Aprè ou fin fè demann azil ou a, yon ofisye CBSA oswa IRCC ap poze w kèk kesyon pou deside si demann ou an kalifye pou voye bay IRB-RPD. Yo rele sa yon entèvyou kalifikasyon. Entèvyou sa a pa odyans pou demann azil la, men repons ou yo ka sèvi pita nan odyans ou an pou deside si y ap ba ou estati refijye.
Yo pral poze w kesyon tankou:
- Poukisa w te vin Kanada?
- Kiyès oswa kisa w pè nan peyi w?
- Kisa ka rive w si w tounen nan peyi w?
- Èske yo te janm arete oswa detni w? (pou nenpòt ki rezon)
- Èske w te fè yon demann azil nan yon lòt peyi?
- Nan ki peyi ou gen estati legal oswa sitwayènte?
- Ki jan w te vwayaje vin Kanada?
- Kiyès ki te ede w vin Kanada?
- Èske w gen fanmi Kanada?
Li enpòtan pou w onèt ak repons ou yo. Fè tout sa w kapab pou w asire w enfòmasyon w bay yo kòrèk. Mande si ou pa konprann yon bagay. Si w pa konnen yon dat egzak, di ofisye a sa epi sou fòm lan. Ou ka oblije eksplike repons ou yo nan odyans refijye w la.
Si w bezwen yon entèprèt pandan entèvyou elijiblite w la, mande ofisye IRCC oswa CBSA pou ba w youn. Li enpòtan pou w konprann tout sa ki di epi ou ka kominike aklè.
Entèvyou kalifikasyon ak CBSA nan yon pò antre
Si w fè deman azil ou a nan yon pò antre, CBSA gen responsabilite pou tcheke kalifikasyon w. Entèvyou elijiblite w la ka fèt touswit nan pò antre a.
Pafwa yo ka mande w pou w retounen pou yon entèvyou sou kalifikasyon w nan yon lòt jou. Si sa rive, CBSA ap ba w yon lèt akize resepsyon demann lan. Sa montre ou te kòmanse demann azil ou a. Li enpòtan anpil pou w retounen pou entèvyou kalifikasyon w lan nan dat yo mande w la!
Yon ofisye CBSA ka di w tou pou w ranpli aplikasyon w lan sou Pòtal IRCC anndan Kanada. Apre w fin soumèt aplikasyon w lan w ap resevwa enstriksyon pou w patisipe nan yon entèvyou kalifikasyon ak IRCC nan yon dat apre.
Nan entèvyou kalifikasyon ou an, si ofisye CBSA a deside demann ou an kalifye pou voye bay IRB-RPD, y ap ba w yon:
- Dokiman Demandè Pwoteksyon Refijye (RPCD). Sa a pwouve ki moun ou ye e ke ou se yon demandè azil. Avèk yon RPCD, ou ka jwenn sèvis medikal atravè Pwogram Sante Federal Pwovizwa ak lòt sèvis ak avantaj nan Kanada. Fòm sa a gen nimewo Idantifikatè Kliyan Inik (UCI) ou sou li.
- Konfimasyon lèt referans. Sa montre ke CBSA te voye dosye w la bay IRB-RPD pou l trete l. IRB-RPD ap ba w yon dat odyans yon fwa yo revize dosye w la.
- Fòm Rapò Medikal. Sa fè w konnen sou Egzamen Medikal Imigrasyon (IME) ou dwe fè nan pwochen 30 jou yo.
- Twous Demandè a. Sa a gen:
- kopi sètifye dokiman idantite w ak vwayaj ke CBSA te pran nan men w,
- yon Gid Demandè,
- kopi fòm ou ranpli yo (si genyen),
- enstriksyon pou w ranpli fòm aplikasyon yo si w pa t ranpli yo an pèsòn, epi
- enfòmasyon ki soti nan entèvyou w la. CBSA voye nòt sa yo tou bay IRB-RPD.
- Fòm Demann de Baz (BOC) (youn pou chak manm fanmi a). Ou dwe ranpli epi voye Fòm BOC ou a bay IRB nan 45 jou. (Fòm nan ka di 15 jou men sa pa vre ankò.)
- Lòd ekspilsyon. Yo bay tout moun k ap fè azil yo mezi sa a. Li aplike sèlman si yo refize demann ou an.
