Si w pa dakò ak desizyon negatif IRB-RPD a, ou kapab fè apèl kont desizyon an. Fè yon apèl pa sèlman yon dezyèm chans pou soumèt demann ou a. Si w fè apèl, w ap bezwen montre ke IRB-RPD te fè yon erè, oswa plizyè erè, nan desizyon yo.
Li lèt Avi sou Desizyon an avèk atansyon, li pral eksplike rezon ki fè ou te jwenn yon desizyon negatif. Ou kapab mande yon anrejistreman odyans ou an tou si ou vle koutel pou ede w prepare apèl ou.
Kondisyon pou w fè Apèl
Pifò demandè azil yo ka fè apèl (mande yon revizyon) nan IRB-RAD si IRB-RPD rejte demann yo a. IRB-RAD ap fè w konnen si w ka fè apèl.
Ou ka pa kapab fè apèl bay IRB-RAD si:
- Ou te retire oswa abandone demann azil ou a
- Desizyon negatif IRB-RPD ou a di ke demann ou a pa gen okenn baz kredib oswa demann ou a fo..
- Ou antre nan Kanada soti nan fwontyè tèrès avec Etazini atravè youn nan eksepsyon ki nan Akò Sou tyès Peyi Sekiritè.
- Ou se yon resòtisan etranje dezinye
- IRB-RPD retire pwoteksyon refijye w la apre yo te fin ba w li.
Si w pa gen dwa pou fè apèl nan IRB-RAD, ou ka depoze yon aplikasyon pou yon Demann Kontwòl Jidisyè nan Tribinal Federal Kanada pou revize demann ou a. Mande yon avoka ki etap ou ta dwe swiv.
Kòmanse Avi pou Apèl ou a
Pou w kòmanse Avi pou Apèl ou a, ou dwe
- Ranpli Fòm Avi pou Apèl ou a.
- Mete lis tout moun k ap fè apèl oswa fè yon Avi pou Apèl separe pou chak moun.
- Voye yon kopi Avi Apèl ou atravè pòtal My Case la. Si yo pa envite w nan My Case, ou ka voye Avi Apèl ou bay IRB-RAD pa imel.
Si w gen yon reprezantan legal, li ka ede w soumèt Avi pou Apèl ou a.
Apre ou fin voye fòm Avètisman Apèl la, w ap resevwa yon Lèt akize resepsyon. Lèt sa a ap di w dat ou dwe soumèt pwochen pati apèl ou a, ki rele Dosye aplan an. L ap di w tou biwo rejis IRB-RAD la ak enfòmasyon kontak kote w dwe voye li, epi li ap eksplike sa k ap pase apre sa.
Ranpli Dosye Aplan ou an.
Dosye Aplan an se yon pati enpòtan nan apèl ou a. Nan Dosye Aplan ou a, ou pral eksplike pou kisa ou pa dakò ak desizyon IRB-RPD a. Se chans ou pou w montre ki erè ou panse yo te fèt nan desizyon an.
Pou dosye Aplan ou a, ou dwe:
- Ranpli yon fòm Dosye Aplan.
- Swiv enstriksyon nan Gid Aplan an sou ki dokiman ak enfòmasyon ki dwe nan Dosye Aplan ou an.
- Voye dokiman sa yo nan lòd sila
- Yon dokiman ekri nan odyans IRB-RPD ou a, si ou vle itilize sa pou sipòte apèl ou a. Sa a pa obligatwa. Si ou vle mete yon dekiman ekri, ou menm oswa reprezantan legal ou ap oblije peye pou anrejistreman odyans ou te resevwa ak desizyon IRB-RPD ou a. Ou dwe voye yon deklarasyon ki di ke sa dokiman ekri a di a se lavirite, moun ki fè li a dwe siyen deklarasyon an.
- Nenpòt prèv ke IRBRPD-SPR pa t pèmèt pandan oswa apre odyans refijye ou a.
- Yon deklarasyon ekri ki di:
- Si w ap mete nouvo prèv ki pa t egziste oswa ki pa t disponib lè yo te rejte demann ou a.
- Ke w ap mande pou yon odyans fèt nan IRB-RAD, oubyen
- Si w ap bezwen yon entèprèt si yon odyans fikse.
- Nenpòt lòt dokiman ki sipòte apèl ou a.
- Nenpòt lwa, jirispridans, oswa lòt dokiman legal ki sipòte apèl ou a.
- Yon dokiman memorandòm ki dekri:
- Erè IRB-RPD te fè ke ou vle IRB-RAD revize.
- Ki kote pou jwenn erè sa yo nan dokiman IRB-RPD oswa nan anrejistreman oswa transkripsyon odyans lan.
- Desizyon w vle IRB-RAD pran.
- Revize Lis Apèl IRB-RAD an anvan ou voye Dosye Aplan ou a
- Soumèt Dosye Apèl ou a bay IRB-RAD atravè My Case.
- Si w pa genyen yon reprezantan legal epi yo pa t envite w pou itilize My Case, ou ka voye yon kopi PDF pa imèl nan biwo rejis IRB-RAD la
Si w pa kapab voye dokiman yo nan My Case oswa imèl, ou ka voye yo pa lapòs bay rejis IRB-RAD a. Asire w ke ou voye yo nan biwo ki kòrèk la. Si w pa sèten, tcheke adrès IRB-RAD sou lèt rekonesans apèl ou a.
Desizon IRB-RAD a
Lè Manm IRB-RAD pran yon desizyon sou apèl ou a, yo ka:
- Rejete apèl ou a
- Deside ba w pwoteksyon refije, oswa
- Voye demann ou tounen bay yon lòt Manm nan IRB-RPD pou yon nouvo odyans.
IRB-RAD ap voye desizyon yo ak rezon yo ba w pa lapòs. Y ap voye yon kopi desizyon an bay IRCC ak CBSA tou.
Si IRB-RAD apwouve apèl ou a
Si IRB-RAD deside apwouve apèl ou a, ou se yon moun pwoteje epi ou ka fè aplikasyon pou rezidans pèmanan.
Si IRB-RAD rejte apèl ou a
Si IRB-RAD rejte apèl ou a, ou ka aplike nan Tribinal Federal pou yon revizyon jidisyè pou desizyon IRB-RAD an. Si w pa depoze yon aplikasyon pou yon Revizyon Jidisyè nan Tribinal Federal nan 15 jou apre refi a, CBSA ka eseye depòte w sou teritwa kanadyen an. Si w fè aplikasyon pou Revizyon Jidisyè a tan, ou pap bezwen kite Kanada.
Ou ka gen dwa fè yon aplikasyon pou rete Kanada sou baz rezon imanitè ak konpasyon.
