Nouvo lwa nan Kanada ka afekte kalifikasyon w pou fè demann azil, menm si w te deja soumèt aplikasyon ou an. Kèk enfòmasyon sou sit entènèt sa a pa ajou. N ap mete l ajou. Pale ak yon avoka oswa yon founisè sèvis etablisman ke w fè konfyans. Aprann Plis

Demann Azil ou a Apwouve

Si IRB-RPD aksepte demann azil ou a, ou se yon Refijye nan sans Konvansyon an oswa Yon moun pwoteje. Sa vle di ou menm (ak fanmi w ki andedan epi deyò kanada) ka aplike pou rezidans pèmanan. Si w ap viv Kebèk, w ap bezwen aplike pou yon Sètifika Seleksyon Kebèk tou.

Kisa mwen ka fè si Ministè a fè apèl?

Minis lan ka vle yon revizyon desizyon IRB-RPD a. Sa vle di Minis la ap fè apèl kont desizyon pozitif ou a. Pou l ka fè yon apèl, Minis la dwe montre ke IRB-RPD te fè erè nan desizyon sou demann azil ou a.

Si Minis lan fè apèl nan15 jou aprè desizyon IRB-RPD a, ou dwe mete aplikasyon pou rezidans pèmanan ou an sou poz.

Si Minis lan fè apèl desizyon an, y ap fè w konnen epi w ap gen chans pou w reponn. Lè w reponn, w ap bay rezon pou kisa ou pa dakò ak apèl Minis la.

Pou reponn aK apèl la, ou menm oswa reprezantan legal ou dwe:

  • Prepare yon Avi Entansyon pou Reponn.
  • Prepare yon Dosye Repondè ak rezon ki koz ou pa dakò ak nenpòt lòt dokiman sipò.
  • Voye yon kopi tou de dokiman sa yo bay Minis la ak biwo IRB-RAD nan rejyon ou pa Pòtay My Case. Si ou pa gen My Case, ou ka voye yo pa imèl oswa pa lapòs. Si ou gen yon reprezantan legal, yo ta dwe fè sa pou ou.
  • Bay IRB-RAD prèv ke ou te voye dokiman ou yo bay Minis la.

Apre ou fin reponn apèl la lè w voye dokiman ki nesesè yo, IRB-RAD ap jeneralman pran yon desizyon san yon odyans. Nan kèk ka, Minis la ka mande yon odyans.

IRB-RAD ap pran youn nan desizyon sa yo:

  • Konfime desizyon IRB-RPD a. Sa vle di desizyon pozitif ou a ap rete.
  • Pa dakò ak desizyon IRB-RPD a, epi ranplase li pa yon nouvo desizyon.
  • Refere ka ou bay IRB-RPD epi mande yon nouvo odyans.

Vwayaje deyò Kanada

Si w ap planifye vwayaje deyò Kanada apre ou devni yon refijye oswa yon moun pwoteje, ou dwe aplike pou yon Dokiman Vwayaj pou Refijye avèk IRCC. Si Minis la te fè apèl, pa kite Kanada.