Entèvyou kalifikasyon ak IRCC andedan peyi a
Si ou fè demann azil ou anndan peyi a, ou soumèt fòm aplikasyon w yo ak BOC atravè Pòtal IRCC a. Apre sa, w ap resevwa yon dat pou entèvyou kalifikasyon w nan men IRCC.
Nan entèvyou kalifikasyon an, yon ofisye IRCC pral:
- Gade fòm aplikasyon w yo ak tout enfòmasyon ki nan Pòtal IRCC a epi poze w kesyon sou enfòmasyon w te bay yo.
- Tcheke non, dat, kote yo fèt, ak enfòmasyon kontak manm fanmi w.
- Poze kesyon pou w deside si w kapab fè yon demann.
Nan entèvyou elijibilite ou a, ofisye IRCC a ka deside demann ou a kalifye pou voye bay IRB-RPD. Aprè sa, ofisye a ap ba ou yon:
- Dokiman Demandè Pwoteksyon Refijye (RPCD). Sa a pwouve ki moun ou ye e ke ou se yon demandè azil. Avèk yon RPCD, ou ka jwenn sèvis medikal atravè Pwogram Sante Federal Pwovizwa ak lòt sèvis ak avantaj nan Kanada. Fòm sa a gen nimewo Idantifikatè Kliyan Inik (UCI) ou sou li.
- Konfimasyon lèt Referans. Sa montre ke IRCC te voye dosye w bay IRB-RPD pou swivi. IRB-RPD ap ba w yon dat odyans yon fwa yo revize dosye w la.
- Twous Demandè a. Sa a gen:
- kopi sètifye dokiman idantite ak vwayaj ke IRCC te pran nan men w,
- yon Gid Demandè,
- enfòmasyon ki soti nan entèvyou w la. IRCC voye nòt sa yo tou bay IRB-RPD.
- Lòd ekspilsyon. Yo bay tout moun k ap fè azil yo mezi sa a. Li aplike sèlman si yo refize demann ou an.
Ofisye IRCC a ap eksplike pwochen etap yo nan pwosesis aplikasyon an.
Apre yon entèvyou kalifikasyon ki gen siksè, w ap tann odyans sou aplikasyon azil la ak RPD IRB. Kòmanse reflechi sou ki prèv ou ka jwenn pou sipòte demann ou a.
Kiyès ki ka pa elijib pou fè voye demann azil yo bay IRB-RPD
Nan entèvyou kalifikasyon ou an, ofisye CBSA oswa IRCC a ka deside ke demann ou an pa kalifye pou voye bay IRB-RPD. Ou ka pa kalifye si:
- Ou se yon refijye Konvansyon nan yon lòt peyi kote ou ka ale.
- Ou te fè yon demann azil Etazini, Wayòm Ini, Ostrali, oswa Nouvel Zeland
- Kanada te deja di w ke w pa ka fè yon demann azil lakay li.
- Ou te fè yon demann azil Kanada ki te retire, abandone, oswa rejte.
- Yo te idantifye w kòm yon moun ki danjere oswa yon kriminèl, oubyen w te vyole lwa sou dwa moun.
- Yo te deja ba w estati Kanada kòm yon moun ki pwoteje.
- Ou resevwa yon lòd pou kite Kanada.
- Nan yon fwontyè terès Etazini ak Kanada, ou pa t kapab antre akòz Akò Twazyèm Peyi ki an Sekirite (STCA).
Si ou te fè demann ou a pandan oswa aprè 3 jen 2025:
Akòz pwojè lwa C-12, gen de rezon ankò ki ka fè yo pa voye demann azil ou a bay IRB-RPD a. Règ sa yo sèlman aplike pou demann ki fèt pandan oswa aprè 3 jen 2025.
- Ou fè yon demann aprè plis pase yon ane premye antre w Kanada (aprè 24 jen 2020), menm si ou te kite Kanada epi retounen ankò.
- Ou antre Kanada pa fwontyè ofisyèl yo epi ou te fè demann ou an apre 14 jou depi ke w te antre.
Sa vle di si ou te antre Kanada pou nenpòt ki kantite tan apre 24 jen 2020, epi ou pa t fè yon demann azil nan yon ane apre premye antre ou apre 24 jen 2020, yo ka pa voye demann azil ou a bay IRB-RPD. Olye de sa, ou ka gen aksè a yon lòt pwosesis ki rele PRRA. Ou ka toujou bezwen kòmanse yon demann azil pou w ka gen aksè a yon PRRA.
Gade si yo jwenn demann mwen an pa kalifye pou plis enfòmasyon
