azil atravè Pòtal IRCC (si reprezantan w ap fè demann lan pou ou)
Kreye kont Pòtal IRCC ou a
Depi w fin pare dokiman w yo, ou ka ale nan Pòtal IRCC pou kreye yon kont.
Kijan yo kòmanse
Suiv etap sa yo:
- Kreye yon kòd envitasyon pou w enskri pou yon kont.
- Anrejistre pou yon kont sou Pòtal IRCC a.
- Yon fwa ou fin antre nan kont ou an, klike sou “Kòmanse yon aplikasyon” epi chwazi “Fè yon demann azil”.
Ou fè yon sèl kont Pòtal IRCC pou ou menm ak manm fanmi w. Ou menm, konjwen w, ak timoun yo nou chak ap gen pwòp pwofil n nan pòtal la.
Sèvi ak Pòtal IRCC la pou fè demann ou a
Yon fwa ke kont ou a te etabli, ou dwe kòmanse reponn tout kesyon yo sou pòtal la.
Nan pòtal la, y ap poze w kesyon sou:
- reprezantan legal ou a
- enfòmasyon pèsonèl
- enfòmasyon kontak
- fanmi
- istorik vwayaj
- istorik adrès, enkli kote ou te deplase oswa kote ou te kache
- edikasyon, travay, ak lòt aktivite
- pwoblèm sekirite
- antesedan medikal
- detay sou demann ou an
Dokiman yo
Ou bezwen soumèt dokiman yo atravè Pòtal IRCC a. Gen kèk dokiman ki obligatwa, ak lòt yo ki opsyonèl.
Ou bezwen voye yo nan fòma PDF:
- Fòm BOC konplè w la
- Paspò ouw oswa dokiman vwayaj ou
- Itilizasyon yon fòm Reprezantan (si sa aplikab)
- Deklarasyon – Otorizasyon pou reprezantan soumèt demann azil atravè Pòtal IRCC la (si reprezantan w ap voye demann lan pou ou)
Ou kapab tou televèse lòt dokiman pou demann ou an nan moman sa a. Si w pa gen yon reprezantan legal, li se yon bon lide pou tann epi fè sa pita ak reprezantan ou. Eseye jwenn èd legal ak prèv ou yo. Ou gen jiska dis jou anvan odyans ou an pou voye prèv yo.
Konsèy pou itilize Pòtal IRCC a
- Jwenn yon avoka oswa yon lòt reprezantan legal pou ede w si w kapab.
- Repons ou yo dwe an anglè oswa fransè. Kontwole repons ou yo si w gen yon entèprèt. Mande yo pou yo li tout kesyon ak repons yo ba w nan lang ou.
- Pa devine oswa envante dat. Si w pa konnen jou egzak pou yon dat Jou/Mwa/Ane, ou ka mete premye jou mwa a. Ekri yon lèt pou eksplike ke w te fè sa.
- Ou ka voye yon lèt tou pou eksplike si w te gen pwoblèm pou w sèvi ak pòtal la epi si w pa t kapab ranpli kèk pati ladan l byen.
Soumèt demann ou an
Yon fwa ke w reponn tout kesyon yo epi televèse dokiman ou yo, ou ka soumèt demann ou a. Fè atansyon! Apre ou fin klike sou “Soumèt Aplikasyon,” ou pap ka chanje oswa ajoute enfòmasyon. Pa peze “Soumèt Aplikasyon” jiskaske ou tcheke si tout enfòmasyon ak fòm yo kòrèk epi yo konplè. Si sa posib, fè yon avoka oswa reprezantan legal ou voye je sou tout bagay.
Yon fwa w te soumèt demann ou an, IRCC ap voye yon imèl ba ou pou di yo resevwa li.
Apre ou fin soumèt demann ou an
Apre w fin voye demann ou an sou entènèt, IRCC ap revize l pou asire w li konplè.
Si li konplè, IRCC ap:
- Voye yon lèt akize resepsyon pou ou, k ap ede w jwenn sèvis ak pwogram yo.
Voye ba ou yon fòm Rapò Medikal ak enstriksyon pou w ka fè yon Egzamen Medikal Imigrasyon (IME).
- Voye yon lèt ba ou konsènan pwochen randevou w la.
Si demann ou a pa konplè, IRCC ap di w sa ki manke a.
IRCC ka voye lèt oswa avi sou aplikasyon w lan atravè kont pòtal ou a. Si sa rive, w ap resevwa yon imèl nan men IRCC ki di w tcheke kont ou. Asire w ke ou tcheke imel ou regilyèman, enkli katab spam ou a, pou w pa manke anyen de IRCC. Konekte sou kont ou a pou w wè dènye mizajou sou demann ou an.
