Travay ak reprezantan legal ou a

Chwazi yon reprezantan legal trè zenpòtan. Aprann kijan reprezantan legal ou ta dwe travay ak ou, sa yo pa dwe fè, ak wòl ou. Dekouvri sa pou fè si ou panse reprezantan ou a pap fè yon bon travay.

Wòl pa an tan ke klyan

Menm si ou gen yon reprezantan legal, sa se demann PA W li ye. Wòl ou kòm kliyan se:

  • Bay reprezantan legal ou nenpòt prèv ak dokiman yo mande pou yo ak nenpòt nouvo enfòmasyon ou genyen. Pa voye anyen bay IRB-RPD san ou pa pale avèk yo an premye.
  • Pataje nenpòt nouvèl enpòtan sou peyi ou avèk yo.
  • Li ak reponn mesaj telefòn oswa imel yo.
  • Li dokiman oswa enfòmasyon yo ba ou.
  • Pataje avèk yo nenpòt dokiman oswa lèt ou resevwa soti nan IRCC, CBSA, oswa IRB-RPD.
  • Asire w yo konnen enfòmasyon kontak ou aktyèl ak kote yo ka kite mesaj pou ou.
  • Mande èd lè w bezwen
  • Pale sou nenpòt dezakò ou genyen.
  • Ou dwe onèt pou yo ka ede w nan pi bon fason.
  • Kenbe dokiman ou òganize epi pran nòt de nenpòt travay yo mande w fè
  • Rive alè pou nenpòt randevou ak odyans.

Pwochen seksyon gid lan: 3.3 Reprezante tèt ou